Reynold Georges pa konn sa pou l di !
Prèske 2 semèn apre li te fin rankontre ak gouvènman defakto a, dirijan ALLAH a Reynold Georges di li te pwofite okazyon an pou li mande yo prese yo pou nonmen tout katèl majistra yo nan 136 komin peyi a, paske sitiyasyon sa a kapab lakóz genyen gwo ensekirite nan tout pwovens yo paske popilasyon an ap lage pou kont li. Epi li mande pou otorite defakto kanpe sou divès ka vyolasyon konstitisyon an, depi apre 29 fevriye 2004 la. Li kontinye pou di ke li pase enstriksyon fòmèl bay Gérard Latortue pou l sispann tout arestasyon ilegal, pou li leve entèdiksyon depa kont ansyen ofisyèl gouvènman Lavalas la e chanje tout chèk otorite Lavalas yo te mete deyò pou yon rezon ou pou yon lòt, sitou chèk ke mizisyen yo te touche apre kanaval ki se yon fèt ke Leta dwe sibvansyone. Pou fini li mande pou otorite defakto yo remèt lame a kanpe sou banyè Nasyonzini lepli rapidman posib, yon fason pou entegre sòlda yo nan travay devlopman ki se remanbre agrikilti ki vle di pou yo bay patisipasyon yo nan travay irigasyon nan peyizànri an, ak travay enfrastrikti nan konstriksyon wout, pon elatriye. Konsa Reynold Georges remèt Latortue yon pwogram gouvènman tou kuit, men pèsonn pa konnen si konpayèl li ap koute li.
Enstalasyon konsèy minisipal Petyonvil
Yon nouvo katèl majistra antre an fonksyon jounen mèkredi 23 jen 2004 la. Seremoni denstalasyon dewoule an prezans delege depatmantal Lwès la Bernadin ak plizyè ofisyèl gouvènman defakto a. Pierre Michel Prosper ki se majistra prensipal komin Petyonvil la deklare li rekonèt sitiyasyon an trè grav e li di li pral atake diferan pwoblèm zòn lan tankou degradasyon anviwonman, mache piblik ki gaye nan tout komin lan. Nouvo majistra a fè konnen tou li pral atake pwoblèm prostitisyon an ak fenomèn ensekirite a ki pran yon anplè konsiderab. Nan finisman seremoni an 3 majistra yo siyen pwotokòl dakò pou anpeche lòbèy eklate antre yo.
Akò pou fini ak chirepit nan meri Pòtoprens
Apre gwo chirepit ki te genyen nan komisyon kominal Pòtoprens lan ant premye manm Carline Simon ak 2 lòt yo, yon akò siyen ant 3 manm yo, sou sipèvizyon ministè Enteryè, yon fason pou sispann pale anpil k ap fèt bò kote 2 manm yo ki dapre yo Carline Simon ap konpòte l nan meri kóm byen prive l. Selon 2 lòt manm yo, tout desizyon yo toujou konsantre anba men Carline Simon ki gen dwa otorize rekizisyon chèk e tout fòm dekesman pou kont meri a. Se sèlman ann absans li ke 2 lòt manm komisyon a kapab fè dekesman de konsè avèk kesye peyè a, e toujou selon akò a manm komisyon kominal dwe reyini yon fwa pa semèn pou echanje tout enfòmasyon ki konsène meri ak dosye oke yo jije enpòtan. Nou pa konnen pou konbyen tan akó sa a ap kenbe!
Prisca majistra defakto ap fè bilan
Yon mwa apre enstalasyon nouvo katèl majistra Delma a, prezidan li, Prisca Jean Vilfort deja drese sa li rele yon bilan pozitif travay li di ke li reyalize. Majistra defakto a di avèk lapolis, li kraze plizyè rezo gang ki t ap opere nan Delma. Nan bilan travay li a li menm antre travay ki antre nan pwojè ki deja ap fèt pou montre ke l ap reyalize kèk aktivite nan komin lan tankou: pwojè lasante, netwayaj diferan zòn Delma, degèpisman tout ti machann ki anvayi trotwa ki sou wout ayeopò a, ak sèvis fiskalite meri a, ki pral operasyonèl nan pa twò lontan dapre sa li fè konnen.
Pa gen dlo nan Ansagalè
Popilasyon nan Ansagalè gen gwo pwoblèm pou yo jwenn dlo. Dapre sa yo fè konnen, malgre yo mache tout lanwit dèyè yon ti dlo, pafwa yo retounen lakay ak veso yo vid akoz bandi k ap bat yo, vyole jèn fi lè y al dèyè dlo a pandan lanwit. «Afè dlo ban nou gwo pwoblèm nan Ansagalè, nou konn leve depi 11 zè pou rive 5kè nan maten, nou pa kapab pran yon ti gout dlo pou sove lavi timoun nou yo, k ap fin depafini ak swaf ak vagabon k ap kalonnen nou anba kout wòch» te deklare yon abitan nan Ansagalè, ki pwofite mande pou òganis ki responsab zafè dlo nan vil Ansagalè pran tout dispozisyon pou amelyore pwoblèm dlo a nan vil la.
Jeneral Coleman kontan ak tèt li
Apre 3 mwa li pase nan tèt fòs okipasyon an, jeneral Ronald Coleman ki se responsab fòs okipasyon an deklare li trè satisfè pou gwo travay li reyalize nan tèt «Fòs militinasyonal» la. Li di ke fòs okipasyon an akonpanye avèk polis nasyonal la rive estabilize peyi a, kèk jou avan yo transfere otorite bay Nasyonzini. Sepandan jeneral la fè remake se popilasyon an ki dwe drese bilan travay fòs la sou teren an. Li rapòte ke fòs la sezi plis pase 200 zam ilegal tout kalib atravè prèske tout peyi a. E yo te genyen pou mete men sou tout zam ilegal, sete an fonksyon de yon seri enfòmasyon sous ki di ki kote zam yo sere. Konsènan kritik manm Amnisty International yo pou vyolasyon dwa zimen ke militè fòs okipasyon an komèt sou popilasyon an, Coleman senpleman di tout sòlda yo jwenn lòd bò kote siperyè yerarchik yo pou yo pat vyole dwa ayisyen yo.