7 Avril, 2004

April 7, 2004

7 Avril, 2004
Vol. 22 No. 4
Kisa gwoup fanm sa yo t ap komemore?

Yon manifestasyon politiko-kiltirèl dewoule sou plas Katrin Flon sou Channmas nan Pòtoprens jou samdi 3 avril la, vè 10zè 45 nan maten ki te gen pou tèm: «Ann rekoud drapo a». Aktivite sa a te reyalize pa KONAP (Kòwdinasyon nasyonal k ap plede kòz fanm) ki charye divès òganizasyon fanm, ki di y ap batay pou chanje lavi ak dwa fanm yo ann Ayiti. Pou make dat sa a medam yo te angaje yon jwèt koken nan mitan aktivite a : kote yon bò, yo pat manke pa chante lwanj pou Katrin Flon pou kouraj ak detèminasyon l lè l te mete bò kote gason yo pou te ban nou endepandans, epi bay peyi a, yon drapo tou nèf. Yon lòt bò, sete yon mwayen pou kontinye mennen menm vye kanpay destabilizasyon an ki te fè patwon yo vinn kidnape prezidan konstitisyonèl la e tabli yon okipasyon nan peyi a. Yo te antoure plas la avèk yon dividal pankat ak bandròl chaje ak anpil eslogan kont prezidan Aristide ki sòt viktim de move zak ansyen kolon yo, 29 fevriye pase a. «Vle pa vle fòk Aristide jije. Jistis pou Jean Dominique, prizon pou Aristid, Arestasyon Yvon Neptune». Se sèl revandikasyon ki te nan bouch òganizatè yo. Pandanstan kèk minis nan gouvènman defakto Latortue a tankou Yves André Wainwright, Comeau Denis ak Adline Chancy, te vin pote solidarite e montre karaktè «ofisyèl» rasanbleman an. Men minis yo te oblije kouri kraze yon kite sa poutèt sèten etidyan sou bò pa yo t ap rele «aba okipasyon».

Medam gran zouzoun yo ki t ap taye banda anba mizik DJ Fanfan, ak Sosyete Djakata, te fè gwo pale sou enpinite, jistis, vyolans sou fanm, e fè yon jès senbolik lè yo koud 2 branch drapo ble e wouj pou montre ke sosyete a te dechire sou rejim Lavalas la men kounye a, pa gen pwoblèm. Nan deklarasyon l te fè nan ouvèti rasanbleman an Miryam Merlet te deklare ke «ann Ayiti, dezòmè apati mwa avril 2004 sa a menmsi n wè l fè nwa, li fè klè. Chechè l n ap wè limyè a». Ki limyè? Limyè okipasyon an!

Aktivite a t al pran fen devan palè jistis la pa yon manifestasyon, avèk deklarasyon Myriam Merlet e Olga Benoit ki mande pou otorite defakto pase kòd nan kou tout ansyen fonksyonè rejim Lavalas la epi restitiye lajan ak byen yo pou mete yo osèvis Leta. E mande pou konsèy saj la elaji, pou l genyen reprezantasyon tout sektè nan popilasyon an.

N ap siyale aprè entèvansyon fòs «rebèl» yo, kote plizyè santèn fanm yo ak pitit yo pase anba bal ansyen militè kote jou kite 5 fevriye 2004 la, yon kamyon ki te ranpli ak fanm madan Sara te sibi gwo domaj e menm pèdi lavi yo gwo lannwit pliske «rebèl» te mete dife nan kamyon an ak tout moun ki te ladan l. KONAP pa di anyen sou tray fanm k ap pase mizè nan Okap lè asasen yo touye pitit yo nan konntenè. San konte lòt zak ki pase nan vil pwovens yo, kote fanm yo viktim dirèk ou endirèkteman. Yo pa di anyen sou pitit fanm mas defavorise yo sou Bèlè, militè etranje yo ap sasinen. Donk li klè ke gran jipon sa yo pa gen anyen pou wè nan kad defann dwa fanm; se pito yon ti klik k ap chèche fwòtman bò kote laboujwazi ak anbasad peyi etranje yo, pou mentni ti privilèj yo sou do mas fanm yo. Se sa k fè yo pa mobilize e reyini avèk fanm k ap trimen nan faktori yo, ti machann ke vòlè ki lage nan prizon ap piye chak jou.