18 Fevrier,  2004

February 18, 2004

18 Fevrye,  2004

Vol. 21 No. 49
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Ramikop ak Kisa di : teworis se pwazon vyolan kont nasyon an

RAMIKOP (Rasanbleman dè Militan Konsekan pou la Pè ak) KISA  ki se (Konbit Inite pou Sove Ayiti) salye laprès an jeneral nan batay pou demokrasi y ap mennen pou avansman peyi Dayiti. Yon lòt fwa ankò RAMIKOP ak KISA ap salye pèp ayisyen an ak prezidan Titid pou kouraj ak detèminasyon yo genyen pou retire peyi a nan mizè rere zòt mete l jounen jodi a. RAMIKOP ak KISA ap kontinye pou di eleksyon wi, koudeta non, Restitisyon ak Reparasyon wi, anachi non, vyolans ak kriminalite non. N ap di teworis yo nou pat kwè sa pou yo, yo medizan y ap fè kalomni y ap avili pèp ayisyen an nan di sak pa sa. Se enstitisyon Leta a yo ke yo vle kraze. RAMIKOP ak KISA ap mande èske se paske gen moun ki gen diyite nan je pèp ayisyen nan fason y ap defann peyi a. Pèp ayisyen an pran nòt : ipokrit ak chantaj swadizan reprezantan Bondye yo k ap sèvi ak mizè, grangou tout yon popilasyon pou fè kapital politik yo. Nou menm pèp ayisyen, ann veye bann teworis ki antoure, ki deside touye rèv ak lespwa nou.

Nou menm nan RAMIKOP ak KISA : nou mande pou Leta ayisyen, pran reskonsabilite l an men pou l frennen tout fòm teworis sa yo tankou :

  1. Teworis nan administrasyon Leta yo k ap fè konplo sou do gouvènman an, ki rann gouvènman an paralyze.
  2. Teworis nan lekòl tankou Jozye Merilyen ak la pli pa fo direktè lekòl.
  3. Teworis nan inivèsite, tankou Syans Zimèn ki sèvi yon sant dantrenman de teworis fo etidyan aysiyen.
  4. Teworis politik tankou Guy Filip ki se pi gwo chèf teworis, chak fwa li vini fè yon zak nan peyi a li kouri an Repiblik Dominikèn.

Nan sans sa a nou mande gouvènman an, pou l kontwole antre teworis sa yo ki se yon pwazon vyolan kont la nasyon nan. N ap mande Premye minis lan, ministè de Lenteryè, ministè de la Jistis, Sekretèri Deta a la Sekirite Piblik. Pou mete aksyon piblik an mouvman kont teworis nou pral site yo : Prens Sonson, Dani Tousen, Andre Apèd, Chal Bekè, Evens Pòl (Kplim), pastè Luc Mezadye, Ybert Deronsre. RAMIKOP ak KISA ap reklame arestasyon Evens Sentilus ki ansanm ak Ybè Deronsre ki voye yon kamyon materyèl degè nan Gonayiv. Men rès teworis ki nan Jakmèl yo : Joël Jn Baptiste, Gérald Marturien, Maurice Jeudy ki se ansyen anplwaye Bèk Sidès. Pandan ke n ap mande Evens Moransi ki se direktè lapolis Sidès la disip Dani Toussaint pou l resezil bò kote pèp la.

Pou n fini : RAMIKOP ak KISA ap mande pèp ayisyen an pou n imite san rezèv zansèt nou yo si prezidan Aristid gen tèt fè mal.

Jeanty Williams,
Patrick Payen,
Thelisma Ronald,
Ernst Bernado
13 fevriye 2004