7 Janvier,  2004

January 7, 2004

7 Janvye,  2004

Vol. 21 No. 43
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
«Moun ki simen van ap rekòlte tanpèt»

Sizyèm jou aprè plizyè santèn milye moun nan mas pèp ayisyen an ak plis pase 200 delegasyon etranjè, pami yo prezidan Afrik di Sid la Thabo Mbeki ak madanm li, Wa ak rèn peyi Benen an, wa Alada, divès kongresman ameriken, premye minis Bahamas la Perrie Christy vin selebre an granjan Bisantnè Endepandans Ayiti, 1e janvye 2004 pase a, nan tout rakwen peyi a patikilyèman nan Pòtoprens ak nan vil Gonayiv. Kote gouvènman an ak Chèf leta a Jean Bertrand Aristide te òganize divès aktivite kiltirèl nan kapital la ak nan site endepandans lan, pou montre jefò ak rekonesans batay zansèt nou yo, ki te pote viktwa sou lame kolonyalis peyi Lafrans, ki jouk kounye la a refize peye 21 milya dola vèt dèt endepandans peyi Dayiti a ke pèp ayisyen an ap reklame depi yon bon bout tan nan men otorite fransèz yo.

Ebyen Pati Popilè Nasyonal (PPN) bat bravo lakontantman jou madi 6 janvye 2004 la sou kouraj mas pèp ayisyen an, nan lit ke y ap mennen jouk kounye a ak pitit konze ak afranchi peyi kolonyalis/enperyalis yo ki vle kout ke kout pou fè mas pèp la tounen nan esklavaj yon lòt fwa ankò sou bout tè Jean Jacques Dessalines nan. Nan sans sa a, Sekretè Jeneral PPN nan Benjamin Dupuy voye yon kout chapo pou chèf deta aktyèl Afrik di Sid la Thabo Mbeki ki, te patisipe nan divès seremoni nan kad selebrasyon 200 zan endepandans peyi Dayiti ki senbolize 1e ras nwa esklav sou latè ki pran endepandans yo a 1804 anba men lame sistèm kolonyalis peyi Lafrans, ki jouk kounye a k ap pèsekite mas pòv yo ann Ayiti nan fè konplo ak pitit afranchi apatrid machann peyi yo, pou redwi pèp ayisyen an nan lesklavaj yon lòt fwa ankò. Ben Dupuy te fè felisitasyon sa yo « Nou voye yon gwo kout chapo bay prezidan Thabo Mbeki ann Afrik di Sid paske nou konnen sa k ap pase ann Ayiti a, se rezilta gwo konplo entènasyonal, ansyèn pwisans kolonyal yo. Sitou Lafrans ki gen pwoblèm pou l remèt lajan dèt endepandans peyi Dayiti, ke l te kidnape nan men prezidan Jean Pierre Boyer. K ap finansye opozisyon makouto/boujwa a. Donk, nou wè Thabo Mbeki reponn prezan, kòm kontinyatè Nelson Mandela ki pa dakò ak apated. Alyans makouto/boujwa a ki gen André Apaid nan tèt li, ki detwone lòt makout yo; tankou Hubert Deronceray, Himmler Rébu ak akolit li yo. Enben prezans Thabo Mbeki a, mwen panse sa fè yo mal anpil ». Lidè PPN nan eksplike byen rezon ki fè ti kolon ayisyen opozan yo bòykote selebrasyon 200 zan endepandans pèp ayisyen an. Daprè Ben Dupuy, aloufa « politisyen » antipèp yo resevwa gwo lajan nan men yon sektè nan « kominote entènasyonal » la, patikilyèman Lafrans ak Etazini k ap finanse koudeta nan ti peyi yo. Sou pretèks y ap ankouraje swadizan yon « demokrasi » pèpè, yon fason pou gen kontwòl ekonomi mas pèp yo, ki vle pran desten yo an men. Donk, zak deblozay kraze brize nan dènye « manifestasyon » chanpwèl sektè « opozisyon » an, 1e janvye 2004 la kote manifestan ajitatè yo te kraze plizyè dizèn vit machin sitwayen pezib, boule kawoutchou epi bloke lari sou Boudon, Bwa vèna, Kriswa, riyèl Nazon elatriye, tout move aksyon sa yo se pou montre patwon eksplwatè kolonyalis/enperyalis yo prèv ke y ap jistifye lajan yo te pran yo pou anpeche pèp ayisyen an selebre Bisantnè endepandans peyi a : « Nan lajan kominote entènasyonal la ba yo, yo achte kèk tèt fèb, kèb loumpenm. Se menm gwoup sa a ki asasinen Amiot Métayer pou gate jwèt la e pwomès swadizan batay pasifik yo montre vrè vizaj yo se fachis yo ye. Sa k ap fèt 1e janvye nan Lali, Poupla kote lapolis kenbe yo ak zam nan men yo, pou fè vyolans sou mas pèp la ». Lidè pati popilè nasyonal la (PPN) denonse yon lòt fwa ankò sètèn près reyaksyonè ki se youn nan laboratwa destabilizasyon makouto/boujwa a ki nan gwoup « 184 » moun André Apaid ap manipile a, ki kounye enskri kòm la bann dè 6 medya reyaksyonè k ap bay manti nan fè dezenfòmasyon nan mitan mas pèp la, yon fason pou twouble vijilans mas pèp ayisyen an pou yo k ap fè yon 33e koudeta ann Ayiti, lò y ap fòse Lèzetazini fè debakman militè pou ranvèse otorite konstitisyonèl yo sou pouvwa a, espesyalman prezidan Jean Bertrand Aristide : « Nou gen yon sètèn près ki prete mikwo yo bay tout teworis tankou Jean Tatoune ki se yon sovadò prizon, yon kriminèl de dwakomen, k ap preche vyolans. Yo tire sou elikoptè Thabo Mbeki, yo bat bravo e yo ta swete pou elikoptè a te tonbe. Konze yo boule machin, yo sakaje komisarya epi yo di se demokrat yo ye ! »

