Jou vandredi 26 desanm lan, se avèk gwo kout tanbou, vaksin divès bann rara sou rit vodou melanje ak tout kalite chante levanjil ak branch bwa kenbe nan men yo ke plizyè dizèn milye moun t ap manifeste pasifikman, san okenn zam nan men yo, an pasan nan divès ri nan Pòtoprens pou reklame respè 5 kan manda prezidan konstitisyonèl la Jean-Bertrand Aristide. Yon manifestasyon ki te òganize sou inisyativ pati Politik apèl demokratik ak òganizasyon Jenès Pouvwa Popilè a ke René Civil ap dirije, ki te kase randevou pou 9 vè di maten devan legliz Pèpetyèl Sekou sou Bèlè.
Depi devan legliz la, pèp la t ap chante, danse tout kalite mizik angaje pou montre detèminasyon yo nan atachman yo genyen pou prezidan Aristide «Sa pa fè m anyen la a si Apaid rayi mwen! o alelouya Titid renmen mwen... ! », «Twòp san koule, arete Apaid», «Si Aristide pa la, ki yès k ap ranplase l», «Aristide 5 kan, Lavalas pou 50 tan». Yon manifestasyon ki te reyini divès kouch sosyal nan peyi a, tankou etidyan, elèv lekòl, prèt vodou, manbo, pastè, plizyè palmantè, depite Ernst Vilsaint, Lionel Etienne, lidè Pati Politik Apèl Demokratik André Fadot, René Civil, Théobale Pierre Paul ak lòt patizan ak senpatizan Lavalas te desann sou beton an, pou montre zòt yo lavalas moun ki atache a chèf Leta a. Plizyè manbo ak prèt vodou tankou prezidan Misyon aloumandja Dayiti Lionel Bouzi te òganize yon seremoni a midi sonnen devan legliz Pèpetyèl la, yon fason pou pale ak zansèt nou yo, pou mande chans pou Ayiti ka selebre Bisantnè Endepandans nasyonal la, pou kwape tou, tout move zangi ki kouche sou chemen manda konstitisyonèl prezidan Aristide la. Pastè yo menm t ap site plizyè vèsè nan laBib epi chante tout kalite chante levanjil pou sove peyi Dayiti ke poutchis yo vle fè beny san koule nan peyi a alavèy jou 1e janvye selebrasyon 200 zan Endepandans lan.
Plizyè santèn etidyan nan Fakilte piblik kou prive ki te patisipe nan manifestasyon sa adenonse yon gwoup «etidyan» ajitatè ki resevwa gwo lajan nan men majò jon gwoup «184» André Apaid Junior ke gwo peyi Kolonyalis/Enperyalis yo ap finanse pou anpeche selebrasyon fèt endepandans nasyonal la, pou vin redwi mas pèp ayisyen nan esklavaj yon lòt fwa ankò. Etidyan yo deklare: «Wè pa wè noumenm etidyan nan inivèsite leta a, nou rekonèt se nan kès piblik la gouvènman an pran lajan pou peye pwofesè yo pou ba nou fòmasyon, li lè, li tan pou etidyan ajitatè sa yo konnen sektè prive a pa fè anyen pou nou. Pri fakilte prive yo monte tèt nèg, pitit mas pèp la pa ka al nan fakilte sa yo, se nan fakilte Leta a, ke nou jwenn chans nou akoz lajan paran nou pa posede pou voye nan inivèsite prive yo. Donk ti gwoup etidyan ajitatè sa yo ki pran lajan nan men André Apaid pou fè dezòd nan peyi a, listwa pou jije yo kòm sa dwa. Noumenm Etidyan Syans Zimèn, INAGHEI, Fakilte Dwa, Agwonomi, Etnoloji se ak manda 5 lane prezidan Aristide la n ap mache e nou pral Gonayiv pou selebre Bisantnè Endepandans lan.» Manifestan pwo yo ki te yon nomb enkalkilab, te fè pakou nan divès ri nan kapital la, kote yo t ap chante «veye an wo, veye anba manda 5 kan prezidan Aristide la», sòti devan Nòtredam Pèpetyèl Sekou akonpaye ak bon jan sekirite lapolis, yo te glise desanm ri Timas, Delma 2, ri Senmaten, pase Bò legliz SenJan Bosko, Lasalin, APN, Ministè Afè Etranjè, Bisantnè, pran Granri, Pòtay Leyogàn al bout devan Palè Nasyonal. Se te yon veritab mare imèn, ebyen mas pèp pòv yo pwouve yon lòt fwa ankò atachman yo a Chèf Leta a. Kèk manifestan te site sa sektè biznis yo t ap fè nan peyi Venezyela kont prezidan Hugo Chavez poutèt Chavez te pran pozisyon anfavè mas pòv venezyelyen yo. Kote CIA te sèvi ak medya boujwa Venezyela yo pou fè pwopagann kont prezidan Hugo Chavez ki te deside nasyonalize tout sit petwòl yo pou mas pèp la ka benefisye tou nan richès peyi a, ki se youn nan pi gwo pwodiktè petwòl sou latè, epi poutan mas pèp Venezyela a ap kwoupi anba mizè chomaj ak grangou akoz sektè prive nan peyi Venezyela la a, kontante yo senpleman nan fè lajan.
