Nan okazyon jounen espesyal pou tout fanm sou latè, sitou fanm k ap goumen pou lavimiyó, pou lavi chanje katye. Nou pap bliye tout fanm ki tonbe nan goumen pou peyi sa a ak tout fanm k ap kontinye lite kont lènmi pèp Ayisyen an.
Fanm nan peyi Dayiti pa kab bliye tray li konn pase nan koudeta, koudeta Namphy pou mete Manigat, koudeta Jean Claude Paul pou voye Namphy bwachat, koudeta Namphy pou voye Manigat nan fatra ak kèk bon pataswèl. Koudeta Pwospè Avril ak swadizan ti solda pou fini nètalkole ak Namphy, koudeta Rebu , Qwalo ak Biambi, koudeta Lafontan, pase lan koudeta Sedras ak Michel Franswa jouk nou rive jounen jodia nan koudeta Kominote Entènasyonal. Koudeta sa a pi grav nèt paske se chèf koudeta yo menm ki antre setfwasi vin bay li.
Panzou sa a Lafrans Etazini, Kanada ak Loni bay pèp Ayisyen an se dènye kou pou touye koukou.Si gen moun ki pou di n sa koudeta ye se fanm yo paske se yo ki konn doulè, pitit yo pèdi, mari ak frè yo pa janm wè anko, san bliye vyolans kadejak yo konn fè sou yo..Ki fanm ki bliye Toto Konstan ak Jodel Chanblen deja?..
Nan okazyon jounen koudeta sa a an nou reflechi sou ti powèm sa a Jean Bertrand Aristide te ekri :