16 Juin, 2004

June 16, 2004

16 Jen, 2004
Vol. 22 No. 14
Nouyòk bay Latòti monnen pyès li

Lendi 4 jen an depi vè 2h konsa, moun te kòmanse rasanble devan Konsila a nan Manhatan. Se konsa plis pase 50 moun te kanpe yon «picket line» devan konsila Ayisyen an, jounen jodi a nou kapab menm di Konsila makout paske se yon makout ki konsil jeneral la.

«Picket line» sa a, se Kowalisyon pou reziste kont koudeta 28 fevriye an Ayiti a ki te rele li pou denonse visit Premye minis defakto a Gerard Latortue.

Dèyè banyè kowalisyon an, manifestan yo te reponn avèk anpil, fòs, yo te mete tout kouray yo nan batay la kont pwovokasyon ak menas toutous ak flatè, restavèk ki t ap defann Latòti yo t ap fè. Depi 3h30 jiska 9h nan aswè, beton an te cho devan konsila, Ayisyen kou etranje ki te la yo pat met dlo nan bouch yo. Yo te lanse kèk bonjan eslogan malouk bay Latòti tankou «Bare yo, Mare yo, Veye yo». «N ap veye anwo ak anba». «Latòti vann peyi a pou l al manje Akra». «Latoti Mèsenè!». «Latòti se “la torture”»