«Ou mèt mare zòrèy bourik, lè midi rive fòk li ranni» !
Nan jounen jodi a, mesye «opozisyon» yo pa kapab kache jwèt yo ankò, e menm rat do kale ki t ap eseye jwe sou 2 tablo retire mask yo nèt. Yo pran pozisyon yo, se yo menm kont pèp la, e yo pa ezite rasanble yo sou bànyè yon André Apaid, yon boujwa tilolit eksplwatè krazegrenn pou yo rive kote yo vle a. Paske afè pèp la ki di ke fòk kat la rebat nan peyi a, yo pa vle tande sa. E ou jwenn menm ti «entelektyèl» ak atis ti boujwa yo ki te konnen pran pòz «pwogresis» yo lontan, ki montre jodi a ke se fòlklò yo t ap fè, paske lè moman an vini pou yo ta mete kò yo kote pèp la pou tout bon, ou wè yo rantre nan ran epi yo apiye parenn yo, paske se la yo jwenn kras pou yo mennen lavi boèm pou yo fè entelektyèl nan salon.
N ap repwodui pou lektè yo anpil ekstrè yon entèvyou sekretè jeneral Pati Popilè Nasyonal (PPN) la Ben Dupuy te bay nan Radyo Ginen, nan lendi 19 janvier 2004 la, sou sityasyon politik la, e tou jisteman pou nou wè sa yo rele «Platfòm Demokratik» la te pwal chache vreman nan vwayaj yo nan Bahamas, kote yo te di yo pwale diskite ak reprezantan Karikom yo.
Men ekstrè entèvyou sekretè jeneral PPN lan Ben Dupuy:
«Bon sitiyasyon politik la…, mwen ta kapab di ke yo ap radikalize sitiyasyon an deplizanpli, lè m di y ap radikalize m vle di ke gen sèten sektè ki vle rive a yon reyèl konfwontasyon e yo pa kache l, yo di l piblikman, ouvètman e nou ka konstate ke nan manifestasyon ke sa yo rele Platfòm Demokratik lan te lanse pou ayè dimanch lan, nou tande dè son de klòch ki deplizanpli klè e deplizanpli ap montre kote ke Opozisyon sa a vle mennen peyi a. Mwen kwè fòk tout moun te tande deklarasyon pa egzanp, yon moun kou sa yo rele K-Plim (Evans Paul), yon politisyen do kale ke pèp lan fin dekouvri, yon opòtinis paske fò nou sonje K-Plim…, misye se nèg ki t ap boule avèk putchis yo, li t ap boule avèk Namphy, Regala, depi sou Jean-CLaude Paul, nèg sa a ap fè piwèt. Donk si w ap chèche yon opòtinis ou pa pran K-Plim…, e nou tande deklarasyon misye yè, misye ap mande pou fèmen tout lekòl, fèmen Lopital anfen kreye dezòd kòmsi ke moun pa gen dwa pou yo voye timoun yo lekòl, … Natirèlman lè n ap pale de lopital, n ap pale de lopital ki desèvi mas pèp lan kou lopital Jeneral, Chansrèl e konpayi, men mwen sèten ke yo pa pwal bloke lopital klas dominant yo, yo pa pwal bloke lopital lelit yo a, donk ou wè ke se yon reyèl kanpay k ap fèt kont pèp Ayisyen an, kont mas popilè yo e sesi pou itilize tout mwayen, sètadi ke ou wè deplizanpli, yo vle kreye lòbèy e toujou nan espwa ke gen fòs entènasyonal, gen «blan» an e petèt lame Dominikèn ka va vin rantre nan peyi a pou vin retounen lelit lan nan pouvwa politik lan. E se pa sèlman K-Plim ki vini ak diskou sa a, gen sa ki al pi lwen menm. Nou gen pa egzanp ansyen senatè Dany Toussaint, alò men yon nèg ke yo te kwè ki te konvèti, men ou konnen jan pwovèb lan di, ou mèt te mare zòrèy bourik lan kou midi rive fò l ranni. Nou wè ke senatè Toussaint, ansyen senatè, fò mwen byen presize l…. li pa senatè ankò, se pou pèp lan byen konprann bagay lan... Bon manda l pa bout men li bay demisyon l piblikman, nou gen yon kasèt ke n anrejistre nèspa ki la kòm dokiman kote senatè a ap bay entèviyou bay yon Radyo Miyami ke yo rele Radyo Universal avèk yon jounalis byen koni se Konpè Moloskòt, kote ke senatè a di ke limenm yo di li ke li rete 2 zan, men li bay 2 zan an e li mande pou prezidan Aristide suiv egzanp li pou limenm tou li demisyone… Misye eseye fè yon demanti sou Radyo ki ap bay manti yo, tankou Radyo Metwopòl e konpayi, Karayib etc., kote misye eseye blabla demanti, depale. Nou gen pou nou repase dokiman sa a,… Nou konnen ke laboujwazi te fann nan siyaj misye sou afè asasina Jean Dominique, nou konnen ke gen anpil jij ki kraponnen ki kraze yon kite sa e finalman gen yon vèdik ki te soti kote ke Jij St Vil kòm Jij denstriksyon ap met lapat sou 4 ou 5 nèg nèspa, men mesye sa yo di se yo ki te gachèt, men se pa yo ki te sèvo asasina a. Donk se konsa ke Madame Michèle Montas avèk pati sivil e nap mande AJH paske Guyler C. Delva konstitiye tèt li antan ke pati sivil nan kesyon an, donk li enplike nan kesyon an tou, yo konteste òdonans Jij St Vil paske yo di Jij St Vil gen lè pa vle ale twò lwen sou kesyon an, donk se konsa ke yo te revoke òdonans lan, pwosè a reprann e gen yon lòt Jij denstriksyon kounye a ki depi vè out 2003 ki reprann dosye a, donk dosye a toujou la a e nou konnen ke boujwazi an janm t ap di, lelit lan te fann nan siyaj misye paske lè sa a yo te pran misye pou yon Lavalas, men jounen jodi a nou pwal wè si AJH antan ke pati Sivil nèspa, si boujwazi a pwal padone misye piske misye vire kazak, sa se yon premye pwen.
