5 Novembre,  2003

November 5, 2003

5 Novanm,  2003

Vol. 21 No. 34
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Site Solèy:
Ki sa ki dèyè lanmò Kolibri a?

Nan lannwit vandredi 31 oktòb pou louvri samdi 1e novanm 2003 a, se avèk anpil etonnman ke tout moun tande lanmò Woodson Lemaire alyas Kolibri, ki se yon sòt lidè natirèl nan Site Solèy. Daprè enfòmasyon yo, Kolibri ta sanble mouri anba plizyè katouch yon sèten Donald ki gen kontwòl zòn waf Site Solèy la. Yon alye kidonk, Kolibri, Robenson Thomas alyas Labanyè gen tan kouri akize gouvènman an sou antèn radyo Metwopòl, kòm kwa se gouvènman an ki fè touye Kolibri nan kad rezolisyon 822 OEA a. Laboratwa Destabilizasyon «opozisyon» an gen tan ap pyafe pou bay deklarasyon Labanyè a rezon. Men ki sa ki fè yo prese akize gouvènman an? Kisa ki dèyè asasina Kolibri a?

Nan sans sa a, Haïti-Progrès te desann nan Site Solèy pou al nan sous kestyon an. Dapre sa kèk temwen eksplike, Kolibri limenm jwenn lanmò li, apre li t al sou waf epi li krible twa moun ak bal nan yon jwèt domino, pami yo yon fanm ansent, epi li rale chèz kay moun li fin touye yo e l chita ap gade kadav viktim yo atè a. Donk, gwoup sou waf la estomake aksyon Kolibri a epi Donald tann yon anbiskad pou misye kote yo fè madanm li rele l nan telefòn pou t al ranpli yon misyon nan pwojè Douya katye Bwa nèf. Kèk temwen te fè konnen ke «Sepandan Kolibri t ap vini ak Amaal, apenn l ap parèt nèg yo tou vide l atè. Se aprè Kolibri te al nan yon jwèt domino sou waf Site Solèy la, epi Kolibri di pami nou tout kila a, ki moun ki pi fò? Gen yon eleman ki reponn se mwen ki pi fò, kounye a misye bay jwè domino a 16 katouch, madanm nèg la te ansent… fi a di li si ou touye mari m, ou mèt touye m tou ? epi li tire fanm lan tou ansent». Yon lòt temwen rapòte ke «Amaal te fè yon echanj katouch ak nèg Wilmè yo nan Bwa nèf; pandan Wilmè t ap fè patizan l yo rantre nan baz yo, epi Amaal te pote boure sou li ak yon gwo zam « Kabay », li baskile zam lan sou Wilmè, li pa t jwenn katouch, gen lè nèg yo te ba l kèk katouch nan lestomak li, gen yon sèten Donald ki responsab baz sou waf; nèg site Boston yo te pote boure».Yon sitiyasyon ki bay moun site Solèy gwo tèt chaje; tankou biznis, lekòl, mache, legliz ak plizyè santèn moun blije kite kay yo akoz panik sa a evenman sa yo mete. Donk, kontrèman a manipilasyon «opozisyon » an yo ap fè a, ebyen moun nan popilasyon site a eksplike byen klè nan ki sikonskonstans Kolibri mouri ; se yon afwontman gwoup site Boston ki gen Labanyè ak Kolibri ki t ap dirije l a yon lòt gwoup sou waf site Solèy ke yon sèten Donald ap dirije ki rive voye Kolibri ale nan peyi san chapo. Donk «opozisyon» an ta panse ke yo ta kapab pwovoke dezòd nan Site Solèy menm jan ak nan Gonayiv apre lanmò Amiot Métayer.