12 Mai, 2004

May 12, 2004

12 Me, 2004
Vol. 22 No. 9
Arestasyon Sò An:
Okipan yo ak defakto yo ap kraze brize!

Dimanch 9 me a vè minui, san zatann militè meriken debake kay Annette Auguste (Sò An) nan Delma. Se kòm si se nan yon baz Alkaida merin meriken yo genlè ta pral mennen yon operasyon. Ata cha blende yo te genyen, e ak gwo zam fann fwa yo eklate baryè kay la pou yo rantre, «pandan n ap dòmi, li te ka minui e demi, yo lage yon grenad andedan kay la…pandan nou leve yo tire nan baryè yo avèk yon ti misil. Yo fouye kay la, yo di kay la gen zam, gen grenad. Yo di Sò An sòti nan lari chak jou al bay kòb pou fè manifestasyon, yo di se Sò An k ap mobilize pou tire blan yo… » te eksplike, nan Radyo Solidarite, yon nyès Sò An, Andrelle Anne Elie.

Merin yo fè tout kalte kraze brize nan kay la. Nan tire, ata yon ti chen yo dechire pak an pak. Andrelle te kontinye eksplike : « Te gen cha blende deyò a, yo kraze tout bagay nan kay lan, yo pran plezi yo pou yo kraze tout bagay, gen yon gato, yo pran gato a, yo badijonnen l nan kilòt, nan tout bagay. Gen kòb moun ap chèche yo pèdi. Nou pèdi telefòn, nou pa jwenn anyen menm.» E se pa jwèt paske tout kote merin yo pase yo pran lajan moun yo. Andrelle te fè konnen tou ke kòm chanm li ki nan etaj, li te lage kò l kay vwazinay ansanm ak yon ti sè li ki sòti ak yon pye kase. Andrelle limen blese nan moso boutèy.

N ap tou fè konnen ke Sò An te opere nan mwa fevriye dènye. Se operasyon fibròm yo te fè l e doktè te di li fòk li repoze san l pa pran lari. Donk ki kote yanki yo jwenn koze ke Sò An nan lari tout lajounen ap bay lajan pou touye blan? Swadizan lajistis ayisyen menm fè konnen te gen manda dèyè Sò An. E yo te repwoche l kòm kwa li ta enplike nan deblozay 5 desanm 2003 nan fakilte Syans Zimèn. Nan menm lendi 10 me a Sò An te parèt lajistis men kòm li pat gen avoka yo retounen li nan Penitansye nasyonal. Yon prizon ke yo pa dwe mete fanm ladan. Men, responsab nan polis nasyonal la fè konnen prizon fanm ki sou Fò nasyonal, nan Bèlè nan move eta yo paka resevwa moun ladan.

Yonn nan pòtpawòl Fanmi Lavalas yo, Gilbert Angervil denonse arestasyon gwo ponyèt e ilegal ki fèt non sèlman sou Sò An, men sou divès manm pati a nan 4 kwen peyi a. «Se pa sèlman Sò Ann yo arete ilegalman. Nou genyen Pierre Reynold Charles, kòdonatè Fanmi Lavalas Kafou… Arestasyon Charles te fèt san manda, dimanch 2 me 2004 nan Pòtoprens. Jou ki te lendi 3 me a, bandi kidnape lakay yo André ak Fritz Alexandre nan Mayisad. Yo fèmen yo Papay. Madi 4 me, nan Miragwàn nèg ak zam debake a 2zè nan maten kay Yves Metellus, direktè dwàn Miragwàn ak Nazon Norvilus epi Francklin Lafleur pou fouye kay yo. Tout moun sa yo nan mawon jounen jodi a. 5 me 2004 la, nan Ench, ansyen lame yo debake lakay jij Demoncieux Desarmes. msye rantre nan mawon. Menm 5 me sa a lapolis te arete ilegalman majistra Delma Mayon Guerrier. Bagay sa si tèlman te lèd yo te sètoblije lage Mayon apremidi 9 me a. Li fè kanmenm 4 jou prizon. Menm NCHR oblije rekonèt arestasyon yo ilegal epi san prèv. Jou 6 me 2004 lapolis fè dappiyan sou chantè Tipay, atis angaje tankou Sò An lapolis di li te nan piye bank Kafou jou 29 fevriye 2004 la. Arestasyon fèt sou Jean Duval Siméon nan Miragwàn. Li nan prizon. Lendi 9 me a yo arete yon sèten Carlo toujou nan Miragwàn. Donk si se pa lachas y ap fè a militan ak senpatizan Lavalas, kijan sa rele? Se yon veritab represyon ki tabli sou mouvman popilè a an jeneral. Epi, anpil Konze ap fè kout dwèt, bay manti pou entimide tout militan pou yo ka rantre nan kokiy yo.

Se konsa, plizyè militan Lavalas wè arestasyon Sò An tankou yon pinga pou manifestasyon 18 me yo planifye a. Yo di kout ke kout fòk manifestasyon an fèt, yo pap pran nan entimidasyon. Anpil lòt manm Lafanmi wè tou nan arestasyon Sò An nan yon presyon moral pou yo ka voye manm yo rantre nan KEP konfyolo a. Yo di seswa jamè, y ap mobilize pasifikman pou lòd konstitisyonèl la retounen.

Sektè reyaksyonè yo nan peyi a bat bravo lakontantman pou arestasyon ilegal yo. Himler Rebu gen kè kontan pou jan y arete Sò An. Li menm di Sò Ann te nan distribye rigwaz pou kraze manif opozisyon an jou ki te 3 desanm 2003 a.