2zyèm pwen an nan dokiman an ke nou genyen, misye mèt eseye refize jan l vle men bagay yo la. Donk misye di tou ke jan bagay yo pwale nan peyi a, manifestasyon, misye Apaid e konpayi, anfen tout bann reyaksyonè ke «blan» an ap finanse yo, misye di ke jan li wè bagay yo ap devlope nan peyi a ebyen l ap rive yon lè 150 mil, 200 mil moun nan manifestasyon ap asote Palè Nasyonal e yo pap konn kote prezidan Aristide fè. Donk se ki vledi se yon apèl o meurtre, yon apèl a asasina e nou panse ke komisè gouvènman an ki responsab nèspa ki reprezante piblik lan, ki reprezante lè yon moun piblikman ap fè apèl o meutre, apèl a lasasina donk sa se yon bagay ki grav, e sa montre entansyon nèg yo, lè nèg yo di w chak jou n ap fè mobilizasyon epi nou pap suiv okenn itinerè, gen sa menm ki di afè de manifestasyon pasifik lan, bagay sa a p ap remèt anyen, donk mesye yo montrè klèman entansyon yo se pou yo kreye lòbèy maksimòm nan peyi a, maksimòm danachi, nou wè sa k pase nan Sen Mak kote ke dè Gwoup òganize nèspa anonse ke yo pwal boule Radyo, yo pwal asasine tout moun ke yo idantiye kòm lavalas epi nou wè ke bagay yo fèt vrèman, donk nou panse ke lajistis, Minis de lajistis lan avèk komisè gouvènman yo èske se dòmi y ap dòmi…
(…)
Nan Pati Popilè Nasyonal, PPN nou konnen ke nan eta polarizasyon peyi a, pou la boujwazi, pou alyans makouto boujwa a, noumenm ak Lavalas ebyen yo foure n nan menm panye a, bon nou pa gen pwoblèm ak sa, byen ke PPN se yon pati politik otonòm ki gen pwòp pèsonalite l, pwòp politik pa li, e nou konn kritike Fanmi Lavalas antan ke pati, e lè nou fè yon kritik konstriktiv m ta ka di ebyen mesye boujwa yo te konn bann lapawòl paske depi w tande w ap voye toya sou Lavalas; yo avèk ou, men apati du moman ke ou pa dakò pou ke yon gouvènman, yon prezidan ke pèp lan chwazi, majorite pèp lan chwazi, se yon chwa pou nou respekte mentnan si lè l fin fè manda li pèp lan vle chwazi yon lòt pati politik, dot lidè, si yo ka vann mesaj yo a bay majorite pèp lan, bon sa a li rantre nan jwèt sa n rele jwèt demokratik lan, men cette histoire pou mete w avek Etranje pou denigre peyi a, pou fè peyi a sanble w a di se yon pakèt sovaj, dotanpli ke peyi Etranje sa a, ansyèn puisans koloniyal yo pa mande mye ke fè konprann ke nèspa esklav ki te pran endepandans yo ke nèg pa ka remèt anyen nèspa. Se sa yo bezwen pwouve epi ou jwenn yon pakèt konze, yon pakèt apatrid pou defann ti enterè pèsonèl yo, yo prefere bay matyè bay moun etranje ki bezwen denigre peyi Dayiti. Alò nou pa dakò pou ke solisyon an se yon solisyon de kraze brize, de kreye yon sitiyasyon ka pwal regle zafè peyi Etranje, e se pa etonan ke nou wè yon nèg kou Andy Apaid ki fèt Ozetazini, se yon blan meriken ke nèg lan ye, men yon Dany Toussaint ki t ap jwe ak ideyoloji nwaris Duvalier a ki te konn ap twoke kòn li avèk Denize (ansyen Chèf lapolis sou Preval) paske misye te bezwen djòb polis lan, sekretè deta paske pou li se yon ekspè an polis ke li ye, misye te gen pwoblèm avèk Tibòb Manuel, misye te gen pwoblèm avek Jean Dominique nèspa tout lajounen se te tire a boulè wouj e yo te konn ap rele o : wi se yon pakèt milat, se tiwouj eksetera avèk yon seri de lòt nwaris Duvalieris parèy li nèspa epi jounen jodi a li pa gen pwoblèm pou li ap mete tèt li avèk yon eleman kou Andy Apaid ki senbolize nèspa alyans makouto boujwa.
