Plafòm demokratik Nò ap mande kont!
Samdi 21 out la, Platfòm demokratik Nò a, ki te fè ansyen pati ansyen opozisyon an, te òganize yon sitin devan delegasyon depatman Nò a pou mande gouvènman defakto li a pou nonmen lòt konsèy administrasyon seksyon kominal yo, pou minis Edikasyon nasyonal la fikse frè antre lekòl piblik yo, yon fason pou evite tout koripsyon bò kote sèten direktè ki konsidere lekòl yo kòm byen prive yo e yo fè elèv yo peye plis lajan pase sa Leta sipoze mande: …«Nou mande minis Edikasyon nasyonal la pran desizyon pou fikse pri lekòl yo. Lòske nou konnen lekòl nasyonal yo se 50 goud yo ye, lise yo se 60 goud jodi a yo pa gen pri, yo 750, yo 850 pa gen anyen ki fèt.»
GREH kòmanse nan tèt!
Dimanch 22 out 2004 lan, Gwoup refleksyon sou Ayiti (GREH), ansyen kolonèl Himler Rébu ap dirije transfòme an pati politik ki pote non: Gran rasanbleman pou evolisyon Ayiti. Seremoni sa a te fèt nan lokal CEPEM ki chita nan Delmas 33, ak prezans Premye minis de fakto Gérard Latortue, plizyè politisyen ak manm sosyete sivil la. Prezidan GREH la fè konnen fòmasyon li ap dirije a vle fè politik la yon lòt fason, li mande pou eleksyon lane pwochèn fèt de fason lib e onèt nan peyi a. Li di l ap tann piblikasyon lwa elektoral ki pral di kouman eleksyon yo pral fèt, lè sa a GREH pral analize sitiyasyon an e pran dispozisyon ki nesesè.
Himler Rébu te di: «Mwen swete nan tèt yon pati politik k ap òganize peyi a nan baz, konstriksyon yon kay pa kòmanse nan tèt li, men se ak fondasyon li kòmanse».
Pechè Lagonav yo an danje
Pechè ki mete tèt yo ansanm nan komin Ansagalè nan il Lagonav lanse yon apèl bay responsab direksyon pèch nan ministè Lagrikilti, sekretè deta anviwonnman ak asosiyasyon nasyonal pechè ayisyen yo pou yo pran dispozisyon pou mete kontwòl nan movè fason yon seri pechè ki sòti lòt kote nan peyi a, vin fè la pèch nan Lagonav. Anviwonnman an fin degrade, yo vle detwi tout espès ki genyen nan lanmè a, genyen lòt moun k ap koupe pye bwa pou fè chabon, pou konstwi kay. Lè pechè leve kanpe kont sistèm sa a, genyen moun ki fè menas sou yo ak zam, e pwomèt pou touye yo. Yon pechè te di: «Li vle antre nan lanmè a, se yon ti gwoup moun, lè yo vini Lagonav nou pa gen fon, se yon lizyè dlo ke nou genyen. Lè yo prale, pechè nas yo ak pechè liy sètoblije rale yo mete yo deyò lakay yo, yo pa ka fè anyen. Okenn fasilite pou yo ede fanmi yo, sa rive nan zòn Lasous, lè nou pale moun sa yo vle fè gwo aksyon sou nou.» Pechè yo mande Leta ayisyen pou l pran responsabilite l, pou l voye yon delegasyon vin wè sa pechè ap pase, yon fason pou evite yon gwo konfli.
Pon wout Nò yo ap kraze
Plizyè pon ki relye diferant komin nan depatman Nò a e ki genyen plizyè dizèn lane depi yo te konstwi, reprezante yon gwo danje pou lavi plizyè milye pasaje k ap frekante wout sa yo nan machin chak jou. Pami pon sa yo nou jwenn pon Lini ki relye komin Dondon ak Senrafayèl, pon Bwa de Chèn ki sitiye sou wout nasyonal nimewo 1 an. Moun k ap sòti nan yon komin pou ale nan yon lòt genyen anpil difikilte pou travèse pon sa yo. Abitan k ap viv nan lokalite sa a yo lanse yon apèl bay otorite yo, gouvènman defakto a, pou mande yo fè yon entèvansyon rapid pou evite yon katastwòf.
MOFAVAH mande liberasyon tout prizonye politik
Patizan Fanmi Lavalas ak Fanm MOFAVAH te òganize yon sitin, madi 24 out la, devan tribinal premye enstans Pòtoprens lan, pou mande liberasyon tout prizonye politik rejim Latortue an fèmen nan prizon. Manifestan yo ki te plis pase yon santèn, te kritike movèz fwa otorite defakto yo k ap pèsekite advèsè politik yo pandan y ap chèche libere yon seri kriminèl ki trè danjere pou sosyete a. Patisipan yo di y ap fè tout sa yo kapab pou rejim defakto a satisfè revandikasyon yo ki se liberasyon tout manm Fanmi Lavalas ki fèmen nan prizon de fason enjis. Pòtpawòl militan Lavalas yo Claudy Sidney fè konnen manifestasyon yo se yon okazyon pou ekzije retou fizik prezidan Jean Bertrand Aristide ki mache ansanm ak liberasyon peyi a.
Militan Fanmi Lavalas yo mande retou prezidan Aristide
Vandredi 20 out la, Selil nasyonal refleksyon òganizasyon popilè baz militan Fanmi Lavalas te òganize yon sitin devan lokal anbasad Etazini ann pou mande retou fizik e san kondisyon prezidan Jean Bertrand Aristide ak liberasyon tout militan Lavalas ki fèmen nan prizon. Jean Marie Samdi ak Claudy Sidney ki te nan tèt mouvman an te tou pwofite anonse yon seri mobilizasyon nan jou k ap vini la yo pou fòse kominote entènasyonal la satisfè revandikasyon yo. Apati 1e septanm k ap vini la, y ap deklanche yon mouvman pasifik k ap genyen ladan l: sitin, konferans, manifestasyon, grèv, bat tenèb, dezobeyisans sivil elatriye.