10 Décembre,  2003

December 10, 2003

10 Desanm,  2003

Vol. 21 No. 39
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Ki sektè ki responsab deblozay Syans Zimèn yo ?

Yon gwoup « Etidyan » ajitatè nan inivèsite Leta Dayiti a, tankou Fakilte Syans Zimèn, Etnoloji, INAGHEI elatriye, ki manipile pa yon ti gwoup konze machann peyi antipèp ki nan « opozisyon » degrenn gòch la, ki fè pati tou karavàn lanmò gwoup « 184 » moun André Apaid Junior ki nan konplisite ak gwo peyi kolonyalis/enperyalis yo ki vle tounen mas pèp ayisyen ann esklavaj yon lòt fwa ankò ; te pare pou manifeste nan Pòtoprens jou vandredi 5 desanm lan, nan lide pou ranvèse prezidan Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a, yon fason pou « blan » meriken mete yo sou pouvwa a, san yo pase nan eleksyon jan manman lwa peyi a mande sa. Pwovokasyon an kòmanse ak eleman ki enfiltre etidyan yo. Okenn près ki di yo « endepandan » epi k ap voye monte kanpay destabilizasyon an, pa fè okenn prèv objektivite ke yo di y ap fè a. Se te yon veritab voye monte pi presizeman band dè 4 la tankou radyo Metwopòl, Kiskeya, Karayib ak tele Ayiti t ap fè jou vandredi 5 desanm 2003 a.

Byen bonè nan maten, « Etidyan » ajitatè yo te deja devan fakilte Syans Zimèn nan blòk avni Kristòf, t ap mobilize anndan kou deyò fakilte a, pou te pran lari. Plizyè manm laprès te remake prezans Anthony Barbier ki t ap sòti nan lokal Syans Zimèn nan yon machin Teriyòs koulè ble. Kèk obsèvatè poze tèt yo kesyon kisa manm gwoup « 184 » Karavàn lanmò a t al fè nan lokal Syans Zimèn nan moman etidyan yo t ap planifye yo pou te demare « manifestasyon » yo a ? Kèk èd tan pou etidyan yo te pran lari, sa ta pral gate, lè yon machin traker te gare bò yon pikòp lapolis e kèk « Etidyan » ajitatè, ki te akonpaye majò jon UNO a, Josué Mérilien ki te nan lari a te di se manm OP ki nan machin nan e yo kòmanse frape machin nan, kote chofè a te blije ale. Pandan yo t ap lanse gwo pawòl piman bouk kont chèf leta : «aba Aristide» «si pou nou ale nan eleksyon, fòk Aristide ale nan prizon », «Aristide kontra ou fini, etidyan pap renouvle kontra ou ankò». Men èske se etidyan ki bay pouvwa ann Ayiti ?

Kèk tan «etidyan» manipilatè yo te maspinen ak kout makak, wòch elatriye yon jèn gason ke yo di se manm OP, kote yo kase tèt epi pote kòd pou te mare li, se gras ak konkou lapolis ki fè « Etidyan » yo pat touye jèn gason sa a. Manm OP yo te kòmanse debake devan fakilte Syans Zimèn ak lòt ri ki antoure Fakilte Leta a. «Etidyan» ajitatè yo te fè pwovizyon wòch mete sou do fakilte Syans Zimèn, al vide sou manm OP yo. Jounalis, polisye ak moun k ap pase pat epanye anba kout wòch « Etidyan » ajitatè yo ; e manm OP yo ki te anba te riposte. Kèk tan aprè, yon detonasyon zam te chante e yon manm OP ki rele Harold Gérard te pran bal nan janm dwat li, manm OP sa a te pote yon pantalon abako ble, yon mayo koulè blanch sou li. E se la a bagay yo te pral dejenere nèt… Antretan, plizyè inite PNH te trase plizyè perimèt pou anpeche afwontman ant 2 pati yo. Yon manm OP viktim te pale ak jounalis yo «Mwen se manm òganizasyon popilè, nèg yo pran bèg mwen, nèg yo banm kou… se nèg Konvèjans yo, Etidyan yo, nèg gwoup « 184 » yo, ou wè devan nou yo matirize m anpil ». Pandan yon gwoup Etidyan t ap agrese yon manm OP ote, te vin ak kòd pou te mare li, etidyan an te pale konsa : «Se chimè li eo… donk, nou menm nou wè se lapolis nan konplisite avèk chimè, donk si chimè pat gen lapolis, lapolis yo mete inifòm sou yo, men tout se chimè paske nou wè yo menm k ap fè sa a, gen nèg nou rekonèt kòm zenglendo ki abiye an polis ». Li te difisil pou jounalis te rantre anndan Syans Zimèn akoz Etidyan yo ki te mete entèdiksyon pou kèlkeswa moun ta parèt pwent tèt yo devan baryè Fakilte Syans Zimèn. Byennantandi, plizyè sektè deplore kèk manm OP ki ta rantre nan lokal inivèsite a e fè yon kraze brize ; chèz, tab, òdinatè, boule yon machin nan lakou a elatriye.

