Pati Popilè Nasyonal (PPN) fikse pozisyon li klè jou lendi 24 novanm lan, nan yon konferans près li bay nan lokal pati a, ki nan avni John Brown sou Lali. Objektif rankont Sekretè Jeneral PPN nan ak laprès, se te pou pale sou 4 gran dosye politik k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti, tankou absans anbasadè Etazini ann Ayiti a James B. Foley ak anbasadè peyi Inyon Ewopeyèn yo espesyalman diplomat fransè a Thierry Burkard, nan selebrasyon Bisantnè Batay Vètyè yo 18 novanm pase a nan vil Kap ayisyen; dezyèmman kisa atik jounal fransè «Le Figaro» a vle di nan konjonkti aktyèl peyi Dayiti a; pase pran desizyon anbasad meriken ann Ayiti pran pou anile viza ofisyèl yo nan gouvènman Lavalas la, epi nòt Konferans Episkopal la, k ap pale de lit de klas ak kesyon koulè ann Ayiti.
Lidè PPN nan Benjamin Dupuy, eksplike byen fonde mawonaj diplomat meriken an James B. Foley ak chèf diplomasi fransè a Thierry Burkard nan selebrasyon Bisantnè Batay zansèt nou yo, ki te pote viktwa sou lame napoleyonyèn nan. Ben Dupuy te fè konnen : anbasadè fransè a gen anpil pwoblèm pou li te vizite kote Lafrans te pèdi lagè a «Pou Lèzetazini, se pa etonan non, nou konnen Lèzetazini te pase anviwon yon demi syèk apre endepandans Dayiti e abolisyon esklavaj avan yo te rekonèt egzistans e endepandans Ayiti. Nou konnen politik Etazini depi lò se te izole peyi Dayiti… ». Sekretè jeneral Pati Popilè Nasyonal la denonse yon vag kanpay denigreman k ap fèt nan divès medya ayisyen ak etranje kont mas pèp ayisyen an, patikilyèman kont rejim Lavalas la ke mas pèp la te chwazi ki pou dirije yo ; lidè PPN nan site non kèk ladan yo tankou Asosiyasyon Près (AP), Ajans Frans Près (AFP), Wachintonn Pòs, Nyouyòk Pòs, Deli Nyouz, Nouyòk Tayms, Lemond e « Le Figaro » ki se yon jounal de dwat « Yo antame depi kèlke tan yon kanpay entènasyonal pou vilipande Ayiti, pou avili gouvènman konstitisyonèl ayisyen an e yo jwenn anpil apatrid, konze ki fòme ti elit oligachik nou an, ki depi 200 zan ap eksplwate grann majorite yo e ki toujou ap ranpe nan pye grann pwisans entènasyonal. N ap pran ekzanp jounal fransè « Le Figaro » ki se yon jounal de Dwat, ke tout moun konnen an Frans. E menm sèten « entèlektyèl de goch » rantre nan kanpay sa a, se yon kanpay k ap fèt kont tout gouvènman konstitisyonèl e popilè ann amerik latin, paske se majorite mas pèp la ki fè chwa prezidan li. Yo fè koudeta militè, sa pa mache e yo kontinye fè tout sa yo kapab pou destabilize gouvènman venezelyen an kidonk, Hugo Chavez ki nan menm sitiyasyon ak peyi Dayiti. Se menm bagay sa a ki te pase ann Ekwatè ak o Bresil… » . Ben Dupuy kalifye administrasyon Georges W. Bush la kòm yon gouvènman fondamantalis, ki gen yon seri reyaksyonè yo mete nan depatman Deta, tankou Otto Reich, Roger Noriega. Ben kontinye pou l di « Kanpay destabilizasyon yo pran 2 fòm. Li fè yon fòm dezenfòmasyon, e yon destabilizasyon pasifik. Lè yo pran dè santèn milyon dola vèt, ke y ap finanse kèk swadizan « òganizasyon dwa moun », oubyen pou « sendika » bidon. An menm tan CIA ap fè travay pa li, lò l ap òganize ansyen makout, ansyen militè ki gen nostalji pou yo atake ou sou 2 fwon . Nou wè gen yon sèten près sousou ki osèvis reyaksyon ti klik oligachik la, fè yon pakèt afè, ak atik jounal « Le Figaro » a ». Sou sak konsènen nouvèl estrateji kanpay destabilizasyon anbasad meriken ann Ayiti a, lò yo pran desizyon pou wete viza ameriken kèk manm gouvènman Lavalas la, pami yo minis Enteryè a Jocelerme Privert, lidè PPN nan estime Lèzetazini ap itilize tout kalite zam, yo panse ke lakay yo se El Dorado, donk yo panse se pi gwo pinisyon yo kab bay yon moun, lè yo anile viza w « Sa fè pati kanpay denigreman an, paske lè yo retire viza yon moun, ti klik oligachik isit yo vle fè konprann ou gen lè fè yon move bagay ». Konsènan nòt Konferans episkopal la mete deyò, sou « pwopozisyon » gwo palto reyaksyonè legliz katolik yo fè gouvènman Lavalas la, pou debloke swadizan « kriz » fabrike yo mete sou do mas pèp ayisyen. Nòt « Konferans » Episkopal la pwopoze pou KEP Alix Lamarque la revoke, pou l pa antrave travay nouvo KEP konsansis la epi yon konsèy 9 manm ki pou akonpanye prezidan konstitisyonèl