21 Janvier,  2004

January 21, 2004

21 Janvye,  2004

Vol. 21 No. 45
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
REL denonse itilizasyon mouvman etidyan an

Kontrèman vyolans k ap fèt dènye tan sa yo nan manifestasyon moun ki di yo se «etidyan» pou ranvèse lòd konstitisyonèl nan peyi a, pou kreye laperèz nan popilasyon an, se konsa Rasanbleman Etidyan k ap Lite (REL) nan yon konferans pou laprès mèkredi 14 janvye pase a, denonse itilizasyon «Platfòm tèt ansanm» opozisyon an ak sa yo rele «sosyete sivil» la.

Daprè sa Louissaint Miktolem fè konnen: «Nou menm nan Rasanbleman etidyan k ap lite, REL, nou denonse mannigèt politik sa a.Pandan n ap fè moun sa yo konnen ke vrè etidyan yo genyen pwòp revandikasyon yo, ki se mande otonomi inivèsitè a sou tout fòm.» Li voye yon pinga bay tout mèsenè ki konprann yo kapab kreye divizyon ak konfizyon andedan inivèsite a nan fè pwomès lajan, viza pou letranje ak lòt bagay ankò, yon pratik ke etidyan nan REL yo denonse paske «lè chat konnen rat konnen barik mayi a rete la». Li te tou voye yon apèl bay tout etidyan ke viris mèsenè a deja touche, pou yo resezi yo ak pran desten yo anmen, pou pa kite lajan mennen yo, nan mache kraze brize nan tout lari pou di betiz sal paske daprè Miktolem, «Se travay y ap fè ou travay kont pwòp tèt ou, y ap chèche achte konsepsyon ou jodi a, demen pou yo kapab trete ou vwayou, y ap chèche fèmen lekòl ou jodi an, demen pou pitit yo, famiy yo k ap sòti toujou nan inivèsite etranje, pou vin dirije ou paske oumenm w ap toujou enkonpetan, sonje revandikasyon mas pèp la repoze sou do w paske, li di lè cheval fè milèt se pou do l poze».

Rasanbleman Etidyan k ap Lite yo yon lòt fwa ankò fè konnen ak tout moun ki gen memwa kout, pandan 200 zan ke peyi genyen depi li endepandan, li deja konnen 32 koudeta, poutèt sa REL ap fè tout politisyen reyaksyonè tradisyonèl konnen se pa mande depa prezidan, oudimwens voye l nan kanpe lwen ki solisyon pwoblèm nan, si se te sa, «peyi a pandan 32 koudeta sa yo ta va 32 fwa pi bèl».

Natacha Pierrevil, ki se manb REL tou te pran la pawòl pou di ke li mete l ak tout etidyan nan inivèsite Leta pou denonse tout sòt manèv k ap fèt nan sèten inivèsite prive kote y ap fè etidyan bay moun pou yo pran lari sou non etidyan akonpanye avèk politisyen machann peyi, pou yo regle zafè politik yo. Natacha pa t rate okazyon sa tou pou di tout politisyen sa yo ke inivèsite a pa yon pati politk, se kote pou pitit pèp la kapab pran konesans pou sèvi popilasyon an nan bon jan kondisyon: «Noumenm nou konnen inivèsite a geneyn 3 fonksyon ki se: fòmasyon, rechèch ak sèvis.»

Rasanbleman Etidyan k ap Lite di li konstate e sezi wè kòman pitit kolon yo kanpe pou manipile pitit pèp la ki nan inivèsite leta, kote etidyan sa yo ki ta dwe yon egzanp pou sosyete a rive pèdi estati yo akoz de yon lòt ti gwoup fo etidyan melanje ak politisyen ki swaf pouvwa, ki pa vle ale nan eleksyon, ki pito ap fè dezòd nan lari, kraze machin leta, maltrete ak touye pwòp frè yo ak kout wòch, kout baton ak kout pye, etc.

Yon konpòtman daprè Natacha Pierrevil, ke tout etidyan konsekan nan inivèsite a kritike « Nou menm etidyan konsekan, nou di non, non, non ak tout jan de pratik sa yo, nou di viv inivèsite a ak tout bon jan etidyan konsekan pou yon Ayiti an pè.»