8 jou aprè lanmò Kolibri, prezidan Aristide te rankontre nan palè nasyonal ak fanmi defen an, sitwayen Yves Lemaire papa Kolibri, Pè Arthur Volèl, majistra kominal site Solèy la Fritz Joseph akonpanye Galcius Maxo yon reprezantan chèp OP Site Boston Robenson Thomas alyas Labanyè ak reprezantan 34 katye nan site Solèy. Papa viktim nan, Yves Lemaire di li te sòti satisfè nan rankont ak chèf leta a ; Pè Volèl te swete pou prezidan Aristide fè plis jefò pou fè lapè reye nan Site a. Kèk patizan Labanyè te pran lari nan katye site Boston nan Site Solèy nan lendi 3 novanm lan, pou te manifeste kont otorite Lavalas yo, ke yo vle bay responsab asasina Kolibri a. Patizan Labanyè yo te di yo koupe « fache » ak chèf leta a. Sepandan kèk nan manifestan yo deklare yo toujou rete fidèl ak prezidan repiblik la. Bò kote pa li, Djed Wilmé te fè konnen jodi a se tou pa Kolibri, demen y ap viktim Labanyè, kanmenm ; li bay Labanyè defi kounye a pou l rantre anndan Site a. Daprè Djed Wilmé, Roodson Lemaire alyas Kolibri se te yon kriminèl ki t ap mache touye moun toupatou nan site Solèy e menm nan plizyè lòt zòn nan peyi a. Dapre Wilmé prezidan Aristide pap fete bisantnè endepandans lan ak Labanyè nan Site Solèy. Sepandan, majistra site Solèy la Fritz Joseph voye jete ankò nan mèkredi 5 novanm lan, tout responsabilite nan asasina vandredi 31 oktòb la Roodson Lemaire alyas Kolibri a. Daprè Fritz Joseph, se yon asasina ki te planifye epi egzekite pa kamarad Kolibri yo k ap travay pou yon sektè politik ak « sosyete sivil » la, pou kreye yon sitiyasyon parèy ak sa k ap fèt nan Gonayiv la. Fritz Joseph te fè konnen « Se Robenson Thomas alyas Labanyè ki antèt mouvman nèg yo k ap fè anpil krim, pou tante mare pye gouvènman an nan operasyon destabilize peyi a ». Majistra Site Solèy la swete pou lapolis arete Labanyè pou pote eklèsisman sou asasina Kolibri a. Antretan, abitan site Solèy yo nan zòn Waf la, akize tou mèkredi 5 novanm lan, Robenson Thomas alyas Labanyè k ap simen laperèz nan Site a.
Daprè abitan yo, Labanyè ak konplis li yo te koupe kouran elektrik ak fil telefòn nan tout zòn waf Site Solèy la. Yo fè apèl ak lapolis pou pran kèk dispozisyon pou kontwole kèk sispèk tankou Billy, Amaral, Jiji ansanm ak chèf yo Labanyè pou retabli lòd ak lapè nan Site Solèy. Labanyè pa rete la, li montre kote mouvman li an sòti. Se konsa, yon ti gwoup konplis ki ta sanble manifeste jou madi 4 novanm lan, pou reklame depa prezidan Aristide sou pouvwa a, akize chèf leta a kòm moun ki ta enplike nan lanmò Kolibri a, alòske se yo menm ki sanse sispèk. E yo montre jwèt yo tou, kote yo deklare yo solidè ak mouvman ajitatè yo nan Gonayiv ki se « Fwon Rezistans pou voye Aristide ale ».
Tout moun wè se laboratwa a k ap travay pou kreye dezòd nan peyi a. Men ki moun ki gen enterè touye Kolibri ? Se konsa Sekretè Deta Kominikasyon an Mario Dupuy pa t ezite yon lòt fwa ankò pou mande, ki moun ki gen enterè touye Kolibri e ki moun krim sa a pwofite ? Mario Dupuy te deklare « Resamman la a, ou tande dè apèl a la vyolans ki fèt pou Kafou, ou wè nan ki sektè l sòti, ou wè se pa nou menm ki fè l, se pa nou menm ki di yo, al di ke yo pral boule Teleko, y ap mobilize ansyen militè yo, yo di tout moun vini ak fizi fal, kòlt 45 yo, galil yo men moun sa yo nan ki sektè yo t ap pale ? ». Donk, aksyon sa yo montre klè « Laboratwa destabilizasyon » an vle kreye latwoublay anndan peyi a.
Antouka, prezidan Aristide kenbe pwomès li ak fanmi Kolibri, ke li reponn l ap fè antèman an epi ankadre rès fanmi an. Fineray Roodson Lemaire alyas Kolibri, 23 zan te chante jou jedi 13 novanm lan nan legliz Sent Ann nan ri Kabòn Pòtoprens. Yon antèman ki te transfòme an veritab manifestasyon popilè anfavè prezidan repiblik la, depi anndan legliz rive jouk nan simityè Pòtoprens, kote yo depoze kadav Kolibri. Manifestan yo te lanse gwo pawòl piman bouk kont konze « opozisyon » yo ak ti klik oligachik gwoup « 184 » la, pandan yo t ap reklame respè 5 kan manda prezidan Aristide la sou pouvwa a. Yo egzije arestasyon majistra prensipal site Solèy la, Fritz Joseph ak chèf OP site Bwanèf la nan pwojè Dwouya Djed Wilmé yo di ki otè asasina Kolibri nan site Solèy.
Nan sans sa a, aprè fineray la Haïti-Progrès te rankontre nan Site Solèy fanmi defen Kolibri, tankou manman Kolibri Lisena Lorvis ak papa li Yves Lemaire ki fè konnen prezidan an reponn ak pwomès li. Madan Lisena Lorvis swete pou gouvènman an ta bay fanmi an yon kay pou yo abite, daprè yo se nan fèm kay y ap viv epi ba yo èd pou rès fanmi an. Sitwayen Yves Lemaire pale nan menm sans lan tou. Kote li deklare li se Lavalas e l ap toujou rete atache ak chèf leta a, l ap rete Lavalas jouk li mouri. Papa Kolibri di li kont tout fòm manifestasyon k ap fèt nan site a kont prezidan Aristide. Ebyen si fanmi Roodson montre soutyen yo ak prezidan Aristide, men ki sektè k ap lave sèvo Labanyè kòm kwa yo revòlte kont lanmò Kolibri, piske menm gwoup li t ap mennen yo, rive rele viv prezidan. Apre echèk konplo sa a, ki lòt estrateji fòs antipèp yo pral anplwaye kont otorite konstitisyonèl yo ? Nou pa konnen, antouka mas pèp la ap swiv e yo deja bay Konvèjans, Gwoup « 184 » yon bwa long kenbe.