25 Fevrier,  2004

February 25, 2004

25 Fevrye,  2004

Vol. 21 No. 50
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Manif etidyan yo :
Yon kanaval pwovokasyon

Se jou vandredi 20 fevriye 2004 la ke yon gwoup « Etidyan » nan Fakilte Syans Zimèn ak INAGHEI te òganize kèk aktivite kiltirèl e mizikal, nan lakou fakilte Syans zimèn, nan kad yon swadizan festivite kanaval etidyan yo pou lane 2004 la nan Pòtoprens. Tèm yo te chwazi pou bagay yo a se « Grenn nan boudanaval, abanaval », yon fason pou kontinye fè plis pwovokasyon. Se Dj Fanfan ki t ap kreye animasyon kote yo t ap chante epi di move pawòl piman bouk kont chèf leta a, men ki montre atachman yo ak yon gwoup teworis nan Gonayiv k ap simen dèy nan popilasyon yo : « Pral gen kouri, nou di pral gen kouri », « aba Aristide, viv tizwit », « Grenn nan bouda se jile pa bal, n ap pote boure », « Prizon pou Aristide, li travay pou prizon, li merite prizon ». Te gen divès ti pankat nan men « Etidyan » ak sipòtè sektè « opozisyon » an ki te vin kore anbyans kanaval komokyèl yo a.

Yo te anviwon kèk santèn konsa ki t ap pyafe mizikalman nan lakou Syans Zimèn nan. Vè 1nè 55, aprè ke yo fin banbile kont kò yo anndan fakilte a, gwoup « Etidyan » sa yo te deside pran lari pou manifeste, aprè ke òganizatè « manifestasyon » yo te fin pran refi anba men lapolis, ki te avèti yo davans ke polisye yo deja ap mobilize yo pou bay moun k ap vin yaya kò yo nan kanaval Bisantnè endepandans nasyonal la sekirite k ap dire 5 jou. Kidonk, lapolis pap kab sekirize « manifestasyon » sila a. Enben plizyè santèn « Etidyan » melanje ak sipòtè mach ilegal sila a, te pakouri nan plizyè ri nan kapital la san konkou lapolis. Daprè yo menm ki pat gen pakou fiks. Yo te sòti nan Syans Zimèn avni Kristòf, vire ri Kadè Jeremi, Plas Jeremi, desann nan Maglwa Anbwaz, ri Kamo, ri Nikola pase devan radyo Karayib riyèl Chavàn kote yo t ap di : «Radyo Karayib, peyi a se pou ou kale bouda w jan w vle». Men se sou chak ri yo franchi, yo t ap joure moun ki pat deside pran pa nan «mouvman » yo a, ki vize senpleman destabilize peyi a, yon fason pou ti klik reyaksyonè yo ka pran pouvwa a ak fòs san ke yo pa pase nan eleksyon kredib ak demokratik. Pandan ke y ap vanse pou pran direksyon plas Kanapevè a, se la a bagay yo pral gate. Kote yo t ap di gwo pawòl pwovokasyon «Aristide se dilè dwòg, si ou konnen ou pa dilè dwòg, voye rele Ketan… » ; « ou ta renmen Aristide ale, w ap negosye pakou, kòman l ap fè ale, pòt magazen ou ouvè kòman l ap fè ale», epi manifestan yo t ap voye wòch nan tout direksyon, kote timachann, bizismann, machin sitwayen pezib ki te gare sou Kanapevè a pat epaye anba kout wòch «etidyan» ajitatè yo. Manm OP Lavalas yo riposte ak kout wòch ak «Etidyan» sa yo, ki lakoz yon ventèn moun blese ak bal plon fizi 12 pami yo yon jounalis radyo Ibo Claude Bellevue resevwa 2 plon nan do l, men ki pa grav. Daprè enfòmasyon yo, ta sanble gen yon jounalis etranje ki resevwa yon kout manchèt nan kou li, men laprès pat gentan konstate sa. Yon manifestasyon ki te kòmanse san lapolis e ki fini san lapolis, ak anpil pwovokasyon.