Jedi ki te 5 fevriye 2004, teworis ame «opozisyon» yo, pami yo Jean Tatoune, yon bandi ki te sove nan prizon kote lite kondane nan masak Raboto ki te fèt pandan koudeta a, e ansyen militè ki sot an Repiblik Dominikèn te atake komisarya Toussaint Louverture nan vil Gonayiv. Se sa bra ame «opozisyon» an, oubyen Platfòm demokratik la oubyen tou Gwoup «184» Apaid la, bliye li pa fè. Dapre kominike #1 Direksyon jeneral polis nasyonal la: «Jedi 5 fevriye 2004, endividi loudman ame ki fè pati yon asosiyasyon ki rele tèt yo «Fwon Rezistans Raboto» ak kèk lòt bandi ki sòti sou fwontyè a atake komisarya santral Gonayiv la avèk fizi daso ak grenad fragmantasyon. Yo touye plizyè moun nan popilasyon sivil la, e menm rive atenn kèk vanyan polisye … yo libere prizonye pami yo, yon pakèt kriminèl ke lajistis kondane. Yo piye, yo boule machin, boule kay sitwayen … ak ensandye komisarya Gonayiv la… ». Se bilan lapolis fè nan yon kominike ki date 7 fevriye 2004 la.
Men, fò nou di ke teworis yo, se pa dega sa yo sèlman yo fè, dapre kèk radyo ki fè pati «opozisyon» k ap fè zak teworis jounen jodi a. Ou gen radyo Metwopòl, Vizyon 2000, Kiskeya, Karayib, elatriye ki ouvè antèn yo bay Winter Étienne, youn nan chèf Teworis nan Gonayiv la, pou preche lavyolans e pou l ka di dega yo fè tankou vante tèt li ke li boule yon lotèl ak kay prive ansyen majistra Stephen Topa Moïse, nan Gonayiv.
Pandanstan direksyon lapolis la pran dispozisyon pou al mete lòd nan Gonayiv. Se konsa jou maten 7 fevriye a, prezidan Aristide ki t ap inogire yon plas nan site Solèy ak 3 plas nan Kafou Aeropò ak Delma fè konnen nan maten 7 fevriye ke polisye rantre Raboto pou al mete lòd. Dimanch ki te 8 fevriye a pòtpawòl polis la Bruce Myrtil ki te sou lèzond radyo Solidarite ansanm ak Premye minis Yvon Neptune te fè konnen: «… fòs espesyalize polis nasyonal la te debake samdi 7 fevriye 2004 la nan Gonayiv pou mete men sou kriminèl yo, etan l ap remete lòd nan zòn lan. Lè teworis yo aprann lapolis reprann kontwòl vil Gonayiv, yo kouri atake komisarya a e sèvi ak moun nan popilasyon an kòm boukliye. Pou anpeche yon beny san, polisye yo te sispann operasyon an e yo te fè yon retrè… Dapre yon bilan pwovizwa gen yon mò nan kan lapolis la… ki fè pati «swat team» ki rele Douckens Guistinvil. Genyen tou kèk blese nan kan lapolis la. Malgre zak teworis sa yo polis nasyonal la toujou prezan nan depatman Latibonit lan espesyalman nan Gonayiv… ». Premye minis Yvon Neptune, bò kote pa l fè konnen ke «Se yon seri zak terè, se yon seri zak ki pa kadre avèk demokrasi… »
Zak teworis, pou simen latwoublay nan peyi pat rete la. Teworis ki simaye nan 2, 3 kote nan peyi a mete dife nan kèk komisarya, fè kèk egzaksyon sou sitwayen pezib epi chape pou l yo. Se konsa jou 7 fevriye a yon gwoup nan «opozisyon» an yo rele «RAMICOSM» rantre nan komisarya St. Marc epi sakaje l. Y ale nan dwàn vil la, yo sakaje l tou e yo boule konntenè elatriye. Menm zak briganday sa yo te fèt nan komisarya St. Raphaël, Grand-Goâve, Twou di Nò e nan kay diferan responsab Lavalas.
Fò k nou di ke depi jou 5 fevriye 2004 la, radyo gwoup «184» Apaid kreye yon veritab laperèz nan mitan popilasyon nan peyi a. Pi presizeman se: radyo Metwopòl, Vizyon 2000, Karayib, Kiskeya, Ibo. Se ouvètman teworis yo ap pale sou radyo sa yo pou fè konnen dezòd y ap fè e dezòd yo pral fè. Pa egzanp gen yon korespondan radyo Ibo, jou 8 fevriye a, ki entèvyouve Winter Etienne sou antèn yon radyo lokal nan Sid peyi a. Nan entèvansyon Etienne nan, li fè konnen li tou pre vil Okay, donk l ap rantre. Sa w tande a popilasyon Okay la vin tèt anba alòske vil la te trè kalm. OP Lavalas yo, antouka, te mete barikad toupatou pou si se ta vre teworis yo ta vle vin fè dezòd nan vil la.
Lè w ap analize sitiyasyon a ou ka wè ke «opozisyon» an gen 2 zam : radyo nou sot site pi wo a epi zak teworis y ap fè pou destabilize peyi a, mete latwoublay nan peyi a paske yo konnen yo se yon «ti minorite zuit» tankou prezidan Aristide di. Donk kòm yo konnen y ap pèdi nan nenpòt ki eleksyon, sè l rekou yo genyen se lavyolans pou pwovoke gè sivil epi pou patwon yo kidonk enperyalis meriken manniganse yon entèvansyon sou nenpòt ki fòm li ye a.
