4 Fevrier,  2004

February 4, 2004

4 Fevrye,  2004

Vol. 21 No. 47
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Platfòm Apaid la ap reklame viktim!

Kominike Konsèy siperyè lapolis (CSPN) la te fè sòti 26 janvye a bay endikasyon pou ke kèlke swa sektè politik ki vle òganize manifestasyon, se pou yo ale nan Plas Itali nan zòn Bisantnè pou evite derapaj. Enben «etidyan» ki ap travay pou Gwoup «184» André Apaid yo vyole dispozisyon sa a, lò yo te deside pran lari san akò lapolis nan mèkredi 28 janvye a nan Pòtoprens. Konsa yo pwovoke deblozay nan ri Oswald Durand, devan Fakilte Dwa ak konsila Etazini, sa ki fè lapolis te oblije tire anlè, voye gaz lakrimojèn pou dispèse dezòd la. Daprè enfòmasyon yo, gen yon dizèn moun blese ak yon jèn gason Lionel Victor, 29 ane, ki mouri nan lopital Kanapevè kote yo te transpòte li.

Sa ki pi rèd la se ke mesye «Opozisyon» yo kouri reklame ke se youn nan manm yo ke yo touye! «Etidyan», lidè politik, òganizasyon ki di y ap defann dwa moun, tankou Eliphète Saint-Pierre, Jean-Claude Bajeux, pwofesè Aviol Fleurant, t ap revandike viktim la kòm yon etidyan fakilte Dwa ak Medsin. Aviol Fleurant te afime ke li te konn wè jenòm sa a nan Fakilte Dwa men li pa t konnen non li. Sepandan, yon dam ki rele Islande ki se madanm Lionel Victor deklare nan lopital la, mari l pa t avèk «etidyan» yo, e ke yo limenm ak Lionel yo gen 2 pitit, yo abite nan Dèlma 2, blòk legliz Ame di Sali.

Daprè repòtè AHP a, li te konstate ke se manm OP yo ki te pwoteje viktim lan, retire li kote li te tonbe a, e yon anbilans Kwa Wouj te vin parèt nan moman Lionel Victor t ap benyen nan san atè a. Pandanstan sa a, plizyè jounalis Près reyaksyonè yo t ap fè tole tankou radyo Metwopòl pou fè Lionel Victor pase pou yon etidyan: «Kounye a nou wè yon etidyan ki resevwa yon grenad lakrimojèn ajan Cimo pou te evakye OP Lavalas yo, Etidyan an k ap benyen nan san l nan ri ki dèyè Fakilte a, Oswald Durand. Etidyan sa a ki gen yon gwo twou nan do li, nou pa kapab gade sa, Rootchild, se grenad lakrimojèn nan ki fè twou sa a nan do Etidyan an, se ajan Cimo yo k ap tire zam yo nan do Etidyan an… » Men kouman radyo Metwopòl te gentan idantifye viktim lan kòm etidyan epi di ke se lapolis ki touye li ?

E gen Reginald Romage ki te temwen nan lopital Kanapevè, ki fè konnen e ki konfime ke viktim lan Lionel Victor se te yon militan OP Lavalas ki trè koni: «Sa k fè m ka di misye pa yon etidyan, se yon pawòl ki sòti nan Lionel ak yon dam ki nan machin Kwa Wouj la. Gen yon lòt eleman ki te avèk mwen, li pral di sa lakay Lionel epi yo monte lopital Kanapevè ak li. Pandan nou rive nan lopital la, sèvis ijans lan pran misye. Mwen menm, mwen kouri rantre nan lopital la, gen yon dam wouj cheve long, men Lionel pa t ka pale… doktè a di wi se yon etidyan, mwen di non se pa yon etidyan. Epi dam nan fouye viktim nan, li jwenn yon sèvyèt wouj ak yon kalandriye ki gen foto prezidan Aristide nan pòch misye… Mwen rele Romage Réginald, mwen konnen Lionel Victor se pa yon etidyan, mwen dispoze reponn kesyon lajistis, mwen temwen, mwen kab al montre dam lan, sekouris Kwa Wouj la di li rekonèt misye, li pa yon etidyan.» Yon lòt kote, plizyè lòt vre etidyan ki pa nan mouvman «opozisyon» an, akize responsab «Platfòm «184» André Apaid la, ki vle fè kapital politik li.

Prezidan Aristide te resevwa fanmi defen Lionel Victor nan palè nasyonal jou vandredi 30 janvye a, e li te felisite kouraj Islande ki se madanm viktim lan, ki pa t aksepte pwomès mèsenè politisyen yo te fè l la, kòm kwa pou l ta aksepte fè mari l pase pou yon etidyan ki mouri, nan manifestasyon «etidyan» yo, yon fason pou yo ka fè lòbèy ak kadav Lionel Victor a e pou te ka di ke se gouvènman an ki touye youn nan yo: «Nou bay anpil senpati ak kouraj fratènèl ak fanmi Lionel Victor, nou pataje doulè ak yo…. Gouvènman an fè youn sèl kò pou ramase doulè Islande. Islande ou gen kouraj piske ou te Kanapevè ou te kenbe diyite w pou mari ou pa mouri 2 fwa. Pèmèt mwen felisite ou nan dèy la, ou gen kouraj, ou pa t kraponnen, pou kite mari ou pase pou sa l pa ye. Si mari ou te etidyan tout moun se moun, nou t ap pataje menm doulè a, nou t ap kondane sa k pase a menm jan san rezèv. Mari ou se yon patizan Lavalas ki mouri pasifikman, si li te etidyan yo te vle fè l pase pou etidyan, nou di ou mèsi paske tout pèp ayisyen an tande verite a nan bouch ou», se konsa prezidan Aristide te pale.

Prezidan Aristide deklare batay pou pouvwa a pa p mennen nou okenn kote. Se pou moun travay daprè konstitisyon 29 mas 1987 la, pou pran pouvwa pran peyi Dayiti. Prezidan Aristide denonse tou kèk fo polisye ki nan lapolis la, e li pase lòd pou pase tout ajan polisye an revi pou dekouvri polisye k ap komèt move zak.

Kolonn atoufè «opozisyon» an ki nan Platfòm Apaid ap dirije a, pa kontante yo de sa, e yo fè yon lòt viktim ki erezman pa mouri, men yo gentan frape jounalis Rood Chéry nan lakou lopital la. Rood ap travay nan jounal Linyon e li te blije al kouche lopital.