17 Décembre,  2003

December 17, 2003

17 Desanm,  2003

Vol. 21 No. 40
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Pèp la pap bay legen!

Tout moun ka sonje lè yo te wè sou Televizyon Nasyonal plizyè santèn milye moun ki te patisipe nan komemorasyon Batay Vètyè 18 novanm ki sot pase a nan Okap. Prezidan Aristide te fè yon diskou djanm kote li te denonse «rat kay k ap manje pay kay», li te denonse tou anbago gwo peyi sousè yo mete sou do mas pèp la. Li pat bliye di ke menm jan mas esklav yo te genyen lagè kont kolon franse yo pou te soti nan lesklavaj, jodi a mas pèp la gen pou l fè lòt viktwa tou. Jou sa a, se te yon jounen kote san Dessalines t ap bouyi nan venn tout vre patriyòt. Nou sèten gwo mobilizasyon sa a pat rantre nan tanperaman gouvènman peyi Etazini ni peyi Lafrans. Dayè anbasadè peyi sa yo te resevwa lòd nan men gouvènman yo pou pa mete pwent pye yo nan Vètyè. Konsa tou Konze ki nan sa yo rele «sosyete sivil» la, Gwoup «184», Konvèjans ke rele tèt li «Demokratik» la, e tout lòt kolonn k ap resevwa lajan nan men IRI ak Inyon Eropeèn te move kou kong. Li te klè, jou sa a, tout apatrid yo te pran yon gwo manman souflèt e sa ta pral chofe motè destabilizasyon y ap fè pou gate manje a paske yo wè yo pap ka manje l.

Donk etan done «opozisyon» an wè li pa ka mobilize moun, enben yo rantre nan inivèsite a, atravè senkyèm kolòn yo e vire lòlòj kèk etidyan pou kontinye destabilizasyon an nan fè pwovokasyon. Se konsa depi lendi premye desanm bagay yo pran yon lòt dimansyon. Laprès «opozisyon» an, kidonk spesyalman: Metropole, Kiskeya, Karayib, Vizyon 2000, Tele Ayiti louvri mikro yo pou kèk etidyan fè pwovokasyon nan anonse kijan yo pral fè fas kare ak OP Lavalas jou k ap vandredi 5 desanm lan. Jou sa a, marengwen t ap vole e ou pat konn sa k mal sa k femèl. Anpil kraze brize fèt, enfiltratè rantre nan syans imèn e tire sou manm OP elatriye. Tout moun sonje kijan jounen sa a fini. W a di «opozisyon» an se sa li t ap tann pou l pran woulib e kontinye fè plis ajitasyon ak dezòd andedan peyi a. Etan done yo wè destabilizasyon yo a pa mache nan Kap Ayisyen ak Gonayiv, donk yo mennen l nan lakou Pòtoprens.

Mèkredi 10 desanm destabilizasyon an pran yon lòt nivo. Yon manifestasyon koumanse andedan Syans Imèn nan. «Etidyan» yo fè yon konferans pou laprès kote yo pran pretèks sa ki te pase vandredi 5 desanm lan pou di yo pral pran lari chak jou san yo pa anonse lapolis anyen. Kidonk yo soti nan kad legal bagay yo dwe fèt. Choz di choz fèt; menm mèkredi 10 desanm nan yo pran lari. Sa te pase byen, yo te anviwon yon 200 etidyan» konsa. Lè «opozisyon» makouto-boujwa a wè sa, yo rasanble twoup yo e jedi ki te 11 desanm 2003 a yo pran lari san yo pa avèti lapolis. Bagay la derape nan Syans Imèn ak nan Etnoloji ak lòt fakilte prive. Manifestan yo ke tout moun te wè te gen baton, bout fè, zam a fe elatriye nan men yo. Yo te anviwon 10 000 ap monte desann nan tout ri nan kapital la : Ri Kapwa, Kanapevè, Lali, Boudon, Delma. Yo retounen sou Boudon ankò e pran direksyon Lali pou ale devan palè nasyonal dapre sa yo t ap di. Manifestan yo t ap voye, sou tout pakou yo, pawòl piman bouk kont prezidan Aristide. Nan manifestayon an tout moun te ka wè manm «184», manm Konvèjans, ansyen kolonèl Himmler Rebu, senkyèm kolòn tankou Dany Toussaint ak Prince Pierre Sonson. Ou te ka wè tou Théodore Beaubrun Junior alyas Banabe, Lionel Trouillot, elatriye. Donk alyans makouto-boujwa a te pran direksyon manifestasyon an; se pat afè etidyan ki t ap regle ditou.