Antouka kisa ofisyèl gouvènman Lavalas la di sou kesyon radyo Gwoup «184» la ? Sekretè deta Kominikasyon an Mario Dupuy, nan «Madi la Près » 10 fevriye a pandan li t ap prezante minis Enteryè Jocelerme Privert ak Sekretè deta Sekirite piblik la Jean Gérard Dubreuil, di : « …dè jounalis ki konpòte yo tankou atache près teworis yo, ap fè dezenfòmasyon, ap bay manti menm jan yo te fè sa 1e janvye … nou pwofite lanse yon apèl a responsab medya yo, paske si apre yo te fin fè gwo manti 1e janvye 2004 yo te pran sanksyon kont atache près mouvman teworis yo nan Gonayiv, yo pa t ap gen okazyon pou yo te kontinye… » Men fò Sekretè Deta wè ke anfèt se patwon medya yo menm ki alye yo ak teworis yo. Si patwon medya yo pat bay jounalis la dwa pou l dezenfòme, kote li t ap pase pou l fè sa? Nou kwè se kouri pou responsabilite! Fò k gen mezi sevè, dapre lalwa, e gen lwa sa yo la, ki pran kont radyo «opozisyon» an. Pwen ba! Sinon y ap kontinye destabilize peyi a epi lage nou nan yon katastwòf. Epi apre sa, yo menm ankò y ap lage chay sou do prezidan Aristide. «Di djab bonjou, pa di l bonjou l ap manje w». Donk sitiyasyon sa a entolerab, li pa ka kontinye onivo nasyonal, fòk gen mezi sevè ki pran. Onivo entènasyonal tou fòk gen yon diplomasi aktiv ki pou kontrekare manti gwo près entènasyonal la ap fè. Pran ajans AFP, AP, Reuters elatriye se mesaj Winter Etienne k ap pase. Près sa a fè pati destabilizasyon an pou tèni imaj peyi a ak gouvènman an lòt bò dlo. Yo pa di anyen sou Lavalas moun ki te pran lari jou 7 fevriye a non sèlman Pòtoprens men Jakmèl, Okap, Obòy elatriye.
Antouka, fas a manti, dezenfòmasyon k ap fèt kòmkwa gouvènman an pèdi kontwòl, 1e minis Yvon Neptune t ale St. Marc ak Grand-goâve lendi 9 fevriye 2004 la. Donk gouvènman an gen kontwòl vil sa yo. Gen lòt kote tankou Okay, Okap elatriye pèp la kanpe pou okenn teworis pa vin simen dèy nan mitan yo. E pou Gonayiv, lapolis ap etidye diferan fason pou al kwape teworis yo, de fason pou popilasyon an pa viktim.
Kanta pou peyi tankou Lafrans ak Lèzetazini, tout moun konstate kote yo kanpe. «Lafrans ap suiv avèk enkyetid ki jan sitiyasyon an ap evolye. Fò k vyolans lan sispannn kèlkilanswa kote yo sòti…». Gouvènman franse a paka bliye ke ansyen anbasadè l nan peyi a Yves Gaudeul te anonse yon «tanpèt!» Misyon espesyal OEA a, bò kote pa li «… fè apèl a gouvènman an pou l ranpli obligasyon li san pati pri epi pou l kenbe kont dwa tout sitwayen…» Misyon an pa di yon mo sou zak teworis yo ki lye ak Gwoup «184» André Apaid la. Sekretè jeneral ONU, Kofi Annan anonse ke òganizasyon Nasyonzini pral pran pi plis angajman nan peyi Dayiti. Sa sa vle di? Kanta pou pòt pawòl Depatman Deta peyi Etazini, li deklare: «Gen bann vyolan nan tou 2 kan yo» (Journal Le Monde 10 fevriye 2004) epi ipokritman Boucher kontinye pou di: «Nou deplore ke moun mouri pandan atak sou Gonayiv, Senmak e lòt vil. Nou mande pou gouvènman ayisyen an respekte dwa espesyalman dwa zimen…» Donk se gouvènman ayisyen an ki responsab ? Depatman Deta pa di anyen sou bra ame opozisyon makouto-boujwa a.
Jou 9 fevriye a, Tele Ayiti montre plizyè timoun nan Raboto ke «opozisyon» an ame ak gwo zam. NCHR, anbasad franse, meriken, OEA elatriye pa di anyen sou sa.
Pou fini, n ap fè remake yon lòt koze pi grav ankò, se lè ajans Reuters 10 fevriye 2004 fè konnen san l pa site non : «yon ofisyèl wo ran nan depatman Deta Etazini di ke gen divès pwopozisyon pou rezoud kriz la ki an diskisyon ki ka menm enplike ke Aristide kite pouvwa a, byen ke li pa di kilès ki fè pwopozisyon sa a…» Donk, li klè peyi a ak mas pèp la devan yon gwo konplo entènasyonal kote senkyèm kolòn yo ann Ayiti ki nan Platfòm swadizan «demokratik» la ap travay pou mennen peyi a nan yon katchouboumbe de fason pou patwon yo entèvni nan peyi a.