23 Décembre,  2003

December 23, 2003

23 Desanm,  2003

Vol. 21 No. 41
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Fòk gen mezi pou anpeche poutchis simen dezòd!

Plizyè otorite pouvwa Lavalas la nan Madi Laprès 16 desanm nan, te pwofite pou pote presizyon sou kominike ke Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la te emèt la.

Swit a evenman ki te rive devan fakilte Syans Imèn nan ak nan Inaghei nan vandredi 5 desanm nan ak lòt manifestasyon ak zak pou eseye jete gouvènman konstisyonèl la, Konsèy Siperyè Polis Nasyonal te fè parèt jou 13 desanm yon kominike ki di: «Tout manifestasyon ki pa òganize nan respè konstitisyon an ak lwa ki an vigè yo, ap konsidere kòm ilegal e y ap pini daprè atik 258 kòd penal la.» Yon kominike ki natirèlman pat pran tan pou te fè moun sektè anti chanjman yo anraje, paske yo wè yo p ap kapab simen dezòd nan peyi a jan yo ta vle a.

Minis Jistis la Calixte Delatour nan entèvansyon l te pwofite pou l te prezante senpati li bay tout moun nan kèlkeswa sektè ke l ye e li fè konnnen ke limenm ak chèf gouvènman ann Yvon Neptune ak tout moun ki nan gouvènman ann kondane vyolans lan sou tout fòm, kote l soti kèlkeswa moun ki fè li paske li di «vyolans se vyolans li mennen». Li fè konnen tou ke libète reyinyon garanti daprè atik 31 nan manman lwa peyi a, tout moun gen dwa reyini, tout moun gen dwa manifeste, men fò l fè l pasifikman, epi tou yo dwe avèti la polis paske fòk gouvènman pran tout mezi posib pou sa ki te rive a pa refèt ankò, e yo dwe respekte kondisyon ki bay yo si ou vle fè manifestasyon. Li raple tou ke« ki jan w ap fè manifestasyon an ou gen pou rele pou di ki kote l ap sòti, ki kote l ap rive, konbyen tan l ap dire, paske ou byen ou di w ap fè manifestasyon 24 trè sou 24, 365 jou sou 365 jou … se pa menm yon kanaval, paske kanaval la, nou konnen li kòmanse tèl lè e l fini tèl lè».

Guy Cesar, majistra komin Taba, ki te youn nan envite yo, te kritike yon seri medya ki te pretann fè referans a deklarasyon inivèsèl dwa de Lòm lan e se yon seri enstitisyon ki afilye avèk Gwoup 184 poutchis André Apaid la ki te fè soti yon atik nan jounal Nouvelis jou mèkredi 10 desanm nan kote yo ta tire yon atik, atik 21-1. Deklarasyon sa daprè majistra Cesar, «Li gen yon valè de rekòmandasyon, … kote n ap viv la ki tèks referans nou genyen, nou genyen konstitisyon 1987, mwen byen di l, konstitisyon 1987 la ki se yon lwa jeneral, se sa ki fè diferans ant yon lwa espesyal avèk yon lwa jeneral». Jisteman majistra a te reyaji tou sou menm deklarasyon inivèsèl dwa de Lòm kote tout destabilizatè a yo chita sou atik 20-1 an, pou di ke yo gen dwa manifeste. E ke daprè li, yo ta bliye tout atik 21-3 ki mande pou respekte chwa pèp la lè l ale nan eleksyon, li vote yon moun, pou yo respekte manda moun sa jiskaske l fini, pou yo fè eleksyon onèt nan peyi a. E ti oligachi nan peyi a, yo pa vle voye moun nan KEP a yon sèl bagay ki enterese yo, pliske koudeta pa ka fèt andedan peyi a ankò, y ap chèche pou evoke yon gè sivil.

Sekretè Deta Kominikasyon an Mario Dupuy, konsènan anpil jounalis ki rive di ke gen polisye ki ta pike etidyan avèk sereng, li fè konnen: «Nou wè ke genyen yon entansif-ikasyon kanpay dezenfòmasyon ann, ou wè y ap entèvni y ap di ou moun y ap pike avèk sereng. O si li onèt li konnen trè byen ke se yon kanpay dezenfòmasyon li ye, se yon kanpay de dezenfòmasyon k ap fèt pa yon asosiyasyon medya byen espesifik, byen detèmine, lè yo di y ap pike moun avèk sereng. Eske ou gen yon moun yo pike ak sereng? Ki yès ki pike yo ak sereng ke ou idantifye?».

Bò kote pa li, minis Kilti a Lilas Desquiron, nan entèvansyon li, li plede anfavè yon emisyon sou edikasyon sivik pou pèmèt tout moun nan popilasyon an konnen dwa yo ak devwa yo pou ke peyi a kapab mache byen san divizyon pandan n ap pare pou nou fete 200 zan endepandans peyi nan Premye janvye 2004 k ap vini an.