Donk nou nou panse ke PPN gen pwòp pèsonalite l e nou se yon vrè pati politik, se pa yon band de politisyen do kale nèspa, nou enplante nan tout depatman peyi a, e nou wè ke mesye sa yo, m tande yon nèg kou K-plim di : o nou libere sèten teritwa, nou libere Gwomòn, St Michel de Lattalaye. A bon alò nan boule otobis, nan boule machin, boule kay komisè nèspa se sa nou rele liberasyon an, se yon liberasyon nèspa de kreye anachi nan peyi a, ebyen nou pwal wè si vrèman nèspa se sa nou vle, nou bezwen fè yon reyèl gè Sivil nan peyi a avek lèd repiblik Dominikèn paske nou konnen tout ansyen makout, tout ansyen militè se la ke CIA ap antrene yo pou yo vin lòbèy menm jan yo te fè l o Nikaragwa lè yo te sèvi ak Honduras, bagay sa a li klè pou tout moun. Gen nèg k ap fè demach deja pou yo al ranfòse vagabon ki lòtbò fwontyè a, nou konnen gen sèten eleman sa yo ki deja ap prepare pou y al ranfòse nèspa apatrid ki pa menm wont pou se an repiblik Dominikèn pou yo ale gonfle, pou yo vin destabilize peyi a.
Jounalis: Mesye Dupuy gen yon delegasyon Platfòm demokratik, Sosyete Sivil ak Opozisyon an ki dwe rann li nan Bayamas madi 20 Janvye an ou pote eksplikasyon sou dosye Ayiti an devan Karikòm, kisa PPN panse de demach sa a.
Ben : Bon m tande deklarasyon mesye Andy Apaid ki ap eseye kalme eleman irediktib yo, si y ap di ke nou pwal Bayamas se pou n al chanje opinyon manm karikòm ki pa fin konprann sitiyasyon an … Se sa yo di, men tou senpleman mesye yo resevwa enstriksyon de patwon yo ki di yo moman poko vini pou kreye gwo lòbèy nan peyi a, ou konnen ke misye Bush pwa l nan Reeleksyon ann 2004, li gen lòt dosye ke l ap trete, bra l pran nan moulen an Afghanistan, bra l pran nan moulen an Irak, li gen yon pwoblèm an Palestine ke l pa fouti rezoud, donk misye gen twòp tèt chaje ke l foure tèt li pou l vin nan yon lòt lòbèy nan peyi Dayiti. Donk misye di nèg yo pran ti pasyans, kite l fin pase kap eleksyon an, donk lè li reeli nou ka rezoud pwoblèm nan jan mesye yo ta vle. Donk antretan patwon yo nèspa keseswa Vatikan, keseswa depatman Deta di nèg yo mete yon di dlo nan diven nou vini, nèspa vin dyaloge Bayamas epi apre sa an nou kite 2004 lan pase nou pa ka fè lòbèy kounye an paske nou pa pare pou nou vin debake nan peyi isit paske nou konnen gen anpil chans se nan yon nich foumi ke na l antre, yon lòt nich foumi, Donk se sa k fè ke Andy Apaid pa konn kijan pou l vann machandiz li a paske li te tèlman chofe patizan li yo, apatrid yo, li te tèlman chofe yo, nèg yo te tèlman montre yo irediktib ou konprann kou Monseyè Guire Poulard, kou bann reyaksyonè yo, donk misye oblije ap dezamòse kesyon
Men li klè ke OEA bloke paske peyi Amerik Latin yo pa dakò pou Ayiti vin tounen yon laboratwa nèspa kote y ap fè eksperiyans kouteda ankò. Donk se konsa ke Washington pa reyisi fè bagay li an… Donk se konsa ke jounen jodi a nou gen tou peyi Karikòm yo, ou gen dè peyi tèlke Lajantin kounye a avek Kirchner, ou gen Brezil avèk Lula, ou gen Venezuela avek Hugo Chavez di ke afè Etazini ap trete l’OEA kòmsi se timoun ki ret avèk li, bagay sa a fini. Donk mesye yo pa ka reyisi jwenn yon solisyon nèspa m ta ka di diplomatik, donk kounye a yo di bann apatrid sa yo pran pasyans, ale palabre … Gen sèten sektè ki spesyalize nan kraponaj, nan tout kalite bagay pa egzanp bagay ki pase Boutilier a ou wè yo deja lonje dwèt, jan yo di sa k lonje dwèt sou koulèv lan se li ki touye li. Amiot Metayer ou mèt si sa se yon aksyon o sèvis dentelijans, ou konprann ki byen konprann e lè yo touye Amiot Metayer epi yo bay Jean Tatoune lajan, ou pa wè y ap manifeste se ak drapo meriken ke yo vlope tèt yo, donk konplo a trè klè, fò k pèp lan ouvè zye li.