28 Juillet, 2004

July 28, 2004

28 Jiyé, 2004
Vol. 22 No. 20
Yon gwo festival fim nan Jakmèl

Plizyè santèn jakmelyen patisipe nan lansman yon festival samdi 17 jiyè 2004 la. Patrick Nerbal Boucard, ki se yonn nan prensipal óganizatè evenman kiltirèl sa a te louvri ofisyèlman festival la, apre James Germain te fin chante Im nasyonal la. Patrick Boucard te pote plis presizyon sou seleksyon 80 fim yo nan premye festival fim sa a nan vil Jakmèl ki koresponn avèk ane bisantnè endepandans peyi Dayiti. Tankou jan sa te prevwa, pwogram lan te kòmanse pou premye jou a avèk yon konsè atis Manno Charlemagne te òganize sou Gran Ri Jakmèl la nan zòn Avni Baranquilla. Patrick Boucard te pale sou rezon ki fè pwogram lan reyalize ann Ayiti ane sa a ki daprè li se paske Ayiti ap komemore 200 zan depi li pran endepandans li. Li te kontinye pou di inisyativ la sòti tou bòkote Sant D’A Jakmèl la. Pou dezyèm jou a vè 4trè apremidi, te genyen yon konferans pou laprès nan Sant D’A Jakmèl la pou prezante divès reyalizatè ki te prezan. Menm aswè a vè 7tè, pwojeksyon fim yo te kòmanse avèk fim ki gen pou tit «L’évangile du cochon créole» ki se fim de Michelange Quay, avèk Royal Bonbon ki mete an vedèt Charles Najman. Pou klotire sware a, gwoup Jahnesta te kreye anpil animasyon nan mitan popilasyon an ki te manifeste anpil enterè pou evènman kiltirèl la. Twazyèm jou a, responsab yo te pwojte plizyè fim ki te enterese tout piblik Jakmèl la ak lòt moun kite fè deplasman pou vin patisipe nan festival la. Pami fim sa yo nou ta site «Sen perele» yon fim ki baze sou peyi Kiba eki retrase diferan aspè revolisyon kibèn lan. «Canne Amère», «Haiti: Killing the Dream». Kanta pou «Canne Amère» se yon fim ki prezante yon tablo tipikman ayisyen, ki mete toutouni fas kache klas dominant ayisyèn lan nan magouy yo toujou ap fè pou kenbe sistèm peze souse a sou do mas pèp la depi 1804 pou rive jounen jodi a. Malgre se yon fim ki genyen anviwon 19 lane li toujou parèt aktyèl.

Apre se te pwojeksyon: Killing the Dream ke Katharine Kean reyalize. Se yon lòt dokimantè ki montre diferan atrosite ak represyon sistematik fòs fè nwa yo, ak tout lame Dayiti te enstore nan peyi a pandan 3 lane koudeta Raoul Cédras la, atitid tonton makout yo nan teworize pèp la avèk konplisite gouvènman meriken. Te gen fim fiksyon reyalizatè ayisyen yo tankou «I love Anne», «La peur d’aimer» ak lòt fim ayisyen e etranje, ki pandan tout rès semèn lan pwogram festival fim lan te kontinye pase nan plizyè kote nan vil la tankou: Alyans Fransèz, Sant D’A, Skakay.

Se konsa festival fim lan ta pran fen jou dimanch 18 jiyè a avèk yon fim ki rele «La fin des chimères». Men anvan sa jounal Ayiti Pwogrè te rankontre yon lòt inisyatè festival la kise David Bell ki te retrase pou nou istorik festival fim ke li menm tou se yon sineyas ki fè konnen ke li vwayaje prèske nan lemonn antye avèk fim pa li. Li twouve Jakmèl gen karaktè touristik e non sèlman sa, se Jakmèl prèske tout gwo evènman kiltirèl yo dewoule. Se sa k fè se Jakmèl yo chwazi pou kòmanse ak pwogram sa a, yon fason pou bay popilasyon an aksè pou yo wè tout sa kite fèt sou peyi a, bagay ki pa pwojte nan peyi Dayiti men pito nan peyi etranje. Li remèsye tout reyalizatè, tout medya yo tankou Ayiti Pwogrè ki te pèmèt pwogram lan reyisi.