31 Mars, 2004

March 31, 2004

31 Mas, 2004
Vol. 22 No. 3
Nouvèl Kout Kreyòl

Kisa delegasyon sa a vle konnen?
Yon delegasyon konpoze ak 3 moun rive nan peyi a nan lendi 22 mas la. Gen ladan li yon jounalis chèn televizyon CNN Robert Novak (Gwo reyaksyonè!) e yon avoka meriken Robert Mackenles e yo te rankontre prezidan pwovizwa defakto a Boniface Alexandre. Se lidè MDN nan Hubert Deronceray ki te resevwa yo nan otèl Vila Kreyòl nan Petyonvil e ki eksplike ke objektif vizit yo a se vin swiv kòman pwosesis tranzisyon pouvwa politik la ap mache nan peyi Dayiti.

Minis Finans lan jele tout kont kouran
Nouvo minis Finans lan, Henry Bazin jele jou 23 mas la tout kont kouran Leta ayisyen epi anile tout chèk ke gouvènè bank nasyonal la, Venel Joseph te bay nan 19 mas 2004. Li mande tou pou Venèl Joseph anile dwa siyati tout moun sou kont kouran bank santral, sikisal BRH oubyen lòt òganis endepandan yo. Daprès nouvo minis Finans lan Henry Bazin, Gouvènè bank santral la dwe enfòme sistèm finansye yo epi annatandan yo fè transmisyon lòt espesimenn siyati nouvo òdonatè tout chèk kont kouran.

Enstalasyon minis Agrikilti
Premye minis defakto a, Gérard Latortue enstale jou madi 23 mas 2004 la, agwonòm Philippe Mathieu kòm nouvo minis Agrikilti resous natirèl ak devlopman riral. Gérard Latortue mande bourad kominote entènasyonal la pou pèmèt gouvènman defakto a fè fas ak sitiyasyon difisil ki la.

Kiba pap koupe zanmitay ak pèp ayisyen 
Kiba ap tann siyal nouvo gouvènman Gérard Latortue a pou kontinye koperasyon ayisyano/kiben. Anbasadè Kiba ann Ayiti a Rolando Gomez Gonzalez endike jou mèkredi 24 mas la, ke peyi li pap janm gen entansyon pou l fè enjerans nan zafè politik peyi Dayiti, lò li vle chwazi moun ki pou dirije li.

Gérard Latortue ap mande padon devan Karikòm
Nan yon nòt pou laprès lendi 22 mas pase a, Premye minis defakto a Gérard Latortue deklare ke «swit ak dènye diskisyon yo ke m (li) te fè avèk sekretè jeneral Karikòm nan, Edwin Carrington, nou te klarifye malantandi ke n te genyen dènye tan sa yo avèk Karikòm »…N ap raple ke sa te rive tou swit aprè ke Premye minis defakto a te pran desizyon pou l te kanpe sou relasyon Ayiti avèk Jamayik e Karikòm. Dirijan Karikòm yo pa aksepte e yo pat aksepte li vini nan reyinyon yo ki te fèt St Kitts la paske yo di li se pou li rekize frekansite sa li t ap fè a san li pa gen kouraj pou li kanpe debou.

Prezidan Aristide pa enterese ale Nijerya
Nan yon kominike ke pòtpawòl prezidan Obasandjo nan Nijerya piblye 22 mas la, li fè konnen ke Nijerya dakò pou bay prezidan ayisyen an Jean-Bertrand Aristide azil politik. Men daprè yon pwòch prezidan Aristide, li pa t twò enterese ak òf sa a, e se ta Afrik di Sid ki va resevwa li apre eleksyon nan mwa pwochen nan peyi sa a. Fòn sinyale tou ke wa Alada yo nan peyi Benen an te di tou li pre pou resevwa lakay li prezidan Aristide ke l konsidere tankou frè Tousen Louvèti ki rasin li te sòti nan Benin.

Biwo Leta toujou bloke
Yon semèn aprè enstalasyon gouvènman defakto a, aktivite yo toujou poko redemare nan administrasyon Leta yo, malgre yo te prevwa reouvèti yo pou lendi 22 mas pase a. Tout anplwaye yo, tankou nan Teleko ak nan DGI prezan men anyen poko fèt pa bò kote otorite defakto yo, pou pèmèt ke aktivite yo reprann kòmsadwa. Sitou nan kestyon pwoblèm blakawout la nan kapital la, kote depi aprè depa fòse prezidan Aristide moun pa janm wè kouran.

NCHR ap defann defakto yo!
Nan kad operasyon otorite defakto yo lanse kont militan ak patizan Lavalas yo, jou lendi 22 mas polis nasyonal la arete Yvon Antoine alyas Yvon Zap Zap ki daprè defakto yo ta enplike nan dezòd ki te fèt nan fakilte Syans Zimèn jou 5 desanm 2003 a. Dapre Yolaine Gilles nan Kowalisyon nasyonal pou dwa ayisyen (NCHR) dwa misye pat vyole. Se dwòl Yolaine Gilles kouri vini bay «asirans» sa yo!