Tankou nou t ap fè repòtay la an franse semenn pase a, Sekretè jeneral Pati Popilè Nasyonal la (PPN) te fè yon kout pye nan Kanada kote Comité des Haïtiens de l’Outaouais pour la Reconstruction d’Haïti (CHORHA) nan Ottawa et Konbit Verite nan Montréal te envite li ant 24 ak 26 jiyè pase a.
Konsa samdi 24 jiyè li te rankontre manm kominote a nan rejyon yo rele Outawè a e ki konprann kapital Kanada ki se Ottawa ansanm ak lòt minisipalite ki regwoupe sou non Gatino. Jou sa a se te yon bèl sware patriyotik ke CHORHA te òganize pou sa nan Inivèsite Saint-Paul nan Ottawa. Sware a te koumanse ak pwojeksyon fim-dokimantè ki montre 2 kokenn chenn manifestasyon PPN te òganize nan Pòtoprens nan dat 27 mas ak 30 septanm 2003. Apre sa Benjamin Dupuy te pran la pawòl kote li te prezante yon analiz etap ki te abouti a koudeta/kidnaping 29 février 2004 la.
Nan landmen dimanch 25 jiyè a Sekretè Jeneral PPN lan te desann Monreyal e san pèdi tan li te gen randevou nan estasyon radio CFMB kote animatè emisyon «Piti Kay» yo t ap tann li anpil. Li te fè yon ti rale, reponn kèk kestyon epi li te envite kominote nan Monreyal la pou rankont lan ki te pou fèt pita nan apremidi a 6 zè kote Konbit Verite nan Centre Barthélemy te òganize sa kòmilfo.
Lè lè a te rive, gwo sal sant lan te ranpli rabò paske nan Dizyèm lan Ayisyen pa abandone konba pou souvrènte peyi yo, e y ap travay pou chache yon altènativ ki pou pèmèt nou pi pare kont sabotay enperyalis la ap fè a chak fwa avèk koudeta. Yo te pase fim manif PPN yo ankò e sa te trè enpresyone plis pase 400 moun ki te nan sal la pou yo wè mobilizasyon peyizan yo ki rasanble pa milye nan PPN pou vin fè tande revandikasyon yo, denonse enperialis yo ki mete men yo sou peyi a ak enpozisyon mezi neyoliberal yo ki ap frape dabò peyizan defavorize yo ki ap kiltive latè pou yo bay fanmi yo manje. Mezi neyoliberal sa yo soti pou oblije yo desann al konble nan bidonvil pou sèvi kòm bourik nan faktori lavil, kote depi yo pa bezwen yo, yo voye yo jete, epi yo pran yon lòt kolonn moun vin bourike nan endistri soutretans pou granmesi.
Ansuit te gen ti aktivite kiltirèl kote anpil bèl powèm patriyotik te resite, tankou Nounous ki toujou ap di pawòl verite cho nan jounal Ayiti Pwogrè nan powèm li yo e ki pa yon powèt blogodo ki ap repete radòt. Li konnen trè byen limenm ke pwèt la se osèvis ijans peyi li li ye…
Lè fini Benjamin Dupuy te pran lapawòl. E nou ap pwofite prezante kèk pati nan prezantasyon li a.
