28 jiyè 1915 - 28 jiyè 2004 fè egzakteman 89 lane depi blan meriken te tabli premye okipasyon l sou tè Desalin lan avèk konplisite restavèk machann peyi yo, sektè feyodal la, boujwazi ak legliz. Meriken te pote ale lajan, rezèv lò, ak kantite resous. Pou komemore dat sa a kote plis pase 500 mil konpatriyòt te pran refij yo nan peyi Kiba ak nan batèy peyi Dominikani san konte masak ke fòs okipasyon meriken an te fè sou plizyè konbatan tankou Charlemagne Péralte, Benoit Batraville ki te deside goumen pou fini avèk okipasyon, ke Selil refleksyon baz Fanmi Lavalas te òganize yon gwo manifestasyon, nan Pòtoprens avèk patisipasyon plizyè milye militan ak patizan pati a, jounen 28 jiyè 2004 la. Mobilizasyon an ki antre nan kad leve kanpe san pran souf ke baz Pati a te lanse depi apre kidnapin ki te fèt sou prezidan Jean Bertrand Aristide nan dat 29 fevriye 2004 la pa reprezantan peyi Etazini ak Lafrans la te demare devan legliz Pèpetyèl sou Bèlè avèk yon seremoni ki raple gwo womble ke Boukman te òganize nan Bwa Kayiman an 1789. 28 jiyè 2004 la yon militan Lavalas te fè lekti yon sèman ki montre angajman ak kwayans yo nan mouvman Lavalas, respè drapo ayisyen an ak fidelite yo nan prezidan konstitisyonèl la Jean-Bertrand Aristide. Manifestan yo ki te plizyè milye te pote mayo ak foto prezidan Jean Bertrand Aristide ak ti drapo ble e wouj, pase nan diferan katye popilè Pòtoprens tankou ri St Maten, ri Tirmas, Delmas 2 pou debouche nan Kafou aewopò ak Boulva Harry Trumann. Rive devan anbasad Etazini manifestan yo te boule plizyè ti sèkèy nwa ki te gen nom anbasadè nòameriken an James B. Foley ke yo kalifye de kidnapè, Alexandre Boniface prezidan defakto, Gerard Latortue, Berna Gousse Premye minis epi minis defakto Lajistis. Yo pat bliye jete nan poubèl listwa kòm trèt ki trayi mouvman Lavalas pou yo al antann yo avèk klas dominant restavèk la. Touswit aprè foul la te reprann manifestasyon an epi dirije yo sou wout penitansye nasyonal pou t al mande liberasyon plizyè militan ak dirijan pati a tankou Yvon Neptune, Jocelerme Privert, Amanus Mayette, Annette Auguste, alyas Sò An, Yvon Zap Zap, Tipay elat. k gouvènman defakto a, ann konplisite avèk «Gwoup 184» sosyete sivil, anbasad peyi Etazini ak pati politik Platfòm demokratik la fèmen nan prizon depi plis pase 4 mwa.
Malgre foul la pat kapab rive devan prizon an akòz gwo dispositif militè Brezilyen ak polisye APENA yo ki te antoure tout perimèt penitansye nasyonal, manifestan yo te lanse gwo eslogan kont okipasyon peyi a. Yo denonse tou prezans Josepha Gauthier nan swadizan KEP blan meriken fabrike a yo di ki ta yon dilè dwòg. Yo egzije retou fizik prezidan Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa ke pèp la te ba li. Manifestasyon an te retounen devan legliz Pèpetyèl la sou Bèlè san gran ensidan. Òganizatè yo anonse yon sitin devan anbasad ameriken chak vandredi pou fè anbasadè James B. Foley konprann ke pèp ayisyen p ap janm aksepte kidnapin li a an.