13 Janvier,  2004

January 13, 2004

13 Janvye,  2004

Vol. 21 No. 44
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Platfòm Apaid la bat tanbou l, li danse li… 

Modòd grèv Platfòm «opozisyon» ann te lanse pou jedi 8 ak vandredi 9 janvye 2004 la pou ranvèse prezidan peyi a pa t mache jan mesye sa yo te konprann lan.. Se sèlman gwo biznis ki kontwole pa Gwoup 184 la ki te fèmen pòt yo nan kapital la.

Pandanstan jan anpil moun rive konstate l, «opozisyon ann ak Gwoup «184» poutchis André Apaid la ki konvèti tèt yo an sa yo rele Platfòm Demokratik, deside mennen yon ofansiv vyolant lè yo wè manifestasyon pou jete gouvènman annn p ap mache, tankou nan mèkredi 7 janvye pase a, kote yo te lakòz 30 moun blese ak 3 moun mouri nan derefize respekte pakou ke lapolis te mande yo a. Tout moun te kapab wè jan yo rive maltrete yon patizan pouvwa ak kout baton, kout pye ak kout wòch e se pa mirak ke lapolis rive chape li. Yo te anonse tou pou jedi 8 ak vandredi 9 janvye a 2 lòt jounen grèv.

Yon modòd grèv ke plizyè sektè nasyonal te voye jete. Nan yon nòt sou ajans ayisyen près (AHP) sendikalis Paul Loulou Chery te denonse presyon k ap fèt sou ouvriye faktori yo pou yo patisipe nan manifestasyon opozisyon kote yo ta va menase pou revoke yo. Sendikalis la di li pa ka konprann ke patwon yo ap lanse modòd pandan ke ouvriye yo pa menm ka òganize yo ann sendika, alewè pou yo ta lanse grèv. Pa bò kote pa li, dirijan òganizasyon jenès pouvwa popilè a (JPP) René Civil men m jou mèkredi a te mande popilasyon an pou kontinye ak okipasyon yo, e rete mobilize pou fè echwe manèv destabilizasyon Platfòm sa a. Menm jan tou prezidan sendika transpòte piblik sou fontyè ayisyano-dominiken nan ki ailye nan federasyon transpòte piblik ayisyen yo, Julien Atanaze, te envite chofè nan kat kwen peyi a pou boude apèl grèv opozisyon ann.

Se konsa popilasyon pou kòmanse nan jedi depi byen bonè nan maten, tout aktivite te fonksyone preske nòmal nan Pòtoprens, se sèl gran magazen ke mèt yo se manm Gwoup «184» la te fèmen pòt yo, men tou plizyè magazen ak kèk makèt, ki nan katye Delma te louvri pòt yo, san yo pa okipe lòd putchis yo bay pou Apaid yo ak konpanyèl li yo. Transpò piblik la, ti komès enfòmèl ansanm avèk mache piblik yo te fonksyone jiska anviwon 90% , kèk estasyon gaz tankou nasyonal nan Nazon ak nan kèk lòt zòn te bay sèvis, kèk sikisal bank komèsyal tankou SOGEBANK ki nan Turgeau te travay bonè nan maten. Chofè ki fè vil pwovens yo te fè konnen ke pa kesyon pou yo antre nan lojik grèv politik opozisyon ann paske pou yo, pwoblèm pa yo se ogmantasyon pri gaz la, se pa kesyon jete yon prezidan ki enpòtan pou yo. Ti machann yo di ke yo pa nan mache nan lojik grèv ke boujwa ap fè pou topizi malere e youn nan yo deklare ke «se la nan lari a nou fè lajan manje nou chak jou ak dekwa tou pou n voye pitit nou lekòl» ti e yo mande opozisyon ann pou bay kouch defavorize a yon chans: peyi a bezwen lapè ak pou li vanse sou vwa devlopman.

Tout lekòl yo ann jeneral te fèmen jou jedi 8 desanm, aprè zak vyolans ak lanmò ki te pase nan okazyon «manifestasyon» Platfòm nan te òganize yo avan 2 jounen grèv yo a. Pandanstan anpil moun te kapab konstate ke plizyè òganizatè grèv sa a te mennen pitit pa yo nan yon seri lekòl prive etranje ki nan Pòtoprens tankou «Union School» ak «Lycée Français». Yon konpòtman ki te soulve kòlè anpil paran, kote yo di moun sa yo anpeche lekòl louvri pou pitit yo al lekòl pandan yomenm ki mèt grèv yo yo mennen pitit yo nan lekòl entènasyonal!

Antretan kliyan bank komèsyal prive bò kote pa yo te kritike responsab yo ki fèmen kòb yo pandan yo di yo se malere yo ye, yo bezwen kòb yo pou ale achte manje. Chak fwa ke ti oligachi a vle regle koz li avèk gouvènman Lavalas la se yomenm malere ki peye konsekans lan. Yo estime ekonomi yo, pa dwe sèvi pou fè kapital politik. Plizyè nan yo, menm arive menase pou yo retire lajan yo nan bank sa yo, pou plase yo nan bank piblik.

Menm jan tou, pou vil pwovens yo, grèv sektè anti chanjman yo pa t fè mache pou pi rèd. Nan Okap byen bonè nan maten popilsyon te sòti pran lari pou mennen aktivite yo nòmalman, kote yo deklare ke yo pap obeyi a okenn modòd grèv: «Pèsonn pa pral itilize nou kòm mach pye pou satisfè enterè mesken yo.» Delege depatmantal Nò a doktè Myrtho Julien limenm tou fè konnen ke popilasyon Nò a pa janm sipòte okenn grèv ki pa nan enterè popilasyon ann. Daprè Doktè Julien, se pa grèv sou grèv ki pra l ede nou sòti nan sa nou ye la jounen jodi a la. Nan Jeremi, nan Pòdepè, nan Okay, nan Jakmèl ak nan Tigwav, nan tout gwo vil peyi a, grèv sektè makouto-boujwa a pa t paralize okenn aktivite. Se konsa nan Gonayiv patizan «opozisyon» ann yo mete dife nan lanwit avan kòmansman grèv la nan kay yon militan Lavalas, Alina Sixto ak boule machin yon lòt moun pou kreye panik, se sa ki ta lakoz yon ralantisman sou aktivite yo nan site Endepandans lan.

Pandanstan gouvènman ayisyen an pa vwa sekretè deta kominikasyon an Mario Dupuy fè konnen: «Nou pa kapab pale de grèv, de aksyon ki ensireksyonèl paske popilasyon ann vake nòmalman a okipasyon l. Popilasyon an limenm nan gran majorite l li pa posede ponp gazolin, li pa posede bank, li pa posede gran makèt, sa li posede yo, e nou wè tankou transpò piblik, mache piblik, sèvis enfòmel , donk tout bagay sa yo fonksyone nòmalman»

Pou sa, Mario Dupuy felisite popilasyon ayisyen nan pou matirite politik li nan boude grèv opozisyon an, pandan l mande lidè gwoup 184 yo pou kounye a yo pran vwa konsètasyon an pou kite vyolans lan aprè daprè sa l di yo fin pran echèk sa a. Paske se pa t yon grèv, se te yon lòkaout, paske se patwon yo ki fèmen bizniss yo, e tout lòt bagay nan peyi a te fonksyone.