Kèk santèn manm ansyen Fòs Lame Dayiti a te vini nan lakou akademi polis nasyonal la nan dimanch 2 me 2004 la. Se ministè Enteryè, kolektivite teritiryal ak sekirite nasyonal gouvènman defakto e yon swadizan komisyon espesyal ki te reyini yo pou vin bay dosye yo nan manèv k ap fèt pou rekanpe ansyen Fòs Lame ke prezidan Aristide te disoud an 1995. Nou konnen ke se ansyen jeneral Abraham ki minis enteryè gouvènman defakto ki la a. Donk rankont sa a te swadizan se pou entegre ansyen sólda nan lapolis la te kache vre pwojè yo, e li te plis chita sou «resansman» ak «etid dosye» manm ansyen lame ki te nan diferan distri militè zòn metwopolitèn nan, idantifye yo, ki konpayi ak nom chak ansyen militè sa yo ki te kantone nan depatman Lwès la, pou detèmine ki kantite ansyen sòlda ki disponib kounye a.
Se senpleman kèk kesyon ki te prepare pa «komisyon espesyal» la, nan yon fòmilè ki pou retrase pakou yo jouk rive an 95, tankou youn rekri yo t ap di . « Sa yo mande m nan fòmilè a? Yo mande mwen nom manman mwen, nom e prenon m, answit dat ke m te rantre nan lame a, dat m te kite epi dènye pòs mwen te okipe, si mwen pa janm patisipe nan arestasyon abitrè, anprizonman, soulèvman, sabotay ak touye moun. Epi èske mwen vle entegre Polis Nasyonal la? Se nòmal paske m jèn gason mwen bezwen travay, se nòmal pou m entegre Polis Nasyonal la » te deklare yon sòlda ki rele Pierre Toussaint Gregory ki di li te afekte nan 22e konpayi Delmas 33.
Ansyen kolonèl Apolos Laurore te montre satisfaksyon li pou jan li di lit e wè kouman ansyen militè yo pare pou bay sèvis yo nan polis nasyonal la. Sou bò pa l ansyen kolonèl Marc Henry Charles ki te ann Almay kòm atache militè an 94 fè konnen: «Mwen se yon sòlda yo te banm bon lòd pou m egzekite, mwen egzekite l. Militè yo te demobilize nan sèten epòk nan karyè yo. Jodi a yo fè apèl pou yo sa wè dosye yo e panche sou sa chak nan yo ann patikilye kote te genyen bon avi de rekritman sa ki enterese yo vini nan polis nasyonal la, e posibilite yo genyen, si yo kapab reponn kritè ki rekòmande pa polis nasyonal la, donk y ap pran yo an konsiderasyon.» Sou kesyon ke plizyè ansyen sòlda Fòs Lame Dayiti ki okipe Plato Santral ki fè konnen yo pap antre nan polis nasyonal la, paske yo menm se militè yo ye, Marc Henry Charles deklare: «Genyen yon fòmilè pou ranpli, chak endividi gen opinyon pèsonèl yo, genyen yon pwopozisyon e yon posibilite ki ouvè a chak endividi pou yo bay yon repons patikilye.» Kòm nou ka wè, repons lan pa klè ditou.
An 1934, Fòs lame okipasyon meriken an te mete nan peyi a gad nasyonal pou te kontinye kenbe pèp la anba pye lelit la. Yo te masakre tout lidè ki te rete tennfas nan rezistans tankou Charlemagne Péralte, ki t ap goumen pou te debarase peyi a kont okipasyon an. Aprè kidnaping prezidan Aristide la, fòs okipasyon an kouri vin sove politisyen tradisyonèl yo, Gwoup 184 André Apaid la ak klas dominant lan, devan mobilizasyon ak detèminasyon mas pèp la ki pa sòti pou renmèt peyi a bay ti gwoup aloufa apatrid yo. Jounen jodi a, konplo pou remete lame sanginè a, kanpe se yon kou byen monte. Paske li parèt dwòl pou tout moun ke zak kraze brize ke lame te komèt lè yo te la, epi jounen jodi a kesyon «etid dosye» yo chita senpleman nan yon fòmilè pou blanchi yo devan lajistis. Demach sa a montre se yon lame tou nèf okipan yo vin remete nan peyi a, avèk menm ansyen manm lame sanginè a. Paske pèp ayisyen an konnen se menm fòs okipasyon meriken an, ki vòlò tout dokiman lame a avèk manm Fraph yo, kote yo pa janm renmèt dokiman sa yo pou limyè fèt sou diferan zak manm ansyen lame a. Paske avèk yon lame ki genyen 32 koudeta sanglan nan achiv li pa kapab reparèt sou moun avèk kèk kesyon senpleman. Se pa nan lapolis yo bezwen entegre mjesye sa yo, se lame kraze brize yo vle refè.