Ti gwoup ansyen lib reyaksyonè yo, kidonk afranchi yo ki te sasinen Dessalines nan Pon Wouj 17 oktòb 1806 la ki pèdi pouvwa politik la jodi a vle kout ke kout destabilize pouvwa Lavalas la, nan moman mas pèp la ap prepare l pou selebre batay Vètyè 18 novanm ak bisantnè endepandans nasyonal la, 1e janvye 2004 k ap vini la a. Eben ! ti klik oligachi san fwa ni lwa sa a pran yon twazyèm echèk ankò nan swadizan «mouvman leve kanpe pasifik» yo a, men ki vle fè lagè ak mas pèp ayisyen an pou ranvèse otorite konstitisyonèl yo sou pouvwa a. Lò Konvèjans lan te lanse mouvman teworis yo a «operasyon pou deboulonnen Lavalas» la epi siyen yon maskarad «rezolisyon 15 desanm 2002» pou voye prezidan Aristide ale ann egzil oubyen touye l tou menm jan ak papa Dessalines ki se senbòl libète nasyonal la, ki t ap reklame byennèt ansyen esklav yo.
197 lane apre lanmò anperè Dessalines, ti restavèk kolon franse yo mare sosis yo ak peyi enperyalis yo, pou retabli lesklavaj yon lòt fwa ankò sou bout tè Dessalines mouri kite pou pitit li yo. Mesye dam machann peyi sa yo kanpe ankwa sou chemen 200 zan endepandans peyi a. Pozisyon ti gwoup «entèlektyèl» komokyèl sa yo montre klè kou dlo kòk ke se pou Lafrans y ap travay, lò yo te pran desizyon siyen yon swadizan «deklarasyon prensip» ki bay Bisantnè endepandans ayisyèn nan yon bwa long kenbe. Brèf, se konsa nan mèkredi 22 oktòb pase a, kèk sendika jòn mele ak sikisal Konvèjans yo t ap tante òganize yon manifestasyon kont prezidan Aristide kote yo te bay randevou devan lokal swadizan «Pati nasyonalis demokratik e pwogresis Dayiti» a (PNDPH) pou te demare «manifestasyon» sa a. Men tou depi nan semèn 20 oktòb la, Jenès Pouvwa Popilè (JPP), René civil ap dirije te vini ak «Operasyon eto-boukliye» pou te kwape «opozisyon» an.
Choz di choz fèt, plizyè santèn patizan Lavalas te reponn prezan depi 6zè nan maten devan lokal PNDPH la. Kote mas pèp la te debake ak plizyè bann rara, anpil kawoutchou te boule lanse gwo pawòl piman bouk epi anvayi lokal pati Tuneb Delpé a ak foto prezidan Aristide. Sitiyasyon sa a pa t pèmèt ti gwoup ajitatè «opozisyon» yo manifeste, kidonk mouvman yo a bwè lwil, piske yo pa t kab sipòte tansyon revandikasyon òganizasyon popilè yo.
Kèk endividi òganizatè mouvman ajitatè «opozisyon» an te kache anndan lokal PNDPH la, ki t ap pale nan mikwo jounalis, te deklare ke «Operasyon eto boukliye popilè, ke René Civil ki se chèf òganizasyon Jenès Pouvwa Popilè a (JPP) te lanse kèk jou avan manifestasyon opozisyon yo, kontrekare mouvman antigouvènmantal yo a…» Plizyè manm OP Lavalas te fè divès deklarasyon anfavè chèf leta a, yo te fè konnen ke «se beton an ki dwe pale pou nou. Fòs antipèp yo pa vle admèt se Lavalas ki pi fò. Nou di non ak moun k ap di aba prezidan Aristide, paske li se wa esklav yo».