Antouka, bagay yo ta pral gate. Rive ri Lamarre, bò tribinal de Pè seksyon ès. Kèk «etidyan» maspinen Arince Laguerre, kameramann Tele timoun e sezi kamera l, se lapolis ki sove la vi li. Jounalis la di li rive idantifye etidyan  ki agrese l yo. Plizyè manm laprès te sezi wè pwofesè Josué Mérilien ak bout baton l nan men li. Ki leson moral pwofesè sa a ka bay elèv ak etidyan nan peyi a? Manifestasyon ilegal la te mete tèt yo an direksyon Palè Nasyonal e yo t ap di yo pral rantre nan Palè a pou jete prezidan Aristide. Rive bè Mipana sou Chandmas la, lapolis te kanpe ankwa pou kanpe manifestan yo. Lè sa a kèk santèn manm OP te devan palè pou kontrekare manifestan yo. Lapolis te mete fen a manifestasyon ilegal la; yo voye gaz lakrimojèn, tire anlè e dispèse foul la. Sa w tande a radyo «opozisyon» yo rele anmwe e ke se enjistis, yo di tout kalite vye pawòl. Mezanmi nan ki peyi ou konn tande manifestan di y ap rantre andedan yon palè pou lapolis ou lame kite sa fèt ? Radyo ouvè mikwo yo bay «opozisyon» an ak kèk etidyan pale pou di nan vandredi 12 desanm nan, wè pa wè, y ap pran lari ankò e nan pwen anyen k ap fè yo voye avèti lapolis ke y ap pran lari. Yo menase e fè anpil presyon sou radyo Ginen ak radyo solidarite ki blije sispann emisyon yo. Jounen 11 desanm nan te fini sou yon move nòt, nan dèy pou mouvman popilè a. Bra ame «opozisyon» an tire André Jean-Marie kòdonatè pwogram alfabetizasyon nan Petyonvil. André te ko-fondatè yon lekòl, SOPUDEP k ap sèvi ti moun defavorize nan Petyonvil. Kisa k pase? Nan apremidi jou 11 desanm nan André Jean-Marie te nan Palè nan yon rankont sou kesyon alfabetizasyon. Msye te kite reyinyon an e li t ale. Men sanble te gen machin ki t ap suiv li. André te retounen nan aswè vin bay patizan Lavalas yo sipò ki te koumanse rasanble devan palè. E atoufè tann li desann machin ni, yon machin pase e yo fizye msye. Li kite madanm ni ak 2 ti gason. Bagay sa a te boulvèse tout moun ; men radyo makouto-boujwa yo pat fè bri ak sa. Se nòmal, se yonn nan pitit pèp la ki tonbe ! Antouka sektè popilè a di «opozisyon» an vandredi y ap ba yo yon repons.

Depi nan lasware jedi 11 desanm nan manm òganizasyon popilè te mete barikad nan kat kwen Pòtoprens. Nan vandredi maten 12 desanm nan, pèsonn pat ka fè wonn pòt. Barikad toupatou pou bare move zangi ak tout poutchis ki bezwen fè koudeta. Se te yon repons tou pou ansyen majò Dany Toussaint ki te fè konnen lavèy ke si Aristide kite pouvwa a nan 48 tè l ap ka bay sekirite nòmalman nan peyi a. Bagay sa a te leve plim sou do mas pèp la. Bò 9 vè nan maten, jou vandredi 12 desanm sa a, te gen plis pase 50,000 moun devan palè nasyonal pou kore manda prezidan Aristide ki pou 5 lane, san wete, san mete. Nan chak èd tan apre sa manifestasyon an t ap grandi e yo t ap siyonnen zòn anba lavil e yo t ap envite manifestan ayè yo desann vin devan palè si yo kapab. Li te klè ke «opozisyon» an pa t ap pran chans sa a.