la, lò manda palmantè 47e lejislati yo bout, 2e lendi mwa janvye 2004 la epi pou pase men nan tèt polis nasyonal la. Ben eksplike estrateji ti klik CEH yo « Se yon taktik pou sere boulon peyi a pi plis toujou. Jan konferans episkopal la poze pwoblèm yo, sè ke nou pral tann endefiniman alòske nou konnen ke reprezantan oligachi nou yo, tèt Konvèjans yo « gwoup 184 » moun lan, karavàn lanmò moun sa yo konnen se blan an ki pou di yo kisa yo dwe fè. Sitou lò blan ap finanse yo. Se Lèzetazini ki pa dakò pou gen demokrasi nan peyi a, ke se majorite ki chwazi dirijan yo. Y ap fè tout kalite pwovokasyon tankou Gonayiv, Ti Gwav, sou Channmas se pwovokasyon pou jistifye pa gen eleksyon annatandan yo mande papa Bush vin debake menm jan ann Irak, pou l vin mete yo o pouvwa. Men estrateji a, li klè pou tout moun ». Responsab PPN nan egzòte gouvènman Lavalas la, pou l pa pran nan pawòl ipokrit Konferans episkopal la. Epi degaje l kout kekout òganize eleksyon minisipal ak lejislatif nan peyi a pou evite vid enstitisyonèl yo anndan peyi a. Responsab PPN nan poze tèt li kesyon ki enterè Lèzetazini ap chache, lò li otorize konpayi jwèt Rockstar game, fabrike jwèt video game ki rele « touye ayisyen yo » ? tout sa montre klè se estrateji kanpay denigreman peyi kolonyalis ak enperyalis yo ap fè kont mas pèp ayisyen an, ki deside pran desten li an men, pandan y ap prepare yo pou komemore bisantnè endepandans nasyonal la, nan vil Gonayiv 1e janvye 2004 ki pral vini la a. Antouka, gouvènman Lavalas la ta dwe kanpe sou mesaj lanmou, lapè ak rekonsilyasyon bay apatrid machann peyi yo, ki vle « blan » debake nan peyi a, pou ba yo pouvwa epi redwi mas pèp ann esklavaj yon lòt fwa ankò.
Yon lòt bò, dirijan PPN nan te pale tou sou senatè ki kouri kite bato a. Kidonk Prince Pierre Sonson ak Dany Toussaint ki chwazi kan yo lè yo rejwenn opozisyon makouto-boujwa a. Jounen jodi a, tout moun tande ke radyo « opozisyon » an tankou Metwopòl, Kiskeya, Karayib ak Tele Ayiti pa rele 2 mesye sa yo senatè konteste ankò.
Jounen jodi a, senatè Toussaint pran pòz bliye ke boujwazi a te fann nan siyaj li lò Jean Dominique te tonbe anba bal asasen. Boujwazi a te sòti pou fè l pote chapo a. Senatè Toussaint jodi a ap voye monte André Apaid (yon milat) k ap fè pwovokasyon nan peyi a. Fò Dany Toussaint (yon nwaris) sonje lè li t ap kritike Jean Dominique, Bob Manuel ak Pierre Denize, li te itilize kesyon koulè, afè nwaris sektè makout, pou te atake yo. Li te konn rele yo « ti wouj » kidonk milat. Jodi a, li rejwenn kan makouto-boujwa a e yo akeyi msye ak 2 bra. Fò n fè yo sonje tou ke majò Toussaint te gen gwo pwoblèm ak senatè Sonson. Li te menm kouri dèyè l pou kesyon 17 desanm kote li te di Senatè Sonson te nan tèt OP ki t al dechouke otè entelektyèl tantativ koudeta 17 desanm nan. Jounen jodi a yo bradsi bradsou. Donk bagay la klè, tout moun ap chwazi kan yo.
Sou kesyon koulè sa a, Sekretè jeneral la te fè konnen « … sa n ap di, sè ke drapo ayisyen an gen anpil ideyològ boujwa e makout ki vle fè konprann ke drapo ayisyen an se alyans nwa ak milat. Sa, se pa vre, se manti, pa gen bagay konsa… alyans ki te pèmèt nou fè viktwa 18 novanm lan e 1e janvye 1804 la, se te yon alyans klas, se pa t alyans koulè. Sendomeng te gen sa yo rele afranchi, moun ki te ansyen lib yo e te gen nouvo lib yo kidonk ansyen esklav yo. Nan klas afranchi a te gen nwa, te gen milat… » Donk sa klè , se afranchi yo, nwa ak milat, ki te fè alyans ak ansyen esklav yo ki bay lendepandans.
Kidonk fò k mas pèp la fè atansyon pou l pa pran nan demagoji. Pa egzanp yo di se Pétion ki tiye Dessalines. Ben Dupuy fè konnen « … konplo sa a te gen Pétion kòm milat, te gen Christophe, Guérin ak Romain ki te nwa ki te ladan l … lè yo t ap asasine Dessalines li rele Charlotin Marcadieux vin pote l sekou. Charlotin te yon milat… » E, yo te tiye Boisrond Tonnerre, yon milat ki te avèk Dessalines, nan prizon.
Donk mezanmi bagay la klè. Jounen jodi a nou wè sektè makout la vle retounen ak afè koulè a sou moun pou vire lòlòj pèp la, pou fè l pa konprann ke se yon lit klas k ap fèt. Fò k nou depase kesyon koulè sa a ke ni boujwazi a, ni makout yo itilize pou detounen moun sou vre pwoblèm yo.