17 Mars, 2004

March 17, 2004

17 Mas, 2004
Vol. 22 No. 1
PPN:
«Ann rekare batay la pou yon lòt 1804»

Trèz jou aprè yon eskòt militè blan meriken te kidnape prezidan konstitisyonèl ayisyen an, Jean-Bertrand Aristide nan Pòtoprens jou dimanch 29 fevrye 2004 la, fòse chèf leta a ekri lèt demisyon li anba gwo presyon ak akizasyon krim, entènasyonal la fabrike kont li, epi pimpe li nan vil Banggi peyi SantAfrik ; kote kidnapè entènasyonal yo koupe tout mwayen kominikasyon prezidan Aristid ta dwe pran pou konimike ak rès lemond lan. Koudeta kidnaping entènasyonal sa a, sanble tèt koupe ak aksyon kolon franse yo lè yo te fè dappiyanp sou prekisè endepandans ayisyen an Toussaint Louverture ke yo te al jete l nan kacho «Fò de jou» nan món Jura nan peyi Lafrans. Se te yon manyè pou te kab bay jarèt ak endistri lesklavaj la nan Sen Domeng kidonk lil Dayiti.

Ebyen Pati popilè nasyonal (PPN) fikse pozisyon l klè kou dlo kòk jou vandredi 12 mas la sou divès kalite zak vyolans k ap fèt tribòbabò nan kapital la ak rès vil pwovens peyi Dayiti. Nan yon konferans pou laprès PPN bay plizyè jounalis nan pòtoprens, yonn nan manb biwo politik PPN Georges H. Honorat denonse divès plan makab aprè debakman fòs entèvansyon militè meriken ak Lafrans. Represyon okipan yo sètadi Etazini ak Lafrans ap fè nan Pòtoprens ak rès zòn yo. PPN site plizyè zak kriminèl militè meriken komèt nan Dèlma 67, kote yo krible ak bal yon kay ki te gen plizyè jèn gason ak jèn fi. PPN denonse ankò masak bra ame «opozisyon» an ap fè toupatou nan peyi a, sitou nan Okap ayisyen, kote popilasyon Okap la dekouvri yon konntenè ki chaje moun mouri. Epi nan katye popilè yo, enperyalis meriken ak kolon franse yo ap monte yon plan makab pou fè pwovokasyon pou kab fè yon masak. Se konsa nan vandredi 12 mas la fòs okipasyon yo touye pase 6 militan sou Bèlè. Dimanch 14 la plis pase 14 militan OP pèdi lavi yo. Taktik okipan yo se voye yon fize anlè ki klere zòn nan defason pou yo ka wè kijan y ap touye moun.

