Monseyè Poulard ap fè ipokrit
Visprezidan konferans Episkopal la, Guyre Poulard di li kondane fason patwon li, ki se anbasad meriken reyaji apre arestasyon ansyen Premye minis Yvon Neptune ki dapre li se yon vyolasyon souverènte peyi a. Paske dapre li pèsonn pa odesi lalwa. Yon lòt kote monseyè Jakmèl la di arestasyon Yvon Neptune lan montre volonte ke gouvènman defakto a genyen pou l fini ak reny enpinite a.
Komisè Senmak la ap vizite viktim li yo
Komisè gouvènman Senmak la, Lesly Jules vizite jounen lendi 29 jen an, Premye minis Yvon Neptune, minis Enteryè Jocelerme Privert ak ansyen depite Amanus Mayette, ki se 3 responsab pati Fanmi Lavalas ke NCHR akize kòmkwa yo ta patisipe nan swadizan masak Lasiri, yon lokalite komin Senmak kèlke jou avan kidnaping prezidan Aristide la. Lesly Jules di li swete ke jijman prizonye yo fèt devan tribinal vil Senmak e mande pou bay prizonye yo yon trètman nòmal. Bò kote pa l Samuel Madistin ki se avoka viktim ke ni li, ni NCHR pa ka pwouve a, fè konnen ke tribinal Senmak la konpetan pou li tande dosye a.
Latortue ap ekspoze foto li!
Premye minis defakto a Gérard Latortue inogire mèkredi 25 jen an yon sal nan Primati a kote li ekspoze foto tout Premye minis ki pase nan peyi a depi vòt konstitisyon 87 la pou rive sou limenm kòm yon defakto. Dapre li aktivite sa antre nan kad 100 premye jou depi ke l ap koupe rache nan tèt pouvwa a sou lobedyans fòs okipasyon an. Gérard Latortue deklare nan okazyon an ke objektif gouvènman defakto a se fè tout moun konnen tou dabò ke ekip li a dakò prensip kontinuite nan Leta dwe devni yon reyalite, answit nesesite pou kèlkeswa opinyon ak ideyoloji politik dwe travay ansanm pou rive a yon rekonsilyasyon nasyonal.
Gerard Latortue pran diplòm nan patisipe nan vye pouvwa defakto. Apre eleksyon fo mamit ke jeneral Henry Namphy te òganize nan lane 88, limenm avèk Leslie Manigat te mache sou sa pèp la pou l te vin okipe pòs minis Afè etranjè nan kabinè ke Martial Célestin t ap dirije a. Jounen jodi a se gras a prezans fòs okipasyon an ki fè li vin Premye minis defakto.
Pati politik tradisyonèl yo ap resevwa leson
Sòti 26 pou rive 26 jen 2004 la, sous inisyativ Institut Supérieur de formation politik et sosyal (ISPOS) avèk koperasyon peyi Norvège, plizyè reprezantan pati politik te reyini nan « Moulin sur Mer », nan kolòk ki te dewoule sou tèm pati politik ann Ayiti : Eksperyans, defi, pèspektiv. Pandan tout dire aktivite sa a swadizan lidè pati politik, manm sosyete sivil ak reprezantan kominote entènasyonal la, diskite antre yo fòmasyon e konstriksyon pati politik yo ann Ayiti ki te trete pa Paulo Ferreira ki se yon «ekspè» brezilyen. Depi nan premye jouk rive nan dènye jounen an atmosfè a te trè chofe, kote reprezantan ministè Afè etranjè peyi Nòvèj la Kristin Hoem Langsholt te souliye ke dyalòg ak konpromi nan mitan pati politik yo nesesè pou konstriksyon demokrasi a nan peyi Dayiti, li renouvle volonte Nòvèj pou sipòte pati politik yo. Direktè egzekitif Ispos la, Garandy Laguerre kwè ke yo touche pandan 3 jou sa a, anpil pwoblèm ak defi ke regwoupman politik yo ap konfwonte nan peyi a. Nan rankont lan yon diplomat te kritike ouvètman lidè politik yo e mande yo pou yo travay nan konstriksyon veritab pati politik. N ap siyale se achevèk retrete monseyè François Gayot ki te pwosede a lansman kòlòk la. Pou pèmèt ke Lèzetazini ak Lafrans kontinye kenbe pati politik reyaksyonè nan pye tab yo, yo òganize depi aprè 29 fevriye plizyè seyans fòmasyon, seminè, ak deba nan entansyon lidè pati politik reyaksyonè yo pou yo adapte a nouvo konsèp ki di se teknokrat ki dwe okipe pòs nan pouvwa politik peyi-a.
Zòn franch: Mizè ouvriye komanse
Kòdonatè sendika Codevi nan zòn franch nan Wanament lan Borgela Telor denonse nan laprès mèkredi 30 jen an responsab dominiken zòn franch yo k ap fè abi ak enjistis sou malere ouvriye k ap bourike nan faktori zòn franch yo. Apre yon mouvman protestasyon ouvriye yo te òganize pou mande ogmantasyon salè vandredi 25 jen an, responsab zòn franch yo te debake ak yon kamyon gad dominiken ki te tonbe maltrete ouvriye ayisyen yo ak kout baton. Zak sovaj sa te revòlte ouvriye yo ki te lanse alaswit yon grèv lendi 28 jen an, pou proteste e kòm sèl repons patwon konpayi Codevi yo nan zòn franch lan yo revoke 70 ouvriye ayisyen. Pandan Leta ayisyen pa gen okenn kontwòl ni sou ekonomi, ni sou kondisyon travay ouvriye li yo sou premye zòn franch lan, Prezidan defakto a Boniface Alexandre kontinye pale de enplantasyon nouvo zòn franch nan peyi a. N ap fè sonje ke nan Ayiti Pwogrè, nou te kritike sevèman gouvènman Lavalas la, lè yo te angaje peyi a nan koze zòn franch ki se yo pati nan plan lanmò neyoliberal la. Si se te pou fè meriken plezi pou l pat vare sou pouvwa a, sa pa mache jan pwovèb la di : «di dyab bonjou, pa di l bonjou l ap manje w».
