Selil refleksyon baz Fanmi Lavalas te anonse divès aktivite nan kad mobilizasyon san pran souf ki te deja anonse nan objektif pou yo jwenn satisfaksyon a revandikasyon yo. Nan sans sa a, plis pase 15 mil moun manifeste yon lòt fwa ankò nan kapital la, jounen vandredi 18 jen an. Yo te pran lari pou denonse manèv sèten dirijan pati a ap fè pou yo al patisipe nan KEP la, epi montre detèminasyon yo nan lit y ap mennen pou retou fizik prezidan konstitisyonèl la Jean-Bertrand Aristide. Manifestasyon yo ki pase nan plizyè katye popilè ak sant vil la, lanse divès eslogan pou denonse gouvènman defakto a avèk fòs okipasyon an. «Fòk Boniface ak Latortue kite pouvwa a», « Nou pa prale nan eleksyon avèk defakto», «Aba okipasyon, viv retou Aristide» san konte ke yo kontinye mande liberasyon militan pati a tankou Sò Ann ak anpil lòt.
Manifestan yo pwofite yo tou bay pozisyon yo klèman sou kesyon eleksyon malatchonn ke otorite defakto yo vle òganize nan peyi a an konplisite avèk okipan yo, e yo fè konnen ke yo pap patisipe nan eleksyon san retou prezidan Aristid. Kontrèman a sèten dirijan pati Fanmi Lavalas ki te kòmanse ap prepare pou voye reprezantan yo nan KEP la, yon fason pou yo te lejitime koudeta 29 fevriye a. Dayè pèsòn nan dirijan sa yo pa janm pale pawòl kidnapin ke prezidan an di li sibi anba men Lèzetazini ak Lafrans. Mobilizasyon sa a montre volonte mas pèp la, pou l pa aksepte politik gwo ponyèt ke lennmi chanjman yo ap fè nan peyi a. Donk baz yo ap koninye goumen sou kesyon prensip yo. Se pou yo kontinye nan sans sa a, e refize patisipe nan okenn maskarad elektoral. Se òganizasyon ak mobilizasyon jiska laviktwa final.