24 Mars, 2004

March 24, 2004

24 Mas, 2004
Vol. 22 No. 2
Sólda meriken tire moun yo pito!

Dimanch ki te 21 mas 2004 la, moun Lasalin leve jwenn 5 jenn gason mouri anba bal, ak bra yo mare dèyè do yo epi sache plastik nwa nan tèt yo. Yon jenn gason nan zòn nan, Ernseau Bolivar fè konnen se Lapolis ki touye 5 jenn gason yo. Bolivar di yo vin pran ti mesye yo epi yo ale avèk yo. Antouka, ou mèt sèten koze sa a pap fè bri paske se moun Lasalin donk se « chimè ». Nap tann sa minis Gousse ap di.

Antouka, bò kote pa yo militè meriken pap dòmi nan fè zak kraze zo. Samdi swa yo ouvè anba bal yon machin ak 2 moun ladann sou Pont Morin nan kapital la. Men fwa sa a se pa «chimè» se 2 manm Platfòm opozisyon an. Yonn nan yo se Marcel Lucmane ki se manm Mouvman pou Rekonstriksyon nasyonal (MRN). Lòt la rele Louis Rene Balmir, yon óm dafè ki pran 7 bal. Solda merin meriken yo di ke se rete misye pa rete machin li lè yo ba li lód stope.  Oa chans yo pa mouri, e yap pran swen lopital.

N ap fè sonje minis jistis Gousse te avoka M. Balmir nan koumansman mwa janvye a, paske misye te jwenn arestasyon l, ak 2 lòt kanmarad li nan zòn Bwa Vèna 1e janvye 2004 la, nan men CIMO. Lapolis epòk sa a te di yo te jwenn zam sou yonn nan yo. Yo te jwenn liberasyon yo apre kèk tan. Jodi a, èske mèt Gousse an mezi fè ansyen kliyan li a jwenn jistis? se pa sèten ! jounen jodi a lane 2004 peyi Dayiti anba bòt lame meriken ak franse, se yo ki fè e defè. Lè fini, okipan yo genlè pa rekonèt ni «chimè», ni «bon moun».

Antouka, dapre ajans près (AP) merin meriken jwenn yon pistolè ak 3 chajè nan machin mesye yo. E Majò Richard Crusan di ke «nou pa konnen si merin yo tire paske machin nan pa rete pou fouy la, osnon si moun nan machin nan tire sou yo». Men dapre Balmir, youn nan viktim yo, li gen pèmi pou zam li ki te nan etui li lè blan yo tire li. Men li mèt di sa li vle, se okipasyon, blan yo ap fè sa yo vle an tout enpinite. Dwa de lóm, se epók gouvènman prezidan Aristide moun te gen dwa reklame sa.