Okipan yo ap fè bòn zèv!
Kolonèl meriken David Lapan avèk ONG ki rele Food for the Poor yo t ap distribiye materyèl tankou pèl, bourèt, manchèt, elatriye jou 3 me a nan Site Solèy. Li siman ap prepare li pou remete kòve tankou lè okipasyon 1915 lan?
Rekritman nan lapolis nasyonal la
Plis pase 35 mil jèn gason ak fi, ant 18 a 30 tan, pami yo 26 mil konsa pou rejyon metwopolitèn, enskri pou antre nan lapolis, nan kad rekritman otorite yo te lanse nan mwa avril 2004 la. Se moun ki reyisi egzamen nevyèm ane fondamantal ki donk admi pou segond segondè ki ap elijib pou konpoze pou 1200 pòs yo ki pral disponib pou 3 pwomosyon lapolis. «Lapolis nasyonal ap reyalize aktyèlman dosye yo e sezi done yo pou fè triyaj la, pou pèmèt nou retni yo e rejte rès yo» te deklare Jean Lyonel Trécil enspektè jeneral. Li fè konnen tou ke sèzyèm pwomosyon an rezève pou ansyen militè yo.
Minis Finans lan pa kenbe pwomès li!
Gouvènman defakto atravè minis Finans lan Henry Bazin te lanse yon operasyon ranmase fatra nan kapital la, e li te fè konnen ke se te «yon fason pou lè Premye minis lan retounen le 14 me, fò ke lari a pi bèl pase jan li ye kounye a ». Men jiskaprezan Pòtoprens toujou anba fatra.
Pèsekisyon ap kontinye pi rèd kont Fanmi Lavalas!
Ansyen depite Gilvert Angervil, manm komisyon kominikasyon Fanmi Lavalas, denonse arestasyon ak entimidasyon ke lapolis nasyonal la ak fòs okipasyon an ap fè sou manm li yo nan tout peyi a, sitou nan Pòtoprens. Sa rantre, dapre li, nan kad pèsekisyon politik jeneralize kont tout manm li yo, yon fason pou gouvènman defakto Alexandre/Latortue a òganize eleksyon ofisyèl pou yon sèl fanmiy politik. «Nou kalifye tout arestasyon sa yo de pèsekisyon jidisyè kont tout ansyen dirijan Fanmi Lavalas... Nou gen 2 mwa depi n ap denonse tout arestasyon ilegal sa yo ki ap opere pa lapolis san konte bandi ame ki pa gen anyen pou wè ak lapolis». Donk responsab Fanmi Lavalas yo tou wè ke se pa lapenn ale nan eleksyon sou kontwòl ekip defakto yo. Angervil tou pwofite drese yon tablo sou kantite patizan, senpatizan, dirijan Fanmi Lavalas ke gouvènman defakto a avèk lapolis epi fòs okipasyon an jete nan prizon ilegalman. Tankou «Pierre Renold Charles ki se kòdonatè Fanmi Lavalas Kafou, le 3 me a, André Fritz Alexandre nan Mayisad, nan Miragwàn nèg ak gwo zam lapolis, fòs entènasyonal yo debake a 2 zè dimaten kay sitwayen Yves Metellus ki se direktè dwann Miragwàn. Nazon Monvilus, Franklin Lafleur yo fouye kay yo e mesye sa yo tonbe nan mawon. 5 me, nan Ench, bann gwoup ame debake nan rezidans jij titilè Demoncieux Desarmes e jodi an misye twouve li nan mawon...»
Micha Gaillard kontan anpil!
Ansyèn opozisyon reyaksyonè kont prezidan Aristid la deklare nan plizyè radyo, jan yo akeyi avèk anpil satisfaksyon nouvèl arestasyon kòdonatris Fanmi Lavalas depatman Lwès la Annette Auguste alyas Sò Ann. Daprè Micha Gaillard ki se yonn nan chèf Konvèjans lan, arestasyon Sò Ann lan se yon siyal klè ke gouvènman defakto a voye bay tout moun ki te poze dè zak akaraktè « kriminèl » sou ansyen rejim Lavalas la. Pandan li fè konnen ke li « pa dakò jan arestasyon an fèt la, li fèt gwo lanwit»
Sa Latortue ap fè kòm travay?
Plizyè abitan nan kapital la fikse pozisyon yo sou sitiyasyon malouk k ap wonje peyi a depi apre kidnaping prezidan konstitisyonèl la, nan lanwit 29 fevriye pase a. Daprè yo priyorite yo chita nan retou lòd demokratik la pou rezoud pwoblèm tankou ensekirite, netwayaj diferan kwen nan capital la ki chaje ak fatra toupatou, bese pri lavi a, k ap toupizi malere nan tout peyi a pou fini ak blakawout, menm jan sa te kòmanse fèt nan preske tout depatman peyi a. Selon abitan yo, zafè eleksyon pa enterese yo, anba fòs okipasyon ak yon gouvènman de fakto ki pa gen manda pèsonn.
Okap: ansyen militè yo ap teworize…
Kèk manm komite katye bidon Platfòm demokratik ak ansyen militè depatman Nò a, nan Okap di yo pa dakò ak fason gouvènman defakto yo a nonmen moun nan tèt administrasyon piplik yo. Konsa jounen mèkredi 5 me a, yo te kèlke dizèn akonpaye ak ansyen militè demobilize yo, ki te fè tantativ sou tantativ pou fèmen pòt APN Okap la, epi manke pase nouvo direktè kite fenk nonmen an a lenfinitif, se gras a prezans lapolis ak fòs okipasyon an ki te anplwaye gwo dispozitif sekirite pou anpeche chyen anraje yo touye nouvo direktè a Pierre Sully.
Nan menm jounen mèkredi sa a, ansyen militè yo te patisipe nan maspinay sou divès abitan nan zòn Sanrezon, yon katye popilè ki sitiye nan antre vil Kap-Ayisyen kote yo fè plizyè arestasyon ilegal.