Aprè yon mès aksyon gras ki te chante nan legliz Saint Joseph la, nan okazyon 51nièm anivèsè nesans prezidan Aristide, plizyè milye manm, patizan ak senpatizan Lavalas reponn prezan nan yon gwo manifestasyon nan lari Pòtoprens jou mèkredi 5 jiyè 2004 la, pou mande retou prezidan Aristide san kondisyon ak liberasyon plizyè diyitè ak manm pati Fanmi Lavalas ke gouvènman defakto Alexandre/Latortue a fèmen nan prizon nan tout peyi a. Pami yo gen Annette Auguste alyas Sò An, minis Enteryè a Jocelerme Privert ak Premye minis Yvon Neptune ki nan move kondisyon nan penitansye nasyonal. Epi mete fen nan represyon k ap fèt sou pèp la atravè plizyè eslogan kont gouvènman George W. Bush ak Jacques Chirac la ki se 2 pisans enperyalis ki te konplote pou chavire eksperyans demokratik pèp ayisyen an.
Nan tout pakou manifestasyon an, patisipan yo montre atachman yo anvè prezidan Aristide, prezidan konstitisyonèl peyi Dayiti: «Viv Aristide», «Pa ka gen eleksyon san prezidan Aristide», «Aristide ou lanmò».
Yo te denonse tou revokasyon gwo ponyèt ke gouvènman defakto a fè nan tout administrasyon piblik la. Yon gwoup fanm te pote nan manifestasyon an kiyè, asyèt, chodyè pou montre kòman mas pèp la ap mouri grangou, avèk lavi chè k ap ravaje peyi a. Lavèy manifestasyon 15 jiyè a, nan dat 14 jiyè, militan Lavalas yo te fè yon sitin devan anbasad Lafrans kote Claudy Sidney denonse politik gouvènman fransè a ki kontinye ap soutni otorite defakto yo. Bò kote pa l Lesly Fadeau atire atansyon kominote entènasyonal la sou vyolasyon dwa moun k ap fèt ann Ayiti depi enstalasyon teknokrat yo sou pouvwa a. Yo fè konnen sèvitè fòs okipasyon an pa gen agiman pou kenbe ansyen Yvon Neptune nan prizon. E yo mande arestasyon minis Jistis defakto a Bernard Gousse ak tout akolit li yo tankouAndré Apaid, kòdonatè Gwoup 184 la, Guy Philippe ak ansyen senatè Dany Toussaint yo di ki te distribiye zam bay ansyen militè yo pou te ranvèse prezidan konstitisyonèl la. Se menm sitiyasyon an nan vil Okap kote plizyè santèn patizan prezidan Jean Bertrand Aristide te pran lari 11 jiyè a pou mande retou prezidan an aprè ansyen militè Fòs lame Dayiti te arete yon jèn gason ki rele Benson poutèt li mete yon mayo ki genyen foto prezidan Aristide sou li. Popilasyon zòn sa a te leve kanpe fè barikad, boule kawoutchou epi fòse ansyen militè yo libere Benson. Yo te bay lòt randevou nan dat 13-14 Out la pou yon lòt manifestasyon nan depatman Nò a.
Mobilizasyon pèp la ap pran yon lòt vitès nan diferan zòn nan peyi a, pou bay sèvitè ak tout fòs okipasyon an yon bwa long kenbe. Pèp la bouke sibi, li bouke bay jou gòch li lè yo fin kalote jou dwat li!