Benjamin Dupuy egzòte gouvènman an pou retire lisans fonksyonman medya reyaksyonè sa yo san pèdi tan k ap difize movèz enfòmasyon kont souverènete peyi a, nan fè vye kanpay denigreman kont mas pèp la epi yo bay tèt yo non « Près endepandant » ebyen si yo di yo « endepandan », pou ki rezon yo entegre yo nan gwoup « 184 » moun André Apaid Junior ap manipile a » Eske se medya manipilatè endepandan yo ye ? Donk, obsèvatè yo kwè medya sa yo depandan de gwoup apatrid « 184 » moun yo. Daprè obsèvatè yo près sa yo ta defini misyon yo klè nan maskarad lit yo di y ap mennen kont mas pèp la, piske majorite mas pèp ayisyen akize près reyaksyonè sa yo kòm medya ki lakoz pèp ayisyen an twouve l nan sitiyasyon difisil l ap travèse jodi a, kote yo prezante Ayiti kòm yon peyi fenomèn ensekirite ap vale teren, ki lakoz endistri touris la bloke jouk nan kou aprè 200 zan endepandans peyi a, Ben te eksplike : « Près reyaksyonè yo bay mikwo ak tout teworis. Nou di fòk gouvènman an pran responsabilite li. Afè ke y ap rele se diktati, yo menm yo konnen sou papa Dòk, kidonk Duvalier yo pa ta kab ouvè dan yo. Diktati pa diktati fòk yo mete yon disiplin nan près la. Afè kesyon bay nenpòt moun mikwo k ap preche vyolans se pou yo wete lisans medya sa yo. Alòs lè a ONG bidon, Dwa de lòm k ap touche lajan nan USAID … lè sa a ya rele anmwe, ya vin vèse dè lam de kwokodil » sepandan, Pati Popilè Nasyonal la (PPN) mande pou gouvènman Lavalas la sispann voye mesaj lanmou ak lapè bay « Lidè opozisyon » ajitatè yo. Daprè PPN, ajitatè sa yo pa danse kole ak jan de mesaj sa yo, se san pèp la yo vle bwè pi plis toujou, paske aktivis politik sa yo pa tande yo pa wè. Konze machann peyi sa yo gen yon sèl lwa k ap danse nan tèt yo se pou militè « blan » meriken debake pou vin mete ti klik anachis yo sou pouvwa san yo pa pase nan eleksyon onèt, kredib ak demokratik. Responsab PPN nan lonje dwèt li sou « platfòm » politik degrenngòch manipilatè André Apaid mete sou pye k ap bwate a. « Opozisyon sa a, sòti pou l itilize tout mwayen, nan espwa patwon li a vin debake pou mete ti klik la opouvwa ankò. Men yo fè yon move kalkil piske bwa blan pran nan moulen an Afganistan, ann Irak e si li vin ann Ayiti ? mwen parye bwa li ap pran nan moulen tou ; paske 2004 pa 1915. Yves Gaudeul te anonse tanpèt. Enben n ap di yo « moun ki simen van ap rekòlte tanpèt ». Benjamin Dupuy denonse tou Platfòm « demokratik » mesye opozisyon yo, ki vin ak yon altènativ tranzisyon aprè yo ta fin ranvèse prezidan Aristide sou pouvwa a, Ben kalifye « altènativ » sa a kòm yon konplo kont mas pèp ayisyen an. Ben ale pi lwen, li di sektè « opozisyon » an bay mèt Gérard Gourgue yon koudeta, piske yo fè konbinezon yo a, san yo pa rele « prezidan » pope twèl 15 desanm 2000 yo a : « Yo pa menm rann tèt yo kont se yon koudeta yo bay pwòp tèt yo. Yo te nonmen Gérard Gourgue kòm prezidan pope twèl yo vin ak yon lòt pwopozisyon. Yo di yon jij kasasyon, alòs se menm ti jwèt Ertha Pascal Trouillot a. Konstitisyon an di se prezidan jij Kasasyon an, ki pou ta monte kòm prezidan. Enben yo mete yon jij, kidonk yo gen dwa pran nenpòt ki jij. Se pou tout jij kasasyon yo ka vizite Apaid pou di se mwen pou chwazi. Yo vle fè l tou nan polis la, pou direktè jeneral lapolis men se byen konte mal kalkile ». Sekretè Jeneral PPN nan fè popilasyon an sonje lè Paul Magloire te demisyone, kote yo te nome mèt Pierre Louis ki te yon jij Lakou Kasasyon kòm prezidan epi mesye aktivis politik nan epòk la te wete li nan 2 semèn senpleman, aprè yo te mete mèt Sylvain ki pat menm fè twa mwa sou pouvwa a. Aprè tout tibilans politik sa yo, konze yo te rive fòme yon gouvènman kolejyal, ki te gen François Duvalier, Clément Jumelle, Daniel Fignolé ak Louis Dejoie ; yo te ofri prezidans lan bay Daniel Fignolé e li te fè senpleman 19 jou sou pouvwa. Lame kriminèl la ki te gen nan tèt jeneral Kebreau nan epòk la te fè yon masak nan Fò Dimanch epi bay François Duvalier pouvwa a, ki te debouche ak yon diktati fewòs kont mas pèp la kite dire 30 lane. Donk pèp la pran nòt de tout paj istwa sa yo, kreyon pèp ayisyen an pa gen gòm, sa vle di y ap obsève tout sanginè politik machann peyi.