Sou tout pakou a, manifestan yo pa t bliye pase pran Lafrans k ap fè enjerans sou politik nan peyi Dayiti, yo fè otorite franse yo sonje dèt endepandans nasyonal la, kote yo t ap chante «restitisyon/reparasyon 21 milya dola vèt nan men peyi Lafrans». Chak kote manifestan Lavalas yo te rive yo te lanse mesaj solanèl pou ankouraje sektè «opozisyon» an pi bon mwayen pou pran pouvwa a nan peyi Dayiti, se pase nan eleksyon demokratik. Manifestan yo pa t bliye Dany Toussaint ak Prince Pierre Sonson ki te pran woulib nan tren politik Fanmi Lavalas la, kote kounye a mesye opòtinis sa yo vire do bay mas pòv yo al jwenn konze machann peyi yo, ki gen yon sèl lwa k ap danse nan tèt yo se pran bak peyi a nan fè koudeta oubyen pou «blan» peyi enperyalis yo debake pou vin krabinen mas pòv yo pou tounen Ayiti nan lesklavaj pou yon 2e fwa. E pèp la t ap chante: «Prezidan Aristide, padone yo, padone yo; Dany Toussaint pa konn sa l ap fè.» !
Men se ironik, paske nou pa kwè sa puiske senatè Dany Toussaint ki se pitit defen fòs fè nwa lame Dayiti a, ki espesyalis nan fè 32 koudeta. Kidonk «Pitit tig se tig» ou kab pran egzanp lò Dany Toussaint te di prezidan konteste lakou siprèm Etazini an Georges W. Bush li pa bezwen pè retire prezidan konstitisyonèl ayisyen an Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a, pou limenm, li kapab fèmen bouch mas pèp la nan 48 èd tan. Epi pa bliye twa kondisyon Dany Toussaint te bay prezidan Aristide pou li kite pouvwa a: premyèman swa Aristide pran egzil, swa li mouri oswa li pran prizon. Donk Dany Toussaint konn sa l ap di trè byen, men sonje kreyon pèp la pa gen gòm. Nan sans sa a, lidè Pati Apèl Demokratik la André Fado, ki se youn nan inisyatè manifestasyon vandredi 26 desanm lan te fikse pozisyon pati politik li a, sou «kriz» yo fabrike pou boulvèse bil peyi a ak mas pèp ayisyen, kote yo vin di «non ak koudeta wi a eleksyon demokratik ». Sitou gwoup Konze makouto/boujwa a ki gen viris koudeta nan san yo alavèy selebrasyon Bisantnè endepandans nasyonal la. Responsab pati Apèl Demokratik la te deklare: «Nou voye yon mesaj klè bay tout moun ki gen viris koudeta piske yo e yo kòmanse kontamine lòt moun. Noumenm nan Apèl Demokratik, nou voye yon mesaj demokratik bay moun sa yo, ki kite viris koudeta pote yo ale. Fòk yo tounen vin jwenn mas pèp la k ap reklame respè manda 5 kan prezidan Aristide la, pou gen yon 2004 nan lapè. E tout moun ki konprann li ka kouche ankwa pou anpeche pèp sa a fete 2004, ki vle voye pèp la nan mawon, yo twonpe yo. Koudeta ki te fèt 30 septanm 1991 lan, pap refèt ankò. Nou pap bay legen nan batay la, viktwa a se pou pèp la li ye.» André Fado lonje dwèt li byen long sou yonti gwoup apatrid machann peyi tankou Gwoup «184» André Apaid ap manipile a ki mete tètansanm ak Konvèjans lan, ki kouche ankwa sou chemen liberasyon mas pòv yo k ap kwoupi anba yon anbago kriminèl alavèy selebrasyon 200 zan Endepandans lan. André Fado te di ankò: «Mwen pa konprann sa k ap fèt la ? Pèp la vle eleksyon, pèp la vle demokrasi, moun k ap di se entèlektyèl yo ye, yo pa pou eleksyon. Ou pa wè y al fè manifestasyon anwo nan Petyonvil, y ap regle zafè nèg anwo paske nèg sa yo pa konn zafè nèg anba ! Nou te deja goumen ak kolon yo, nou te bat yo e jodi a n ap goumen ak pitit yo pou libète nou.»
