Pòtpawòl Fòs miltinasyonal okipasyon an, kolonèl meriken David Lapan deklare nan yon konferans pou laprès jou vandredi 23 avril la, nan lokal Inivèsite Taba a ke yo okipe militèman, depi debakman yo a, ke Fòs yo a mete kanpe yon pwogram dezameman depi vè 15 – 16 avril. Pwogram sa a, vize pou achte enfòmasyon nan men nenpòt ki moun pou dekouvri kote ki genyen depo zam sere. 35 mil dola meriken se kantite lajan ki disponib pou reyalizasyon aktivite sa a, ki kapab ogmante progresivman suivan dewoulman pwogram lan sou teren an, se sa bèt seren an di. Konsènan kantite lajan ki rezève pou moun ki ta bay enfòmasyon sou kachèt zam yo, kolonè la fè konnen: «Montan rekonpans lan pral depann de volim kachèt zam, ke nou jwenn lan, kondisyon zam yo, paske nou pa vle moun ap ban nou enfòmasyon sou zam ki pa fonksyone, ki ansyen, e ki pa vrèman sa n ap chèche yo.»
Men kolonèl la pa bezwen vrèman rekipere tout zam nèf ke CIA te distribiye bay «rebèl» yo depi an Repiblik Dominikèn pou te vin kreye sitiyasyon ki mennen kidnapin prezidan konstitisyonèl la, devan enkapasite Gwoup 184 Apaid la ak pati politik reyaksyonè yo, pou te mobilize pèp la. Anfèt, fòs miltinasyonal la prezan pou kraze mouvman popilè a. Dayè dapre tout enfòmasyon, rebèl yo te genyen a dispozisyon yo anpil anpil zam otomatik diferan kalib. Pou montre ke y ap mennen yon travay pou «dezameman» tout bon vre militè etranje mennen yon kanpay represif sistematik sou tout moun, pafwa menm sipòte yo. Konsa mèkredi 21 avril la yo antre nan poliklinik ri Monseyè Giyou kote yo swadizan jwenn enfòmasyon sou kachèt zam. Yo kraze brize e yo mete deyò tout pasyan epi vòlè 15 mil dola ameriken. Daprè sa doktè Manoir J. Pierre fè konnen: «M pa gen kanè bank, lè m al fouye, mwen wè m pèdi 15 mil dola meriken. Donk m pa konnen si li monte oubyen si li desann. Non sèlman fòk yo remèt mwen 15 mil dola m, e fòk yo dedomaje m pou sa yo fè a.» Menm 21 avril la yo antre an fòs nan lokal Antèn ouvriye, ki an menm tan lokal Tèt kole ti peyizan ki sitiye nan ri Montalè yo pote ale 30 mil goud. «Li te bò 2 zè 30 nan apremidi lè n te la a, nou 5, mwenmenm avèk 4 lòt zanmi nou t ap pale. Se apèn mwen pral deplase, epi m tande pòt louvri. Yon seri nèg bondi avèk gwo zam nan men yo, te gen 9mm, paske te genyen 9mm ki te pwente prèske bò figi m. Se te sòlda merin meriken yo te ye, akonpanye de yon entèprèt ki rele Baron Clifford. Lè yo parèt yo fè m kanpe, epi tou yo di nou, bay paspò!nou mande ki paspò? Nou di la se yon fondasyon k ap travay avèk ouvriye. Yo mande ki kote nou jwenn kòb ? Nou di pa gen kòb, senpleman nou konn jwenn dè apui, dè zòganizasyon ki bann kòb pou n fè sa n ap fè a. Epi aprè sa yo di y ap kraze l. Efektivman yo kraze l, yo fouye tout dokiman, te gen 2 anvlòp ki te gen kòb nou fè yo konte l li te kontabilize ape prè 33950 goud yo pran tout kòb sa a, yo ale avè l» te deklare Réginald Jules ki se yonn nan responsab Antèn ouvriye. San konte lòt zak abitrè ke militè fòs okipasyon an la komèt sou popilasyon an pandan yo makiye kanpay «dezameman» tankou se yon bagay serye. Kolaboratè yo nan pwogram sa a, ki vle di espyon delatè , ap genyen gwo dispozitif «sekirite» ki pran pou pwoteje yo. Daprè kolonèl: «Enfòmasyon ak idantifikasyon ke nou bezwen an ap rete trè «sekrè», l ap rete nan dosye pa nou, nou pap lage l bay nenpòt moun ann Ayiti.»
Pou ki rezon tout vireron sa yo pou sou pretèks dezameman? Paske menm jan an 94 fòs okipasyon an te konnen trè klèman ke se ansyen militè fòs lame Dayiti yo ki te posede gwo zam fann fwa, e ki te sèvi avèk yo pou te kraze zo pèp la sou lòd CIA ak Pentagone, pandan 3 lane koudeta 91 lan pou pèp la te rete nan wòl li. Jounen jodi a yon lòt fwa ankò fòs okipasyon an pa bezwen voye poud nan zye pèp la, ak lemond antye. Tout pèp ayisyen an konnen deja kriminèl ki posede gwo kachèt zam lagè ak materyèl militè tout kalite yo, se nan men twoup ke Guy Philippe, Jean Tatoune, Jodel Chamblain, Joseph Jean-Baptiste, Kòmandan Ravix ap dirije ak tout makout k ap fè lalwa nan diferan depatman peyi a. Tankou: Latibonit, Plato Santral, Nò kote kriminèl yo menm fè manifestasyon ak gwo zam nan men yo gran jounen anba je fòs okipan yo. Okontrè yo menm kolabore avèk yo pou swadizan bay «sekirite». Epi fòs miltinasyonal la pa bezwen anboche lòt moun pami yo, paske sètèn «òganizasyon dwa moun» avèk medya Gwoup 184 yo, kidonk ANMH deja ap fè travay siveye rapòte a nan idantifye kote ki genyen militan, senpatizan Lavalas ki nan kache, ak anplwaye leta ki dwe revoke.
Nan sans sa a popilasyon konstate nivo ipokrizi fòs okipasyon an lè li deklanche « kanpay dezameman», pandan gwoup kriminèl ame ki se manm Fwon rezistans Gonayiv la deside jounen samdi 24 avril la fè tantativ avèk zam nan men pou pran kontwòl komisarya Gonayiv la kote yon polisye blese, yo vòlè machin ke polisye yo te sezi nan men manm fwon an, libere prizonye, epi pote ale menm rejis komisarya Gonayiv la. Alòske twoup okipasyon an non sèlman prezan nan depatman Latibonit la prensipalman Gonayiv, men li idantifye tout asayan ak gwo zam. Plato Santral ansyen militè òganize parad lè yo vle san pwoblèm. Donk kanpay sa a antre nan kad klima represyon an ke yo vle tabli anndan peyi a, pou anpeche tout konbatan goumen kont okipasyon ak tout vye gouvènman defakto a k ap mare konplo pou likide tout antrepriz leta yo bay miltinasyonal yo. Se sa k fè diferan gwo potanta nan kongrè Etazini ak Lafrans ap fè vire tounen nan peyi a. Donk sa pa gen anyen pou wè ak yon dezameman efektif gwoup ame yo pliske yo konnen se konplis yo k ap fè e defè nan peyi a.