6 Octobre, 2004

October 6 2004

6 Oktòb, 2004
Vol. 22 No. 30
Komemorasyon 13zyèm anivèsè koudeta 30 septanm 1991 lan

Nan okazyon 13 anivèsè koudeta 30 septanm 1991 lan, militan Lavalas konsidere marasa ak kidnaping 29 fevriye 2004 la, Selil Refleksyon òganizasyon popilè baz Fanmi Lavalas te òganize divès aktivite pou make dat sa a. Jedi 23 septanm lan, militan Lavalas yo te òganize yon gwo manifestasyon ki te reyini plizyè milye moun sou plas piblik Site Solèy la pou reklame jistis ak reparasyon pou viktim koudeta sanglan 30 septanm 91 lan. Manifestan yo denonse otorite defakto yo k ap prepare yon plan kriminèl pou elimine tout militan ak patizan Lavalas yo nan Site a; e yo denonse pèsekisyon politik, arestasyon abitrè, ensekirite, lavichè, chomaj k ap ravaje yo nan Site a. Plizyè jèn nan Site a mande responsab lasante yo relouvri lopital Sainte-Catherine lan ki se sèl sant sante ki genyen nan zôn nan.

Se nan sant sa a, plizyè militan Lavalas te pale sou plizyè bagay, men yo te mete yo dakò sou 2 prensipal revandikasyon yo: depa gouvènman defakto Alexandre/Latortue a e retou lòd konstitisyonèl la, ki se sèl mwayen ki pou rezoud pil ak pakèt pwoblèm moun Site Solèy ap konfwonte. John Joël mande òganizasyon dwa moun yo ak kominote entènasyonal la fè yon voye je san pèdi tan nan Site Soleil pou anpeche masak sa a ki an preparasyon ann. «Menm si nou pòv, nou pa genyen anyen, men nou genyen dwa pou nou viv, moun k ap viv nan pi gran bidonvil peyi a pa genyen lòt chwa ke rete mobilize pou rive fè echèk ak tout plan dyabolik e jwenn meyè kondisyon vi…Popilasyon Site Solèy pa janm sispann sibi pèsekisyon politik ak menas, yon lòt fòm masak ke gouvènman defakto Latortue-Boniface la, siklòn ki frape zòn septantriyonal la, siklòn lavichè, siklòn ensekirite, siklòn k ap disparèt militan Lavalas, siklòn arestasyon abitrè, siklòn bay lajan ak zòn pou kreye lagè nan mitan baz yo nan zòn popilè yo yon fason pou jistifiye plan masak gouvènman defakto a se marasa ak siklòn Jeanne plis siklòn natirèl ki frape depatman Sidès la. Selil refleksyon òganizasyon popilè baz Fanmi Lavalas Site Solèy di se twòp atò, nou rele anmwey, anmwey kont gouvènman defakto Latortue-Boniface, fòk lapè ak demokrasi tounen ann Ayiti.»

Manifestasyon militan Lavalas la te pase nan divès ri nan Site a, nan yon anbyans fratènèl, e li t al fini devan plas Site Solèy la san ensidan, malgre nou pa t remake okenn polis nasyonal la ki te prezan pandan tout pakou a.

Toujou nan kad mobilizasyon pou raple koudeta 30 septanm lan, Selil nasyonal òganizasyon popilè baz Fanmi Lavalas te bay yon konferans pou laprès mèkredi 22 septanm lan pou anonse kalandriye mobilizasyon popilè nan Pòtoprens ak nan 4 kwen peyi a pou 29, 30 septanm e 1ye oktòb 2004 la. Mèkredi 29 septanm, yo te fè chante yon mès aksyon gras, ekspozisyon foto ak tribin popilè. Jedi 30 septanm mach pasifik, 1er oktòb, mach pasifik. Plizyè milye te manifeste nan lari Pòtoprens jounen jedi 29-30 septanm lan. Militan Lavalas yo te mache nan divès ri nan kapital la pou yo mande retou san kondisyon prezidan Jean Bertrand Aristide nan peyi a. Men lè manifestasyon an te rive nan ri Dè Kazèn genyen yon gwo van tansyon koumanse, nan moman yon machin lapolis te entèveni epi tire anlè epi kraze manifestasyon ann.

Rodolph Pierre, yon militan Lavalas di yo p ap rete bra kwaze devan koudeta kriminèl sa a, kote militè yo te touye 3 a 5 mil moun pandan 3 zan, san konte konsekans politik e sosyal sou popilasyon an. «Tout moun sa k ap pase anndan peyi Dayiti jounen jodi a, ke l te rele katastwòf natirèl, ensekirite, kidnapin, lavi chè, chomaj, ekate pèp la nan lavi politik peyi a, ekzekizyon somè, koudeta, asasina, revokasyon abitrè an mas, esklavaj, vòl, vyòl, dezas ekolojik elatriye, se ti pèp la, klas pòv la se li ki toujou viktim de tout bagay sa a yo. N ap di pèp ayisyen nou pa ka rete endiferan devan zak sa a yo, tankou sa ke nou sibi deja, sa ki menase nou e sa yo ap prepare kont nou jounen jodi a.»

Gouvènman defakto Alexandre-Latortue a te voye lapolis al kraze manifestasyon avèk vyolans nan Pòtoprens 30 septanm 2004 la. Gérard Latortue konfime limenm menm ke lapolis te ouvè kout zam sou manifestan Lavalas yo ki t ap komemore 13zyèm anivèsè koudeta 30 septanm 91 lan nan yon manifestasyon pasifik nan kapital la. Li fè konnen: «Mesye Lavalas yo te mande otorizasyon, nou ba yo l, pou yo fè yon mach trankil, yo pa fè l trankil, yo bezwen fè dezòd, Leta tou ka reponn pa lafòs e nou deside n ap arete tout manifestasyon yo... Yo pa defye l, non ebyen yo pa defye l non yo eseye, men nou reponn yo tou, gen ladan yo k ap kouri kounye a tou e n ap jwenn yo kanmenm, ou ka wè efektif devan palè a tout tank yo ki kanpe la a… Ebyen wi se sa nou tire dèyè yo tou wi, yo kouri, genyen ki tonbe tou wi». Latortue gen dwa jwenn tank pou li masakre pèp la, men li pa kapab jwenn yon elikotè pou li ale Gonayiv, tankou li t ap di l la!

Pandan manifestasyon an, non sèlman te genyen lapolis ki t ap tire sou manifestan yo, te genyen bandi ame ki te enfiltre e tire sou lapolis e touye 3 polisye e blese plizyè lòt. Se te yon konplo byen monte ant otorite defakto yo ak bandi yo pou yo te ka jwenn yon pretèks pou kraze manifestasyon pasifik militan Lavalas yo. Minis Jistis defakto a Bernard Gousse, konfime genyen 3 polisye ki mouri nan afwontman ak bandi ame li yo.