12 Novembre,  2003

November 12, 2003

12 Novanm,  2003

Vol. 21 No. 35
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Associations des Casecs de la Commune zones Métropolitaines (ACCM)

7 novanm 2003

Nou retire chapo nou byen ba pou nou salye prezidan Aristide ak tout gouvènman e laprès an patikilye.

Nou menm Kazèk ki nan komin zòn metwopolitèn nan ki pran inisyativ sa a poun bay konferans sa a nan non ACCM ki se Asosyasyon Kazèk ki nan Komin zòn Metwopolitèn nan.

  1. - ACCM di sou kesyon 5 kan prezidan Aristide la nou pap negosye yon yota ladan l paske moun ki pa t ale nan eleksyon paka bay tèt yo non opozisyon.
  2. - ACCM di wi a eleksyon, wi a lapè, non a vyolans, non a machann peyi lidè pèpè. Se sa k fè jounen jodi a n ap mande prezidan Titid ki se sèl prezidan legal nan peyi a, ansanm ak tout moun nou te vote nan eleksyon 21 me 2000 yo, ak tout responsab lajistis, ak lapolis pou yo pran reskonsabilite yo pou yo met lòd nan peyi a pou yo sispann sitire bizismann, machann peyi, antipatriyòt, fo demokrat sa yo fè sa yo vle nan peyi a.
  3. - ACCM koube l byen ba pou l voye yon gwo kout chapo pou efò prezidan Titid ak gouvènman an fè nan amelyore bonjan kouran nan peyi a tankou Okap, Gonayiv, Machan Desalin, Pòtoprens elatriye, malgre anbago ekonomik la.
  4. - Asosyasyon an kontinye pou l di tout kasèk nan peyi a, manda yo gen pou l fini se sa k fè nou di wè pa wè fò k eleksyon fèt pou konble vid jan konstitisyon an mande l.
  5. - Nou voye yon gwo kout chapo pou prezidan Aristide nan fè rive moun konn li ak ekri pou yon 200 zan ki marye ak eleksyon fèt anpè nan tout peyi a.
  6. - Asosyasyon an kontinye pou l di nou pote tout sipò nou kòt prezidan Aristide pou Restitisyon ak Reparasyon an pou n ka gen plis wout ak plis lekòl, plis lopital, plis kouran restitisyon an e wout ki deja kòmanse fèt ki poko fini yo tankou wout Lèziwa, Tibiron, Jeremi elatriye.
  7. - Pou 2004 la ka 200 zan pi bèl fòk nou tout rekonèt ke se ayisyen nou ye; asosyasyon di 2004 pa zafè Lavalas jan moun yo konprann li an, li pa zafè opozisyon plis gwoup 184 machann peyi. 2004 se zafè tout ayisyen ki konnen yo gen san Dessalines nan venn yo paske «le san apèl le san».
  8. - Nou menm kazèk ki nan komin zòn metwopolitèn nan nou deja mobilize pou n fete 2004 ak prezidan Titid nan lapè.

Nan sans sa a Asosyasyon an mande tout lòt Asosyasyon kazèk ki nan rès peyi a pou yo leve kanpe pou n kore 5 kan prezidan Aristide la, fete 2004 ak Titid epi eleksyon wi. ACCM mande tout enstans ki konsène yo nan kesyon netwayaj tankou T.P.T.C, M.I.C.T, anviwònman, SMCRS, Meri yo ACCM fòk yo patisipe aktivman nan kesyon 2004 la.

Pou n fini asosyasyon an voye di tout moun alawonnbadè se nou kolektivite teritoryal la ki se rasin pouvwa a, koupe l jodi l ap pouse demen.

Mèsi

Saint Vil Ronald, Secrétaire Général;
Germain Denice, Coordonateur;
Romélus Rodrigue, Conseiller;
Azolin Dory, Porte parole