Plizyè inite nan PNH te deplwaye sou pakou manifestasyon «opozisyon» an pou evite afwontman ant patizan Lavalas yo ak Konvèjans lan devan lokal PNDPH la, konsa tou sèten diplomat meriken ak OEA ak kèk souflantchou machann dwa moun tankou NCHR te vin founi je gade epi pote sipò bay patizan sikisal «opozisyon» yo. Se menm bagay la tou ki te rive jou vandredi 24 oktòb la, pou Konasovik Rosemond Jean an. Li te tonbe nan menm eto boukliye JPP a, nan Kafou. Majò jon swadizan òganizasyon sosyete viktim yo, Rosemond Jean te envite ajitatè parèy li yo, devan sant Espòtif Kafou a, pou rele chalbari dèyè pezidan Aristide. Mouvman Konasovik la bwè lwil piske Rosemond pa t mete pye kote li lanse «mouvman li a.
Manm OP Lavalas yo fè konnen wè pa wè y ap fete 200 zan endepandans Ayiti a kanmenm, sote ponpe fòk revandikasyon mas pòv yo pase. OP Lavalas yo lonje dwèt yo byen long sou dirijan Konvèjans yo, gwoup «184» André Apaid la ki te deklare se gran nèg ki bay pouvwa ann Ayiti, mas pèp la pa dwe wè anyen nan desizyon k ap pran pou peyi Dayiti. Bò kote pa li, youn nan chèf ajitatè PNDPH la Turneb Delpé te reyaji sou nouvèl echèk manifestasyon sikisal « opozisyon » yo. Turneb Delpé akize dirèkteman prezidan Repiblik la Jean Bertrand Aristide ki responsab bòykotaj mouvman «leve kanpe» yo a.
Tuneb Delpé, defansè feyodalite a di li kanpe djanm dèyè maskarad «rezolisyon 15 desanm 2002» a, ki se opsyon zewo. Yon lòt kote, youn nan soubreka Konvèjans lan ak «OPL» la, pou retounen mas pèp ayisyen an nan esklavaj ankò, Paul Denis te pale menm jan ak akolit li Turneb Delpé ki gen yon sèl lwa k ap danse nan tèt yo se fè koudeta epi leve defen fòs fè nwa « lame Dayiti » a, pou vin kraze zo mas pèp la pi plis toujou. Paul Denis te fè konnen ke «Bann vwayou yo toujou ap sipòte pouvwa Lavalas la yo deside kraze manifestasyon an, yo fè vyolans, yo anonse yo pral boule lokal Konvèjans lan, yo aji tankou chimè. Li lè, li tan pou popilasyon an ak sitwayen nan peyi a mobilize yo pou debarase yo ak mesye Aristide sou pouvwa a ». Se nòmal pou mas pèp la patisipe nan kèlke swa manifestasyon kont destabilizasyon paske mas yo sonje sa yo te pran pandan koudeta 91 lan. Epi mesye tizè pouvwa sa yo toujou mete vrèman mas pèp ayisyen an sou kote. Ti klik oligachi sa yo toujou ap trete mas pèp la « chimè », «vwayou», «moun sal, moun pòv», elatriye. Eske mas moun sa yo pa gen dwa pa yo tou nan sosyete a? Epi aswafe pouvwa sa yo vle pou kategori moun yo vle eskli yo, vote pou yo nan eleksyon. Machann peyi sa yo pa danse kole ak pèp, yo plis vle pran pouvwa a nan fè koudeta, nan bwè san pèp la, pou redwi yo nan esklavaj yon lòt fwa ankò. Men se domaj, se byen konte mal kalkile piske mas pèp la pap dòmi.
Nan zòn Nò, Okap presizeman, pèp la bòykote yon lòt fwa ankò lòbèy «Fwon opozisyon Nò» a te lanse pou wikenn samdi 25 louvri dimanch 26 oktòb la, pou te destabilize rejim Lavalas la. Mas pèp la te pran beton vil Okap, pou di non a poutchis kolonyalis ak enperyalis yo. Mas pèp la deklare y ap mennen yon lit pasifik epi pote soutyen yo ak manda 5 an chèf leta a. Tout moun ki gen bon sans kapab obsève ke mas pòv yo gen yon fòs enpòtan sou teren politik ayisyèn nan, fas a sektè reyaksyonè yo, ki vle pou koken Wachintonn ak inyon ewopeyèn yo remete yo sou pouvwa a ann Ayiti.