Nodès: Volè sèl kòk chante
Abitan divès komin depatman Nòdès pa kapab rale yon ti souf ak nèg ame k ap opere san kè sote sitou ak absans polisye nan 11 komin depatman an depi plizyè mwa. Se chak jou peyizan yo ap viktim anba men bandi yo k ap mache dechèpiye lakay moun, boule sa yo jwenn, volè bèf, fouye machin, elt. Lendi 21 jen an vè 11 zè nan aswè nan lokalite Magritonn yon gwoup nèg ak zam debake lakay divès abitan tankou Leodette Amelius, Bernius Benjamen, Saintilmond Jonas, Dorcelat Dominique, Esaïe Dominique kote bandi yo pote ale tout sa moun yo posede apre yo te fin mare anba kòd tout moun. Nan Gwos Ròch 3e seksyon Otwou menm bandi ame yo debake lakay Antoine Jean Fose nan lannwit lan epi pran tou sa yo trouve ansanm ak 3 bèf ki te nan lakou a.
Otwou: Selebrasyon fèt patronal
Se mèkredi 23 ak jedi 24 jen an sen patwon Otwou Dinò a sen Jan Batis selebre ane sa pou kenbe tradisyon an. Kontrèman a lane pase yo kote fèt sa konn trè chofe, pèleren yo pat vini anpil akoz ensekirite. Pil fatra simaye tribò babò nan tout vil Otwou nan moman fèt la ap fete. Toutfwa divès okès tankou Tropic, Septan, Compas du Nord, te pèfome an epi troup vodou t ap anime. Yon lòt bò anpil pèleren ki abitye al limen bouji ak lapriyè sen Jan Batis nan legliz la te fache pou tèt kire a pè Anès Angrand te bare perimèt legliz la pou anpeche pèleren vin limen bouji alòske fidèl katolik yo aplodi desizyon an. Pandan selebrasyon fèt patronal la plizyè polisye te sòti nan vil Okap ak militè okipan t ap asire sekirite zòn sa ki pa gen polisye depi nan moman koudeta 29 fevriye a kote se lame ansyen opozisyon an ki pote non Kosovo k ap fè lalwa.
Okap: Akwochay ant Lapolis ak ansyen militè
Gabriel Antoine alyas Gwo Gaby, yon ansyen militè k ap feraye nan vil Okap resevwa plis pase 3 katouch nan pye pandan yon akwochay ki te opoze ansyen gad sa ak yon patrouy lapolis jedi premye jiyè a vè 8 tè nan aswè nan zòn Kiteyo yon katye nan vil Okap. Gabriel Antoine ki t ap agrese polisye yo te rale zam li. Polisye yo te mennen ansyen militè a lopital.
Yonn nan pòtpawòl ansyen militè yo nan Okap Francklin Jean fè konnen nan laprès ke Gwo Gaby t ap anpeche lapolis la fè yon arestasyon ilegal ki ta lakoz ensidan sa. Kòm si ansyen militè yo nan Okap te janm fè yon arestasyon legal depi yo te anvayi vil la. Direktè depatmantal Nò polis la Hervé Julien te di li regrèt se konsa ansyen militè yo monte koze a. Pandan li fè konnen ke patrouy lapolis la ki te tande plizyè kout zam nan katye Kiteyo te entèvni pou retabli lòd kote Paul Chery alyas Pablo ki se fanmiy ansyen militè a t ap joure ak Albert Kalil, yon komèsan nan zòn nan e ansyen militè a ta anpeche entèvansyon Lapolis la ki t ap pran dispozisyon nesesè pou tabli lòd. Antouka kèlkeswa ipotèz yo te soutni an ki lakoz ensidan an si otorite defakto yo ak fòs okipan yo pat bay kat blanch pou fòs paralèl ansyen militè yo fonksyone kote y ap fè e defè ak tout arogans, konfli sa pa t ap eklate.
Militè okipan chilyen ki fè pati nouvo fòs ONI yo nan Okap te entèvni nan baz ansyen militè yo pou kalme ansyen militè yo ki te menase atake komisarya polis Okap la pou vanje frè gang yo. Pou konnye a gen yon tansyon ant lapolis Okap ki te panse ke yo te ka kolabore ak ansyen militè yo.
OKAP: Ansyen militè yo kontinye ap fè abi
Jude Reynald Julien alyas Doudou ki se frè ansyen delegue depatmantal Nò a doktè Myrtho Julien ke teworis ansyen rebèl yo te arete lendi 28 jen an te jwenn liberasyon li jou premye jiyè a apre li te fin parèt devan lajistis Okap ki pat retni okenn chaj kont li.
Okap: Brigad antikidnaping
Direktè jeneral polis nasyonal la Léon Charles anonse nan yon radyo nan vil Okap ke yon ekip polisye ki fè pati yon nouvo inite ki rele Brigad antikidnaping ap rantre vin enstale nan vil Okap. Inite sa tankou non li endike a ap gen pou lite kont zak kidnapin ki kòmanse frape kèk komèsan nan vil la. Brigad la ap gen tou pou evalye byen polisye yo tou pou pa pèmèt yo ta posede byen nan manyè ilegal.