14 Juillet, 2004

July 14, 2004

14 Jiyé, 2004
Vol. 22 No. 18

Dosye asasina Brignol Lindor
Kolektif 2004, yon swadizan òganizasyon nan vil TiGwav mande pou otorite jidisyè yo arete otè ak komanditè asasina jounalis Radyo «Eko 2000» lan Brignol Lindor, nan ane 2002 nan vil Tigwav. Yo reklame arestasyon Emmanuel Antoine yo di ki se yon pwòch ansyen minis Enteryè a Jocelerme Privert.

Minustah ap enstale li
Yon premye kontenjan 2064 sòlda ki fè pati Misyon Nasyonzini pou estabilizasyon ann Ayiti (Minustah) avèk Brezil antèt ki genyen 1200 sòlda deplwaye nan peyi a. Se plis pase 6700 militè ak 1622 polisye sivil kap genyen pou kantone yo nan peyi Dayiti aprè ke fòs miltinasyonal fin pase mayèt la bay fòs nasyonzini yo ofisyèlman depi 25 jen pase a.

Dife kontinye fè dega
«Gouvènman defakto Alexandre/Latortue a rete 2 brase pandan dife kontinye ap koze dega nan Pòtoprens depi plizyè mwa. Apre dife ki te pase nan ridèfronfò, kote plis pase yon karantèn magazen te pase anba flanm, semèn ki pase a yon lòt dife eklate nan ri Travèsyè, kote tout pwodwi ki te nan 2 etaj magazen an disparèt nan dife a. Jounen jodi a, y ap sèvi avèk dife pou kontinye represyon kont manm ak senpatizan Lavalas, kòm ki dire ta responsab katastwòf sa a. Dayè san lapolis pa di anyen yo deja arete 5 endividi ke yo di ki ta enplike.

Pèsekisyon sou zafè dwòg la ap kontinye
Responsab lapolis repiblik Dominikèn akonpaye ak ajan DEA arete nan vandredi 2 jiyè Romane Lustin, yon ansyen responsab Polis ann Ayti, sou akizasyon kòmkwa li ta enplike nan trafik dwòg e paske li te yon pwòch prezidan Aristide. Ajan DEA yo te transfere li rapidman Etazini pou jijman.

UNNOH ap reklame
Inyon nasyonal nòmalyen Ayisyen kontinye reklame mèyè kondisyon travay pou pwofesè yo, avèk kòm prensipal revandikasyon 94 mwa aryere ogmantasyon 32 pou san, sou yon peryòd 7 lane, de ane 97 rive 2004. Mezi sa yo ak lòt dwe antre ann aplikasyon avan ogmantasyon 30 pou san ke gouvènman defakto a anonse pou mwa oktòb k ap vini an. Pwofesè Louis Janvier Pierre ki se yon manm UNNOH kritike gouvènman an ki jiskaprezan kontinye ap peye anseyan yo 2 mil 500 goud kòm salè. Dirijan sendika anseyan di yo pral antame yo seri sansibilizasyon pou fòse gouvènman defakto a reponn a revandikasyon yo. Rete senpleman pou dirijan UNNOH di ki yès ki ba yo dwa pale nan non pwofesè yo, apre ke yo fin mennen kanpay pou anpeche lekòl fonksyonne. UNNOH te patisipe aktivman nan deboulonnen Lavalas. Avèk ansyen militè kraze brize nan peyi a. Aksyon sa yo montre aklè ke UNNOH pa genyen okenn moralite pou pale nan non pwofesè. Puiske òganizasyon an montre se enterè laboujwazi l ap defann.

Lapolis arete Joseph Esdras
Lapolis nan Pòtoprens arete nan 5 jiyè a Joseph Esdras sou wout Taba a sou akizasyon kòm moun ki ta patisipe nan yon zak kriminèl andedan tankou deyò peyi a. Daprè DCPJ ki se direksyon santral polis jidisyè Joseph Esdras t ap fonksyone sou yon fo non ann Ayiti ki rele Jean David Dormeil depi apre li te fin kouri kite zòn Florid kote li te fè aksyon kriminèl.

Anbasadè Foley resevwa mesye li yo
Plizyè ofisyèl nan gouvènman defakto a Gérard Latortue an tèt, patisipe nan rezidans prive anbasadè meriken an James B. Foley nan komemorasyon 228tyèm anivèsè endepandans Etazini jou dimanch 4 jiyè 2004 la. Anbasadè a deklare nan òkasyon an ke peyi li renouvle tout soutyen li bay gouvènman defakto tranzisyon an. Nap fè remake plizyè pati politik apatrid yo, ak swadizan manm sosyete sivil la te reponn prezan nan sikonstans lan ki se selebrasyon fèt endepandans Lèzetazini, alòske James B. Foley te sèvi avèk menm vye sektè retrograd sa yo pou te anpeche selebrasyon kòm sa dwa 200 zan endepandans peyi Dayiti a.