Ministè Sante piblik ak popilasyon te fè sòti yon avi madi 10 out 2004 la pou l enfòme piblik la sou 3 fakilte medsin otorite sanitè yo otorize fonksyone nan peyi a: fakilte medsin Inivèsite Leta Ayiti, fakilte Inivèsite medsin Notre-Dame d’Haïti ak fakilte medsin Inivèsite Kiskeya. Ministè a mande tout lòt enstitisyon oubyen lekòl medsin yo pou yo kanpe san delè tout aktivite enskripsyon pou yon lòt pwomosyon.
Pou etidyan ki te pase 6 lane ap etidye nan fakilte medsin inivèsite Limyè, ministè a mande yo pou yo voye relve nòt estaj yo ba li, pou l analize yo, e si sa nesesè pou l konplete estaj etidyan yo, si nòt yo korèk, ministè a ap òganize yon ekzamen ofisyèl pou etidyan yo, e pou fini etidyan ki pase an ekzamen an pral fè estaj nan youn nan lopital nan peyi a. Minis Sante piblik la, Josette Bijou te di konsa: «Pou medsen sa mande anpil ekzijans, premyèman pou medsen an, nou dwe veye pou n pwoteje sa nou genyen nan peyi a, kòm rekonesans diplòm ak lisans nou yo toupatou dan lemonn.»
Desizyon ministè a pran pou kontwole etidyan fakilte medsin inivèsite Limyè a leve tout plim sou do etidyan yo. Mèkredi 11 out la, etidyan yo te pran lari pou yo fòse ministè Sante piblik bay yo lisans pou yo ka fonksyone kòm sadwa. Aprè yon manifestasyon ki te genyen plizyè dizèn etidyan ki fini nan fakilte sa a, yo te rive pran lokal ministè a ann otaj, yo di yo pa p kite ministè a toutotan revandikasyon yo pa satisfè.
Nalien Raymond, yon etidyan te pote kèk presizyon: «Aktyèlman, sitiyasyon an li vrèman chofe onivo ministè Sante piblik, paske nou finn avèk pakou a, nou te sòt nan primati, nou pase devan palè nasyonal, aprè sa nou rantre anba galri ministè Sante, donk nou la anba galri Sante piblik jiskaske nou jwenn lisans nou an paske kote n ye a la fòk gen yon bagay serye ki di ou ki fèt anvan n deplase… Kote nou ye la a nou pap kraze, nou pap brize, men pa gen anyen k ap fè nou sòti la a.»
Etidyan yo te rantre nan ministè a mèkredi 11 out la, a 2zè nan aprèmidi, yo te pase tout nuit la nan lokal ministè a, yo koupe kouran, yo fèmen tou 2 bariyè antre ministè a avèk chenn pa yo. Donk etidyan yo te deside rete nan ministè a pou fòse minis Josette Bijou satisfè revandikasyon yo ki se lisans pou fonksyone.
Bò kote pa l, responsab akademik inivèsite Limyè a, Séide Mathieu di li etone devan desizyon ministè Sante piblik la pran pou l pa bay enstitisyon an lisans de fonksyonman l. Li di li bay ministè a tout pyès li te mande pou l ka rekonèt inivèsite a. Séide Mathieu te di: «Desizyon ministè a pran pou l pa rekonèt inivèsite a se yon mezi ki enjis e abitrè», e li fè konnen inivèsite a ki la depi plis pase 10 lane, ranpli tout kondisyon pou l jwenn lisans li.
Jedi 12 out la, lapolis te debake nan ministè a pou vinn mete etidyan yo deyò. Yo frape etidyan yo e genyen ki gen janm yo ak bra yo kase e se yo lopital yo te abouti pou al swen. Pòtpawol etidyan yo Nalien Raymond te rapóte: «Nou anndan Sante piblik kòm ou konnen depi yè swa, nou fè tout jounen sa jodi a ankò nou te dòdi anba. Briskeman gen yon ekip moun Bijou rele avèk moun gouvènman li yo, epi sa w tande a nèg antre se masak yo vinn fè. Depi deyò lapolis kòmanse simen kout baton, pouse etidyan, rale rad, bay kout kòs fizi, fè yon bagay jiskaske kounye a la se pa dèyè nou rantre anba galri a kote nou te ye depi yèswa la, ebyen se la kounye a, la yomenm yo pete pa anndan pòt devan ki te fèmen, nèg yo anvayi devan nou, se sa nèg yo bliye yo pa fè nou.»
Donk etidyan yo di, batay yo a se yon batay ki jis, y ap kontinye demach yo, y ap òganize yo ak lòt etidyan ki vle vinn pote kole ak yo. Etidyan yo di yo genyen pou yo reyini ant yo pou yo sòti ak lòt estrateji pou kontinye batay la.