Plizyè santèn «Etidyan» ajitatè manifeste nan Pòtoprens jou vandredi 28 Novanm lan, kont otorite Gouvènmantal yo. Yo t ap lanse gwo pawòl piman bouk kont chèf leta a Jean Bertrand Aristide. Yon « manifestasyon» ki te òganize sou inisyativ yon gwoupiskil ajitatè politik, ki manm gwoup «184» moun André Apaid la, ki pote non «Federasyon Etidyan» inivèsitè Ayisyen (FEUH), ki sanble vle mete dife nan mond inivèsitè ayisyen an, nan konplisite ak konze « opozisyon » an ki mare sosis yo ak peyi kolonyalis e enperyalis yo, pou toupizi mas pèp la epi redwi popilasyon ayisyèn ann esklavaj yon lòt fwa ankò.
Men se domaj; se byen konte mal kalkile piske mas pèp la ap pran nòt. Paske manm òganizasyon popilè yo pat rete endiferan pou manifeste tou anfavè Prezidan Aristide kote yo t ap reklame respè 5 kan manda chèf leta a. Manm OP Lavalas yo kalifye «manifestasyon» Etidyan yo kòm fo mouvman ki resevwa gwo lajan nan men konze ann Ayiti e gwo peyi etranje, pou fè kanpay denigreman ak destabilizasyon kont mas pòv yo ann Ayiti. Manm OP yo site non majò yon gwoup «184» moun nan Adré Apaid Junior yo di k ap fè lòbi nan laprès Etranjè pou Etenn imaj pèp Ayisyen an. Yon «manifestasyon» ki te demare devan lokal fakilte Etnoloji sou Channmas. «Etidyan» ajitatè yo t ap jwe tout kalite jwèt ki montre yo trè ostil ak Pouvwa Lavalas la, yo te chante yon «mès» magouy trase vèvè epi boule Mayo ki gen Foto Prezidan Aristide, pandan yo t ap di move pawòl kont Prezidan Aristide tankou :« Aba Aristide »,« Si pou n ale nan eleksyon, Fòk Aristide al nan prizon », « Se pa chimè non, se etidyan wi »
Sòti devan fakilte Etnoloji, kote yon Etidyan te abiye an soutàn « Monsenyè » avèk ansanswa kenbe nan men, yo t ap boule lansan epi voye lafimen lansan an tribò babò, kote yo t ap fredonnen kèk chante legliz katolik : « o lespri sen desann sou nou...» epi resite yon bann orezon degrenn gòch kont Prezidan Aristide : pase nan ri St Honoré, St Paul, ri Ennery , ri di Sant pou te kanpe devan Penitansye nasyonal ki donk gran Prizon kote kote 2 manm gwoup «184» la David Apaid ak Charles Henry Baker t ap reflechi nan prizon poutèt lapolis te jwenn nan men yo zam afe nan moman manifestasyon gwoup «184» la, 14 Novanm pase a :kote mas pèp la desann sou beton an, pou di non ak « Kontra Sosyal « Karavàn lanmò a ki sanble gen pou objektif kraze peyi a. Answit manifestasyon « Etidyan » yo te pran direksyon ri Pave, yon pati nan Chandmas pran direksyon avni Magny ak Christophe ( tou prè INAGHEI), kontinye ri Laflè di Chèn e Kapwa epi rann yo sou Chandmas. Nan pakou mouvman « Etidyan » yo, foul manm OP yo ki t ap grandi tanzantan, anviwon 2 mil konsa, te manifeste an favè pouvwa Lavalas la. Plizyè inite nan Fòs polis la tankou (Cimo) Konpayi Entèvansyon ak mentyen dòd te bay foul sekirite pou te evite afwontman ant « Etidyan » ajitatè yo ak manm OP yo. Malgre eskòt sekirite lapolis, sa pat anpeche pou « Etidyan » ajitatè yo te fè lese frape ak manm òganizasyon popilè yo. Pami etidyan blese yo te gen Charles Vilbon 2ème ane Sikoloji nan Fakilte Etnoloji, Dieuphète Dorival 3ème ane sikoloji, Wilnise Pierre menm Fakilte ak Majò jon ( FEUH), Hervé Saintilus ki blese nan bra goch li, san konte plis pase yon dizèn manm OP resevwa anpil kout wòch ak kout pwen anba men « Etidyan » ajitatè yo. Sekouris Kwa Wouj Ayisyèn yo te vin transpòte moun blese yo pou lopital jeneral. « Etidyan » yo pat vle pran lòd nan men sekouris yo ki te oblije swaye yo sou plas andedan Fakilte Etnoloji a. N ap siyale, nou te wè prezans plizyè destabilisatè « Opozisyon » an tankou Roselaure Aubourg KID, Alexis Clairius pou Etwal Popilè ak Montès Joseph ki reprezante Mouvman Sendikal bidon an (MSH).