03 Mars, 2004

March 03, 2004

03 Mas, 2004
Vol. 21 No. 51
200 lane apre:
Fransè yo retounen

by Berthony Dupont

Depi aprè revolisyon 1804 la, kote lame endijèn lan te mete lame Napoleon Bonaparte la an dewout nan yon batay totalkapital nan Vètyè, Lafrans pa janm sispann fè piwèt pou l te kab jwenn mwayen pou kolon yo tounen sou tè Desalin nan.

Se konsa nan lane 1806, yo fóse Peyi Etazini mete yon anbago sou peyi Dayiti. Yo kreye yon bann deblozay lan peyi a jouk yo destabilize gouvènman Janjak Desalin lan. Sa pa sifi pou yo, nan konplisite ak konze Ayisyen yo, yo rive touye Desalin nan Ponwouj. Anfet pou repete youn nan ajan teworis Lafrans te voye an Ayiti an 1804 ki te rele Ducoudrey: «Lafrans pa p janm fè bak sou rèv li genyen pou l tounen okipe tè sa a anko…»

Se pa san rezon, depi Ayiti koumanse ap prepare pou yo selebre bisantnè endepandans peyi a, tout plim leve sou do Lafrans kote Yves Gaudeul ki te anbasè Lafrans alepók an Ayiti avèk anpil awogans nan yon dejene-deba ki t ap fèt nan lotèl Montana jou jedi 18 avril 2002 antre bouch li byen fon nan koze politik peyi a. Gouvènman Lavalas la te sèlman konvoke Gaudeul nan yon rankont ki te fèt ant Neptune ak limenm nan primati a kote yo kondane sa anbasadè a te di yo, epi tout bagay fini, pa gen danje. Nan okazyon 14 jiyè 2002 jou fèt nasyonal Lafrans, Gaudeul residive, men pawól ki te pi grav la se 16 septanm 2003 li te lage l tankou yon bonm nan peyi Dayiti: «Mwen santi bagay yo pral difisil, m ap di nou tanpèt yo se pa sèlman nan peyi Etazini y ap fèt, (se yon referans ak tanpèt Izabel ki t ap pase Ozetazini) yo kab rive isit tou, yo pral pase isit tou…» Poutan Gouvènman Ayisyen an pa janm pran sa oserye pou yo te kesyone Lafrans sou pawól Yves Gaudeul yo, paske pawól yon anbasadè se pawól leta peyi l. Yo pa janm fè anyen ak sa ni voye yon pinga bay Lafrans.

Sepandan prezidan Aristid depi nan selebrasyon lanmó Tousen Louvèti mande Lafrans restitisyon ak reparasyon non selman pou lesklavaj yo te mete nou, men pou katreven dis milyon fran yo te fè nou peye nan lane 1825 kóm yon dèt dèske nou te pran endepandans nou. Tout bagay sa yo vin akselere konplo enperyalis yo franse ak meriken sitou pou destabilize nou, fè koukouwouj sou nou nan laprès, pou n pat menm selebre bisantnè endepandans lan.

Se lan kontèks sa a, 29 fevriye ki sot pase a Lafrans, Etazini, Kanada ak konplisite Loni antre an Ayiti, yo kidnape Aristide, menmjan Leclerc ak Brunet te kidnape Tousen Louvèti an 1802, pou yo te vin retabli lesklavaj, men fwa sa a,se pou yo te kab ouvè pót peyi a pou yon lót okipasyon, epi imilye nou, mache sou diyite nou, yon fason pou fè konprann 200 lane endepandans nou an pa vo anyen, gade lan eta nou ye, konsa Matinik, Lagwadeloup ak Pótoriko pap bezwen goumen ankó pou libète yo, pou endepandans peyi yo.

Solda etranje mele ak franse sou tè Desalin lan epi ou jwenn gen Ayisyen ki kontan, k ap bat bravo. Militè ansyen kolon yo ap paweze nan ayewopó Ayiti, nan tout lakou palè nasyonal Ayiti, yo kanpe sou channmas bó estati fondatè nasyon an Janjak Desalin limenm ki te di «Lafrans pa dwe janm okipe peyi sa a anko, pito nou mouri pase pou nou viv sou dominasyon yo…», epi ou jwenn gen Ayisyen ki kontan k ap selebre, k ap swete lót bón fèt...

Trajedi sa a k ap pase jounen jodi a nan peyi a li pa yon pwoblèm Aristid, anfèt li depase kad Aristid la, se yon fo kriz peyi enperyalis yo te kreye nan peyi a pou yo te kab mennen nou kafou imilyasyon sa a . 200 lane aprè, Lafrans retounen bradsoubradsa ak Etazini, malgre divèjans yo genyen pou lwil Irakyen an men yo antann yo pou yo sal figi nou, pase bisantnè endepandans nou an nan tenten.

Nan sans sa a tout patriyót konsekan dwe leve kanpe pou goumen kont labou enperyalis yo vin pase nan figi pèp Ayisyen an sou pretèks yo vin delivre nou, se menm pawól sa yo Napoleon te di lè l te voye ekspedisyon Leclerc li a an 1802: «Vini donc ranje coté Capitaine général. Cé la Pè li porté; cé tout zafer é li vin rangé, cé bonher tout monde li vlé... »

Se menm pawól sa yo jounen jodi a Bush, Powell, Chirac ak De Villepin ap voye bay pèp Ayisyen an yon fason pou l pa goumen kont okipasyon an. Yon fason pou l pa goumen kont lame Louis Jodel Chamblain ak Guy Philippe la. Yon lame delenkan FRAPH sou kontwól CIA, Washington batize “lame rebel”.

Pitit Desalin yo, noumenm ki gen san lanperè a nan venn nou, noumenm ki pa janm vle vann diyite nou, noumenm ki gen san Chalmayperal lan venn nou, an nou leve kanpe, pou n pa kite konze ayisyen yo ak «Kominote Entènasyonal Teworis» la mete do Ayiti atè, premye peyi ki kaba lesklavaj sou latè, premye peyi ki fè revolisyon sosyal ak antikolonyal, premye peyi nèg endepandan sou latè.