26 Mai, 2004

May 26, 2004

26 Me, 2004
Vol. 22 No. 11
Deklarasyon piblik Annette Auguste
Penitansye Petyonvil, Ayiti, 23 me 2004
Jodi a m ap pale ak lemonn antye kòm yon moun ki nan prizon ann Ayiti pou konsyans mwen, pou lide m ak konviksyon politik mwen.

Militè ameriken te arete mwen nan dat 10 me 2004 nan Komin Dèlma.Vè minwi edmi militè sa yo te atake kay mwen ak vyolans.Yo te sèvi ak eksplozif epi gwo zam lagè pou panike tout moun nan kay la, san bliye timoun yo; ti katkat ki t ap domi ak kè poze.Pou antre nan lakou a yo te kraze baryè a avèk yon eksplozif.Yo touye de (2) chen ki te nan lakou a ; sèl pwoteksyon kay la te genyen.

Mwen pap janm bliye chòk mesye sa yo te fè nan lespri timoun yo ki nan fanmi an.Twa (3) moun nan kay la ki pa te jwenn arestasyon akòz yo te lage ko yo anba nan yon balkon lè yo tande bri gwo zam nan lakou a.Yo te tonbe sou do yon kay nan vwazinay la; tòl la te fann epi yo tonbe andedan kay vwazen an.Youn ladan yo, yon tifi trèz ane te blese grav nan janm; li te al koud nan sal ijans lopital. Okenn nan nou pap janm ka bliye move trètman nou te sibi pandan operasyon militè sa a.Yon operasyon ki te fèt nan non administrasyon Bush la ak nan non ideyoloji l ap klaksonnen ki se: « konstwi demokrasi nan peyi a ».

Verite a se kay mwen militè ameriken anvayi, yo mete mwen nan prizon epi kle liberasyon m nan men yo.Yo pretann kache deyè do systèm jistis ayisyen an pou kouvri zak yo fè a. Se militè ameriken ki te anvayi kay mwen ak lafòs; san yon manda lajistis. Yo minote mwen pandan polisye ayisyen yo te rete chita kèpòpòz nan machin ap tann deyò a.

Militè sa yo di, rezon ki lakòz yo fè zak krazebrize sa yo sou kay mwen ak sou fanmi an se paske yo aprann mwen t ap prepare pou vin atake yo epi mwen te menase sekirite ak estabilite peyi mwen.

Kijan yo ka jistifye sa yo di la-a; lè yo konnen trè byen kiyès ki premye reskonsab sa yo di sou mwen yo? Estabilite Ayiti menase akoz gouvènman Lafrans mete ak gouvènman meriken pou pran Prezidan konstitisyonèl nou an pafòs 29 fevriye 2004. Kijan yo kapab kache move santiman yo genyen lè yo konnen se yo menm sèlman ki te reskonsab bay ansyen manm Fòs Ame Ayiti yo ansanm ak ansyen manm eskadwon lanmò yo fòmasyon ak ankadreman pou anvayi teritwa nasyonal la pou rive kapote gouvènman konstitisyonel Repiblik la pa fòs.

Se apre gouvènman Etazini fin vire lòlòj maryonèt yo Latortue, nouvo Premye minis defakto a, ansanm ak sistèm jidisyè ayisyen an pou kapab akize mwen malonètman kòm moun ki te òganize atak kont swadizan etidyan nan opozisyon jounen 5 desanm 2003 pandan te gen manifestasyon kont Prezidan Aristid ak gouvènman Lavalas la. Mwen pa te janm gen men mwen tranpe ni depre, ni delwen nan evenman yo ki te pase jou sa a. Se nan radyo mwen tande repòtaj sou evenman sa yo. Mwen pa gen dout nan lespri mwen ; akizasyon sa yo se yon mizansèn nan yon pyès teyat malouk; yon pyès teyat lawont.

Li klè, se administrasyon Bush la ansanm ak fòs militè ki nan Ayiti yo ki te arete mwen e ki gen kle pou lage mwen jiskaprezan. Se yo menm sèlman ki kapab bay lòd pou lage mwen. Menm si li ta posib pou grese pat yon ofisyèl ayisyen kowonpi, oubyen pou ta peye yon amann lajistis ayisyen ta enpoze pou lage mwen; fòk se ta nan pi wo nivo politik administrasyon Bush la pou desizyon sa a ta apwouve.

Depi mwen te fèmen nan prizon, kanpay represyon kont militan nan baz Fanmi Lavalas yo pa sispann; okontrè li vale teren. Nouvo fòs polis militarize a ki sou kontwol Fòs Miltinasyonal Enterimè a ki anreyalite anba direksyon Merin Etazini; fòs sa yo pa janm sispann fè zak sasinay sou: militan nan mouvman Lavalas yo, lidè kredib tout moun konnen k ap viv nan katye popilè yo.

Sa yo pa mete nan prizon blije al kache pafòs akòz mannigans sa a k ap fèt pou detwi mouvman Lavalas la; mouvman sa a ki kontinye wè nan Jean-Bertrand Aristide Prezidan lejitim ak konstitisyonèl Ayiti.

Pandan mwen kote mwen ye nan prizon pafòs la mwen konstate kijan kanpay represyon sa a, kanpay entimidasyon ak sasinay sa a jwe nan sèvèl anpil nan manm pati a. Mwen konprann laperèz yo genyen paske mwen se youn nan viktim kanpay sa a ki vize pou detwi espwa nou ak aspirasyon nou genyen pou konstwi yon Ayiti kote moun ki pi pòv yo pap sèvi mach eskalye pou moun k ap reve vin fè fòtin pèsonèl yo.

Pou moun ki kontinye konsidere tèt yo kòm reprezantan Lavalas, majorite moun pòv yo nan Ayiti; mwen ta renmen fè yo sonje leson premye okipasyon meriken te fè sou teritwa nasyonal nou. Mwen ta renmen rafrechi memwa yo pou fè yo sonje Charlemagne Peralte ki te pase anpil mati. Chalmay te fin tabli yon akò lapè avèk ameriken, apre sa li demobilize twoup rezistans yo ki t ap goumen kont okipasyon. Blan yo te trayi pawòl misye; yo te kidnape li epi asasinen l. Jounen jodi se menm sò sa a k ap menase plizyè manm Lavalas ki kwè ak tout senserite nan souverènte ak jistis.

Nan prizon kote mwen ye a, mwen pran fòs ak kouray nan pil ak pakèt vwa k ap leve toupatou sou latè kont enjistis k ap fèt jounen jodi sou pèp ayisyen. Kont abi ak soufrans y ap fè pèp sa a sibi. Mwen gen rekonesans pou Reprezantan Kongrè ameriken an Madam Maxine Waters ansanm ak tout lòt moun ki kanpe pou fè solidarite ak pèp ayisyen an pou fè san sispann koule; pou pèmèt lemonn antye konnen laverite ak vrè reyalite n ap viv jounen jodi-a.

Mwen voye tout lanmou mwen ak tout rekonesans mwen ban nou epi mwen fè nou konpliman poutèt nou rete djanm nan volonte nou genyen pou triye laverite nan mitan manti ki vlope Ayiti jounen jodi. Kòm yon fanm lib, fanm k ap lite pou fè respekte dwa pifó pòv nan peyi nou; mwen voye lapriyè mwen bannou.

Yo kapab kontinye kenbe kò mwen nan prizon, men yo pap janm kapab anchennen laverite ki lan nanm mwen. M ap kontinye lite pou lajistis ak laverite nan Ayiti jouk souf mwen koupe.

Annette Auguste
Pénitencier de Pétionville, Haïti