Se konsa yon ti gwoup «etidyan» te soti nan Syans Imèn nan e te pran direksyon kanapevè e pran direksyon boudon pou monte Petyonvil. Poutchis Andre Apaid Junior pat pran tan pou vin pran direksyon manifestasyon an. Paske ayè li te wè Rebu elatriye te pran manifestasyon nan men li, donk jounen vandredi 12 desanm lan li di: pye kout pran devan. Manifestan yo pat plis pase 300 lè yo rive devan Otèl El Rancho, e yo te genlè panse nan Petyonvil pa gen moun k ap kore pouvwa Lavalas la; men se te byen konte malkalkile. Yo t a pral kontre bab pou bab ak manm OP si lapolis pat prezan. Lapolis te separe 2 gwoup yo e sa pat anpeche Andre Apaid fè pwovokasyon sou lapolis. Tout moun ki t ap suiv radyo te ka tande Apaid ki t ap rele nan tèt yon ajan CIMO pou l ka pase, alòske manm OP yo te kanpe pi wo. Kidonk w a di mouche sa a se lagè sivil l ap chèche pou pwovoke yon debakman peyi etranje nan peyi a lavèy bisantnè endepandans peyi a. Donk pou evite yon lese frape fèt lapolis voye gaz lakrimojèn, tire anlè epi dispèse manifestasyon swadizan etidyan yo. Radyo Metropole, Kiskeya, Vizyon 2000, Karayib rele anmwe dèske lapolis kraze manifestasyon an ke yo di ki te pasifik donk yo pa wè pou ki rezon yo kraze l. N ap raple ankò ke depi mèkredi 10 desanm nan «etidyan» yo te di yo pap voye ankenn nòt bay lapolis pou di ke y ap manifeste e men ki pakou y ap fè. Kidonk manifestasyon sa yo ilegal e lapolis dwe kanpe yo anvan menm yo pran lari. Nan samdi 13 desanm nan, apèn yon senkantèn moun mele ak kèk etidyan pran lari ankò pou defye otorite yo. Yo te gentan rive kanapevè apre lopital e la ankò lapolis mete fen ak manifestasyon an pou evite dezòd, paske mesye «etidyan» sa yo se sa yo ap chache, fè pwovokasyon. Paske pou kisa yo pa vle anonse lapolis ke yo ap fè manif? Apre dezòd sa yo, gouvènman blije di: «Abraam di sètase!». Premye minis la Yvon Neptune mete yon nòt deyò kote li di ke dezòd sa yo pa ka kontinye e li raple tout moun règ jwèt la. «Opozisyon» makouto-boujwa a rele anmwe pou fè chantay e kryie se «diktati» elatriye. Donk se pou yo te kite yo pran lari tout lajounen, jan yo vle jan yo pi pito. Pou yo se sa ki rele demokrasi. Antouka nòt otorite yo pa brinding «opozisyon» an ki soti pou kontinye dezòd ak pwovokasyon. Jou lendi 15 desanm nan, sanzatann «etidyan» pran lari, yo te apèn 400 konsa. Yo kouri monte Kanapevè ankò e rive devan komisarya Kanapevè a ki tou pre lopital la. Lapolis dispèse yo. Jou sa a, dezenfòmasyon te fè kenken. Korespondan radyo Metropole ki te souplas di gen anviwon 5000 manifestan. Antouka, tou manti pa fon!

Nan mwens pase 3 semèn selebrasyon Bisantnè Endepandans nasyonal la, 1e janvye 2004 k ap vini la a, «opozisyon» an detèmine pou kreye gwo latwoublay, paske yo wè yo p ap ale. E yo gen sipò gouvènman Washington ak Inyon Ewopeèn, kote Lafrans alatèt konbin lan. Fòk gouvènman mete chenn nan kawotchou l e pa pran bèl pawòl anbasadè meriken kou franse ap di pou lajan kontan. Tout moun sonje ke anbasadè meriken an te di prezidan Aristide dwe fini manda l. Gen moun ki ka konprann se laverite. Enben se pi gwo mansonj. Paske lè Depatman Deta peyi Etazini di yon bagay ou mèt sèten Pentagone ak CIA gen yon lòt ajenda. Nou sonje ansyen anbasadè peyi Lafrans kidonk Yves Gaudeuil te fè konnen gen yon «tanpèt» ki pral soufle nan peyi a! epi nou wè se pwovokasyon, destabilizasyon, asasina k ap fèt. Nouvo anbasadè franse a, Thiery Burkard, te di limenm li pa nan afè tanpèt se pito bèl tan li swete. Si yon moun kwè sa l di a enben ou kwè nan Tonton Nwèl. Paske, si sa l di a te vre li ta patisipe nan komemorasyon Batay Vètyè a. Alòs, fòk peyi enperyalis sa yo konnen ke pèp ayisyen ki fè 1804 pa enbesil. Li pap pran lalin pou fromaj. Sitiyasyon an difisil se vre, y ap fè tout kalite mannèv pou destabilize peyi a, menm jan y ap fè l Venezuela, atravè senkyèm kolòn yo ki nan « sosyete sivil », Gwoup «184», Konvèjans e kèk etidyan yo vire lòlòj yo. Men wè pa wè, batay final la se mas pèp la k ap genyenn.