Yon peyi ki deja manke materyèl travay pou etidyan, pwofesyonèl, òm dafè fonksyone kòm sa dwa. Anfen, dega sa yo pat dwe rive jiske la. Men ki sektè yo ka bay tò ou rezon ? Se la tout kesyon an. E n ap di kare bare se pwovokatè destabilizatè yo nan « opozisyon » an ki resevwa lajan nan men anbasad e ki jwenn api yon sektè nan près la ki lakoz. Sa te prevwa depi lavèy 4 desanm lan, ke bagay yo ta pral gate. Nan emisyon « di m ma di w » 3 zè – 4 trè PM ki anime pa Marvel Dandin sou radyo Kiskeya, gen etidyan ki t ap pale, ki te pwovoke ouvètman manm OP yo kòm delekan, lavèd machin. E ke « chimè » yo se yon ti gwoup ke « Etidyan » yo ka afwonte san pwoblèm. Gouvènman an di se yon bagay inakseptab, yo pap rete gade yo pral mete kanpe yon komisyon ankèt, ki gen tout kalite sektè tankou lajistis, lapolis, jounalis ak lòt sitwayen pou bay limyè sou evenman 5 desanm yo nan Syans Zimèn ak INAGHEI. Premye minis lan Yvon Neptune, Sekretè Deta Kominikasyon an Mario Dupuy deplore Etidyan yo ki vann konsyans yo pou kesyon viza. Bò kote pa li, depite Twou di Nò Rudy Hérivaux kritike etidyan yo, ki kite sèten sektè ap manipile yo pou destabilizasyon peyi a. Minis Edikasyon Nasyonal la, Marie Carmelle Paul Austin kondane move zak ki fèt nan lokal inivèsite leta a. Ki te lakoz etidyan inosan, pwofesè, pami yo Rektè inivèsite leta a, Pierre Marie Paquiot rive viktim nan plan kanpay destabilizasyon manipilatè politik machann peyi yo. Antouka dapre sa k ap di, madan Austin renmèt demisyon l. Eske se pou sa ? Malgre eskòt sekirite lapolis, sa pat anpeche pou «Etidyan » ajitatè yo te koresponn ak manm OP yo. Pou jiskaske daprè sa yo di, ta sanble gen 15 «Etidyan» e yon dizèn manm OP resvwa bal, kout wòch anba men etidyan manipilatè yo, men fòk nou di tou manm OP yo pa t ap rete bwa kwaze devan sitiyasyon matyavelik sa yo.

N ap siyale, nou te wè prezans divès destabilizatè « opozisyon » an tankou majò jon Konasovik la Rosemond Jean, chèf mouvman sendikal bidon an Montès Joseph ak « pwofesè » Josué Mérilien, yo tout t ap voye wòch ansanm ak « Etidyan » ajitatè yo anndan fakilte Syans Zimèn. Men pou ki sa Rektè, responsab UEH yo kite Rosemond Jean, Montès Joseph, Josué Mérilien pami « Mouvman » Etidyan yo ap tire kout wòch nan lakou fakilte leta a. Eske yo te fè apèl ak lapolis pou te retire kò etranje sa yo pami Etidyan yo ? Eben gouvènman an dwe deplwaye tout estrateji politik li pou sove mas pèp yo, anba grif fòs fè nwa yo ki pa vle tande pale de Bisantnè Endepandans peyi Dayiti.