21 Avril, 2004

April 21, 2004

21 Avril, 2004
Vol. 22 No. 6
Majistra Médard ta renmen kenbe djòb li!

Anviwon yon mwa edmi, aprè blan meriken ak Lafrans te fin kidnape prezidan konstitisyonèl Jean-Bertrand Aristide ki nan Jamayik konyè a, anplwaye vwari meri Pòtoprens yo, jou 12 avril la òganize yon mouvman nan lakou meri a pou mande otorite de fakto yo panche sou pwoblèm yo epi peye lajan plizyè mwa travay yo yo dwe yo.

Chèf sèvis vwari a, Jean Ulrick Ulysse fè konnen ke gen anpil anplwaye k ap viv nan lari akoz yo pa ka peye yon kote pou yo dòmi. «9 mwa se twòp, fòk nou touche lajan nou… Lekòl ap voye timoun nou tounen, moun yo dwe kòb kay, yo pran ponya, yo dwe moun… Bò plas la pase w ap wè moun vwari ap kouche dòmi, nou mande otorite an plas yo pou yo ta degaje yo rapid pou yo ta fè yon jan pou panse ak kad sèvis vwari lameri Pòtoprens lan.» Nan menm sans lan sipèvizè vwari a Arthur Paul di ke li konstate ke se tout sèvis nan meri a ki paralize akoz anplwaye yo poko kapab touche: «Kwak yo dwe nou 9 mwa, nou gen volonte n ap travay toujou, men nou pa konnen si sa k ap fèt paske m konnen premye kote ki pou ta konsène se ta va meri Pòtoprens pou yo ta peye paske nou menm vwari a se nou menm ki pi demini k ap travay nan lari a.»

Antouka pwoblèm anplwaye vwari meri Pòtoprens ki pa ka touche gentan genyen gwo konsekans, lè yon moun te ka konstate, aprè lapli nan lannwit dimanch 11 avril la kote nan divès kwen zòn metwopolitèn nan se gwo pil fatra ki sanble.

Nan menm mouvman leve kanpe a, divès enspekte melanje ak kèk anplwaye meri a te denonse majistra prensipal Pòtoprens lan Yves Médard yo di k ap fè koripsyon nan administrasyon kominal lan. Daprè anplwaye yo Yves Médard ap itilize meri a pou okipe l de aktivite pèsonèl li. Yonn nan anplwaye yo Augustin Frantz kritike kòman ke meri Pòtoprens, ki se yon enstitisyon sosyal, e sou plan sosyal li pa janm fè anyen an tèm sèvis pou popilasyon an, ki tounen jounen jodi a daprè Augustin yon meri pewòl, k ap ranmase kòb epi peye moun pa yo, pandan anplwaye k ap travay depi 9 mwa pa ka touche, epi nan azil kominal prèske chak semèn plis pase 2 nan granmoun yo mouri akoz yo pa jwenn manje. Mete sou sa anplwaye yo tout yon seri sèvis ke meri a konn bay e ki rapòte l anpil lajan, tankou sèvis desè ki ta rapòte meri a 699 mill 500 goud, regilarizasyon kavo yo pran yon taks 1500 goud pou chak, epi pou mete l ajou yo pran 120 dola sou li ankò, sèvis ibanis ak achitekti prèske 125 mil goud chak mwa, sèvis afichaj 200 mil goud, pou sèvis pakin, yon taks 50 mil goud chak mwa, pou sèvis espas kominal yo, 60 mil goud, e pou 12 mache kominal yo, sa rapòte meri Pòtoprens yon afè 300 mil goud chak mwa, dapre Augustin Frantz. «Nou di apati taks dirèk sa yo, meri a rantre yon bagay, apeprè 2 milyon goud chak mwa, kòm taks dirèk sèlman ki rantre andedan meri a». Frantz kontinye pou di li sezi tande ke majistra Yves Médard aprè tout sa l fin fè andedan administrasyon kominal la gen kouraj pou monte sou radyo epi mande pou gouvènman defakto a dekese fon pou li, konsa anplwaye a mande «pou gouvènman Latortue a pou bloke kont lan jiska nouvèl òd epi mete entèdiksyon depa pou majistra Rassoul jiskaske lajistis kapab di mo pa l… Donk se koripsyon, vòl k ap fèt nan meri a ki fè ke anplwaye yo pa ka touche».

Pandanstan, prezidan komisyon kominal Pòtoprens lan, Yves Médard, nan yon konferans pou laprès jou mèkredi 9 avril la, te prezante yon bilan pozitif sou travay konsèy kominal la ta reyalize, kote l ta deja mete sou kote divès anplwaye ki selon limenm ta gen enplikasyon yo nan dezòd. Majistra Médard demanti akizasyon koripsyon anplwaye mete sou li e li estime ke se yon mannèv k ap fèt pou fè li pèdi djòb li, paske li te renvoye mesye sa yo pou koripsyon. L ap travay konyè a sou revokasyon yon seri anplwaye ki pa janm prezante depi kèk jou. Poze l kesyon sou yon seri kòb tankou enpo lokatif, kòb antèman, Yves Médard, fè konprann ke li prè pou rele otè akizasyon sa yo devan lajistis paske daprè li «yon moun pa kapab rete konsa pou akize yon moun nenpòt kijan».

Konsa tou premye majistra komin nan fè konnen ke l pa gen okenn pwoblèm si tout fwa nouvo gouvènman an ta deside kontinye kenbe l nan pòs li, si otorite yo nonmen yon lòt konsèy pou ranplase li prè pou kite administrasyon sa a.