14 Avril, 2004

April 14, 2004

14 Avril, 2004
Vol. 22 No. 5
Dirijan opòtinis Lavalas bliye ni Aristide, ni baz yo !

Fanmi Lavalas bay yon konferans pou

laprès nan lotèl Le Plaza madi 13 avril

2004 la, pou tabli sou diferan kesyon k ap fè aktyalite. Patikilyèman nan zafè eleksyon fo mamit ke gouvènman defakto Alexandre/Latortue a vle kroke nan gojèt pèp la an konplisite avèk fòs lokipasyon yo.

Senatè Yvon Feuillé, ki te louvri konferans lan te remèsye gwoup anndan kou deyò peyi a ki pote solidarite bay pèp ayisyen an nan jenosid planifye machin represyon okipan yo enstaure nan peyi a pou pèsekite, ak entimide tout militan pati a atravè peyi a, depi aprè depa fòse prezidan Aristide. Feuillé mande pou òganizasyon dwa moun kontinye foure je gade koman otorite defakto yo, ap kontinye vyole dwa moun, nan asasina politik, e rive pèsekite yon seri senatè ki an fonksyon. Ansyen depite Gilbert Angervil te prezante bay laprès plizyè ka vyolasyon dwa ke manb pati an ak tout popilasyon an ap sibi nan yon seri zòn, tankou: Sen Mak kote yon manb Ramikos boule tou vivan Patrick Fleury ak Dieuliphète Fleury ki se 2 frè. André Toussaint mouri dekapite daprè Angervil ki kontinye di: «manb Ramikos menm mete dife nan kay ansyen depite Amanus Mayette ak Freno Cajuste ansyen komisè gouvènman vil la. Avèk arestasyon, move trètman, ransonnman, vyòl elatriye ki blayi nan zò Sen Michel de Latalay yon kòmando, ki gen nan tèt li Dieujuste Jeune ap fè popilasyon an monte maswife, pandan l jwenn gwo pwoteksyon nan menm Endel Volma ki se yon ansyen chèf militè nan zòn nan.» Depite a te kontinye pou l di  ke nan Pòtoprens li resanse nan plizyè katye popilè tankou : Bèlè, Fò Twouwon, Fò Nasyonal genyen 40 moun ki deja fè vwèl pou peyi san chapo anba okipasyon militè meriken yo, Se rezon sa yo ak anpil lòt ki montre ke Fanmi Lavalas pa kapab deziye reprezantan l anndan Konsèy elektoral pwovizwa a, daprè depite Angervil.

Malgre tout bagay sa yo pati a te fòme yon delegasyon ki t al rankontre prezidan defakto a nan palè nasyonal pou t al swadizan ranfòse pozisyon yo parapò pwochèn eleksyon yo. Delegasyon sa a kite dirije pa ansyen depite Yves Christalin te mete devan defakto yo, plizyè pwen ki montre dezakò yo nan moman sa a toutotan pa genyen yon seri kondisyon ki mete pèp la an konfyans. Ansyen depite Christalin mande prezidan defakto a pran dispozisyon pou redeplwaye fòs polis la nan tout komisarya ki nan 9 depatman peyi a. Dezame tout vagabon kelkeswa sektè li ye a. Asire lib sikilasyon tout manb Fanmi Lavalas nan tout peyi a. Leve entèdiksyon depa tout manb Fanmi Lavalas ki se yon mezi ilegal.

Anpil manm òganizasyon popilè pa rive konprann sa k ap pase nan mitan pati Fanmi Lavalas apre yo finn kidnape prezidan Aristide epi Fwon Nò ap chase yo, touye yo toupatou. Li klè pozisyon dirijan sa yo pa gen anyen pou wè avèk kondisyon depa chèf pati a prezidan Jean Bertrand Aristide, avèk okipasyon peyi a, pa militè meriken yo, k ap simaye dèy nan katye popilè yo.

Pandanstan, kabinè avoka etranje k ap defann prezidan konstitisyonèl la site non plizyè gwo chabrak nan kèk anbasad nan Pòtoprens ki te jwe yon wòl majè ki te antoure move zak kite komèt nan lannwit 28-29 fevriye pase a. Jounen jodi a sektè ki reklame de dirijan pati a pa di yon mo sou akonpayman oubyen sipò moral ke yo ta dwe bay sèten kanmarad ki andifikilte yo. Patisipasyon sektè boujwa Lavalas la nan komisyon tripatit la atravè Lesly Voltaire te deja montre zak trahison sa a ta prale pi lwen. Se sa k fè pwoblèm okipasyon pa enterese yo. Nan sans sa a pèp la dwe rete vijilan pou veye tout raketè politik ki sòti pou fè l aksepte okipasyon an. Epi pase anba pye revandikasyon l yo.

Jounen jodi a, nou wè dirijan opòtinis ki nan tèt pati a pa pale koze kidnaping prezidan Aristide, ni represyon sou mas popilè yo ak militan Lavalas. Sa k enterese yo, sanble se eleksyon anba bòt okipan yo.