Konsènan selebrasyon fèt endepandans lan, nan Gonayiv André Fado envite popilasyon an pou pran wout Gonayiv depi alavans pou montre ke diyite pèp ayisyen: «Nou deja prè pou nou ale Gonayiv; jodi a gen yon delegasyon ki deja nan site Endepandans lan pou ede gonayivyen yo prepare fèt endepandans lan pou ede gonayivyen yo prepare fèt Endepandans lan Gonayiv, se pou tout pèp ayisyen. Noumenm nou prè pou fè konfwontasyon ide ak dyalòg, men nou pa gen zam ni lajan kolon yo nan men nou. Se paske yo wè yo pa kab fè echanj ide ak pèp la ki fè ou wè yo pran lèzam pou touye mas pòv yo.»
Bò kote pa li, lidè jenès pouvwa popilè a (JPP) René Civil fè apèl a popilasyon ann, pou itilize tout mwayen pasifik pou defann pouvwa Lavalas la. René Civil te di: «Se nan lit mas yo Lavalas konvenki, nan Matisan, Kafou, Rivyè Fwad... jodi a se pi rèd Site Solèy desann la a se pou nou montre lemond antye lè y ap achte moun nan bay viza ebyen se ranfòse y ap ranfòse fòs prezidan Aristide nan lit mas pèp ki pi pòv yo nan peyi a. Lè y ap fè kanpay denigreman, dezenfòmasyon ap fè manti. Nou te di l Eto Boukliye a ap fè 200 zan an...» Lò jounalis te poze René Civil kesyon sou patisipasyon li 1e janvye 2004 nan Gonayiv, lidè JPP a te reponn: «Bon ! gade prezidan an prale a 7 tè di maten jan li anonse l ayè! bon mwenmenm ! depi le 28 desanm m ap Gonayiv, sa vle di prezidan an pral Raboto menm e se Raboto menm nou pral fè final la pou nou leve defi a.» Responsab Jenès Pouvwa Popilè a te eksplike estrateji plan kanpay laboratwa destabilizasyon « opozisyon » ann: «Nou òganize yon manifestasyon pasifik, pou n dezapwouve tout moun k ap fè vyolans, k ap touye moun, ayè yo touye Stanley Loiseau... Yo reyini ayè nan Tomasen kote yo di, yo pral fè afwontman ak pèp la oubyen ak lapolis pou fè beny de san... Maten an, nou vin retire gaz nan machin koudeta a, pou n di Lafrans se noumenm ki te mete lame fransèz la andewout, jodi a ankò se nou k sou beton an pou fete 200 zan endepandans nasyonal la ».
Yon lòt kote, youn nan konseye politik prezidan Aristide la, Mèt Dismie César te fè apèl a popilasyon an nan lendi 22 desanm lan, pou swiv manifestasyon pasifik yo pou pote soutyen ak vòt popilè yo ak respè konstitisyon 29 mas 1987 la. Dismie César te ankouraje popilasyon k ap patisipe nan pwojè asenisman k ap fèt nan divès katye nan peyi a, pou pa pran nan pwovokasyon sektè «opozisyon» chanpwèl la, yon fason pou asire preparatif selebrasyon Bisantnè Endepandans nasyonal la. Tout moun te konstate plizyè santèn moun te kanpe 2 bò lari nan pakou manifestasyon Fanmi Lavalas yo, t ap aplodi manifestan yo, kote sitwayen yo t ap bay dlo gratis, bandwòl, etc. Rive nan zòn avni Palè dè Ministè, devan Palè nasyonal, li te difisil pou jounalis evalye valè kantite milye moun ki patisipe nan manifestasyon patizan pouvwa a jou vandredi 26 desanm lan nan Pòtoprens. Prezidan Aristide te oblije sòti nan biwo li nan Palè a, epi parèt nan gri devan palè pèp la pou salye kouraj pèp la nan lit y ap mennen pou jwenn bon jan libète ak jistis sosyal. Nou kwè kominote entènasyonal la pran nòt sou dènye gwo mobilizasyon apui pèp la pou gouvènman Prezidan Aristide la ak Fanmi Lavalas yo nan dènye jou sa yo. Prezidan Aristide pwouve l yon lòt fwa ankò kanpay mobilizasyon manch long ki te lanse nan 2e kongrè Fanmi Lavalas la ap kontinye pou fè echèk a destabilizasyon ann.