Manb biwo politik PPN nan denonse tou alyans «Platfòm Demokratik» makouto-boujwa a ak sektè boujwa Lavalas la atravè Leslie Voltaire k ap kolabore ak fòs okipasyon an, Etazini ak Lafrans. Kidonk sektè boujwa Lavalas la ap kore koudeta kidnaping kont gouvènman konstitisyonèl ayisyen an. Sa se yon trayizon kont mas pèp ayisyen an. PPN fè konnnen dezòd sa yo kontinye ap bay gwo kè sote pou avni demokrasi a nan peyi dAyiti aprè ke pèp ayisyen an fin selebre 200 lane endepandans nasyonal la 1er janvye 2004 la. Nan sans sa a, manb biwo politik PPN nan Georges H. Honorat mande pèp mobilize e òganize yo pi plis toujou pou bay rezistans popilè a jarèt, pou rekare batay la pou yon lòt 1804. PPN lonje dwèt li sou ti lelit konze ki Gwoup «184» la ak Konvèjans lan ki fòme Platfòm swadizan «Demokratik» la, ki te toujou ap di nan radyo ke y ap apiye tout fòm entèvansyon ki vize pou ranvèse otorite konstitisyonèl yo sou pouvwa a, patikilyèman prezidan Jean-Bertrand Aristide: «Boujwazi a mande patwon l tanpri souple vin okipe peyi a, pou vin mete mas pèp la nan plas li. Paske mas pèp la pa dwe chwazi moun ki nan lide l, ki pou dirije peyi a ». PPN denonse tou manti, dezenfòmasyon k ap bay sou koze demisyon prezidan Aristide la. Kontrèman ak pawòl k ap di pou fè moun dòmi kèk konze nan platfòm makouto-boujwa a ap repete apre patwon yo Georges W. Bush, kòmkwa prezidan Aristide bay demisyon l. Enben PPN demanti manti sila a: «Nou tande pratikman tout moun platfòm nan ap repete aprè patwon yo, kon jako repèt, ke prezidan Aristide bay demisyon l. Noumenm nan PPN, n ap di se pi gwo manti yo ka fè, e yo pap ka blofe pèsonn. Donk se yon lòt entèvansyon meriken fè ankò sou peyi dayiti, menm jan ak 1915.» Responsab PPN nan kalifye entèvansyon militè Etazini ak Lafrans fè sou bout tè Dessalines nan kòm yon konplo ki te byen planifye depi kèk tan: «Paske yo te konnen ke opozisyon sa a ak bra ame li a, pa t ap kapab jete rejim nan. Se atravè dezòd yo fè mesye yo fè nan kèk vil nan peyi a, pou kreye kawo, sitiyasyon anachik, yo pran pretèks pou vin fè kidnaping 29 fevrye 2004 la. Dayè, se tèlman se yon dappiyanp, ke yo mennen prezidan Aristide jouk nan Santafrik, kote se gras ak yon telefòn pòtab, li te rive denonse sa ki te pase a.» Manb PPN nan fè konnen te gen yon delegasyon ki te sòti Etazini, pou te al wè prezidan Aristide, kidnapè yo te entèdi delegasyon an pran kontak ak li: «Finalman, yon manb delegasyon an ki te gen nimewo pòtab la rele e se madanm prezidan ki reponn. Apèn yo di yon fraz kominikasyon an koupe, donk si se pa yon kidnaping ya di sa l ye? Pou noumenm nan PPN se yon koudeta kidnaping yon chèf deta, ki pa figire ditou nan konstitisyon peyi a. Se sa k fè prezidan Aristide fè konnen l ap goumen pou l tounen fini manda konstitisyonèl li.... ». Antouka se boujwazi a ki mande entèvansyon an menm jan ak peryòd okipasyon meriken an 1915. Se sa k fè Georges Honorat fè politisyen rat do kale sa yo sonje kòman ansyen diplomat nò ameriken an Brian Dean Curran te joure yo dilè dwòg epi kontrebandye epi se bravo yo te bat pou sa, kote anbasadè Curran te di « Politisyen » sa yo pa vo anyen, se lòt kad ki sòti nan inivèsite Etazini ki pou vin dirije peyi dayiti «Menm jan alepòk lokipasyon yo te ba yo Elie Lescot kite sot Wachintonn, Etazini yo detere nan Miami Gerard Latortue, yon lòt konze, pou vin 1e minis ak yon prezidan popetwèl Boniface Alexandre, yon fason pou plan neyoliberal kidonk privatizasyon tout rès antrepriz piblik yo ke ansyen 1e minis OPL Rosny Smath te kòmanse avèk vant Siman dAyiti ak Minotri.»

Dirijan Pati Popilè Nasyonal la denonse tou sektè boujwa Lavalas la, atravè Leslie Voltaire ki trayi mas pèp la , k ap kolabore ak okipan enperyalis yo aprè depa fòse prezidan Aristide la. Antouka, atravè tout zak vyolans sa yo ke fòs entèvansyonis yo ap kontinye fè toupatou nan peyi a, anpil obsèvatè ap poze tèt yo kesyon pou mande pouki sa oganizasyon ki di y ap milite nan domèn dwa moun tankou NCHR, POHDH, Konferans episkopal, Jistis e Pè elatriye pa denonse plizyè zak kriminèl militè meriken ak Lafrans ap komèt nan peyi a? Epitou poukisa près ki bay tèt yo non «près endepandan» an pa denonse zak briganday kriminèl sa yo? Si yo te gen kouraj pou te denigre gouvènman Lavalas la yo di ki t ap vyole dwa moun nan peyi a. E kounye poukisa yo pa kontinye fè sa? Sa montre klèman ke pa gen okenn afè près endepandan. se travay y ap travay pou konze nan Platfòm nan ki yomenm se restavèk Washington ak Paris. Se pou tout bagay sa yo PPN te konkli konferans près la pou l di: «Ann rekare batay la pou yon lòt 1804.» l