Konsa li te fè yon ti rale sou istorik fòmasyon PPN (Pati Popilè Nasyonal) ki te rele anvan APN (Asanble popilè Nasyonal), e li te di: «PPN, Se nan lakou St Jean Bosco ke nou te fè premye kongrè nou e fonde APN. Depi lè a nou travay nan pèp la e sitou nan payizànri an paske nou panse ke peyizànri an se baz peyi d Ayiti. Nou konnen ke pandan 200 zan yo trete peyizan ke yo se moun andeyò. Nou konnen sou batistè moun ki fèt andeyò, li make an gwo lèt: PEYZAN. Sesi depi ke moun ki te fè konplo pou fè koudeta sou Dessalines yo te vin konfiske dwa jiska 1986. E yo t aksepte peye Lafrans, pisans kolonyal, ki pase prèd 3 syèk ap eksplwate resous peyi d Ayiti lò yo fin ekstèmine premye abitan nan fouye cheche lò. Apre ke yo fin fè moun soti ann Afrik vin bourike gratis pou yo. Men moun ki te fè koudeta kont Dessalines nan, li te kraze kontra ki te fèt 18 me ki te bann drapo nasyonal nou an paske yo te soti pou te fè dappiyan sou sèl richès ki te rete nan peyi a, se tè. E Dessalines di : nou te goumen donk fók nou tout jwenn ti moso nan tè a. Nèg yo di msye pa konprann anyen, yo fè konplo e yo asasinen li epi nou vin gen klas grandon; ki jouk jounen jodi ap eksplwate peyizànri an. E lè kounye a yo ratibwaze agrikilti nou sou Jean Claude Duvalier nan afè èd entènasyonal alòske se manje pèpè y ap voye pou kraze pwodiksyon nasyonal la tankou diri Latibonit lan elt. Yo fè konplo entènasyonal pou pri kafe a bese ratè. Yo oblije peyizànri an desann lavil vin wè kote lari fè kwen. L al chita nan Site Solèy, Site etènel, lakou Breya epi yo rele moun yo chimè. Lòt yo se moun andeyò… Se konsa yo trete pèp la pou yo kapab toupizi li pi byen…»
Lè fini Ben Dupuy te fè yon lòt rale sou sikonstans koudeta 29 fevriye a, e li te eksplike an koumansan premye koudeta an 1991 kont prezidan Aristid la:
«…Donk 7 mwa apre yo fè koudeta. Men yo vin nan yon kontradiksyon paske yo di men demokrasi! Yo blije fè koudeta. Yo mele, yo gen yon siga limen nan 2 bout. Donk yo di enben bon sa n ap fè, nou pral mete Titid lekòl, nou pral eksplike l sa neyoliberal ye, kijan pou l ouvè vant peyi a, pou l ka vin ak tout kalite pèpè, djanni, epi tout bagay ap regle epi nou pral di lemonn antye se nou ki enstore lademokrasi ann Ayiti.
… Se la ke PPN te gen dezakò ak Titid paske nou te di m sye… si ou mande blan mete w; l ap mete w men li ka wete w. Donk, e sa fè m sonje plizyè fwa mwen kontre ak Titid, lè m antre nan palè a, mwen wè msye gen 2 pòtre. Toussaint ak Dessalines. M di msye ke mwen konnen ou renmen Toussaint. Li se yon gran jeni yon grand homme; Toussaint se yon jeneral lame franse li te ye oui... li t ap ekri Napoleon. 1er des Noirs au 1er des Blancs, men Napoleon pat pran nan priyè sa a, li voye 40.000 sòlda al retabli esklavaj, li di li pap akspete yon ti nèg vin gouvène... Toussaint te fè blan tounen nan peyi a, blan esklavajis ki te kouri apre revòlt 1791 kote Boukman te mande anraje... Ansyen esklav paka konprann. moun ki t ap bayo kout raso nan do yo... Epi gen yon soulèvman ki fèt nan Nò, epi peyizan yo rele viv jeneral Moïse. Ki moun li te ye? Neve Toussaint. Men li te toujou nan eskonbrit ak Toussaint. Li di msye ou paka fè blan tounen. Toussaint di l men non se sèl jan pou devlope peyi a, nou paka kite Lafrans. Mwen di Titid, ou wè 2 nèg sa yo. Si Dessalines te di Toussaint: monchè ou konn sa k genyen, n ap fini ak afè 1er des Noirs au 1er des Blancs sa a. N ap fout fizi sou nèg yo, n ap fout yo deyò epi nou pran endepandans. Ou konn sa k t ap rive Dessalines? Titid di m ke Toussaint t ap fizye Dessalines menm, epi Titid di m: Moise! Donk li konn istwa l byen.
Men ironikman Titid kwè nan diplomasi rale mennen vini. Mwen di li: “…Sa fè 3 zan Ayiti Progrè ap di nèg yo lòtòó fwontyè a, y ap fè konplo, tout ansyen jandam se yon sèl zouti yo konn manyen. M di fò nou pare, fo n prepare pèp la wi. Nou paka kite pèp la 2 bra balanse....pou vagabon vin fè 2 pwen sou yo. Donk se klè ke vagabon t ap prepare. E kòm tout konsèy, tout leson yo te bay Titid nan Washington, msye pa t vle trayi pèp lan. Menm lè l ap fè diplomasi men li pa vle trayi mas pèp la ki kwè nan li ki se espwa yo. Donk finalman nou konn istwa yo pran Titid menm jan yo pran Toussaint...Donk nou rive nan yon konjonkti la a, fò nou sonje lè yo kidnape Toussaint se lè sa a batay la koumanse. Se lè sa a Pèp ayisyen vin endepandan. Afè dezespwa a se bliye sa» (bravo).....