17 oktòb 1806 – 17 oktòb 2003, sa fè egzateman 197 ane depi yo te asasinen lidè senbòl libète nasyonal ayisyen an, anperè Jean-Jacques Dessalines, sou Pon Wouj, pandan l t ap sòti nan depatman Latibonit; kote l li te tonbe nan yon anbiskad kèk jeneral lame endijèn nan te drese kont li. Depi lè sa a, dlo pa janm sispann koule nan je mas pèp ayisyen an, ki twouve l ap viv jounen jodi a, nan yon sitiaysyon ki vin pi difisil chak jou pi plis. Pou make gwo dat istorik sa a, otorite yo te òganize divès aktivite toupatou nan peyi Dayiti, tankou nan vil Dessalines, nan Pòtoprens, nan vil Okay elatriye.
Nan Pòtoprens, minis Edikasyon Nasyonal la Marie Carmelle Paul Austin ak Sekretè Deta Jenès, Espò ak Sèvis Sivik la Hermann Nau akonpanye avèk plizyè palmantè te depoze jou vandredi 17 oktòb la yon jèb flè nan pye moniman senbòl libète a anperè Jean Jacques Dessalines ki sou Channmas. Touswit apre, plizyè milye elèv lise ak kolèj nan rejyon metwopolitèn nan te akonpanye dirijan leta yo, pou t al depoze yon lòt jèb flè ankò devan Tonm gwo potorik gason sa a, Jean Jacques Dessalines ki nan Pon Wouj, blòk Chansrèl nan Pòtoprens.
Nan diskou li, Marie Carmelle Paul Austin remèsye zansèt nou yo pou konba yo te mennen pou libere pèp nwa a sou bout tè sila a. Minis Edikasyon Nasyonal la te raple timoun yo ki sa anperè Dessalines reprezante pou yo; li te fè timoun yo konnen: «N ap temwaye eritaj sa a li kite pou nou. Nou se 1e pèp nwa sou latè ki pran endepandans nou. Nou gen yon panse espesyal alavèy 200 zan endepandans peyi a, yon panse espesyal pou tout jèn ki nan 10 depatman eskolè nan peyi a. N ap di menmsi mwayen gouvènman an pa anpil, se avèk yo n ap fete 2004 la kanmenm. Wè pa wè nou gen pou n leve eritaj sa a pi wo. Pou nou fè lemond antye konnen eritaj sa a, zansèt nou yo te mouri kite pou nou.» Toujou nan kestyon 197e anivèsè lanmò anperè Jean-Jacques Dessalines nan, manm Konsèy rektora inivèsite leta Dayiti a pat mete yo ak etidyan yo, pou pa te òganize okenn aktivite ansanm nan okazyon lanmò anperè Dessalines lan. Dapre deklarasyon youn nan yo, pwofesè Christian Rousseau ki se pòtpawòl UEH la, li te fè konnen, priyorite yo jounen jodi a se òganizasyon eleksyon yo nan fakilte leta a ak nan rektora UEH la. Malerezman yon eleksyon k ap trennen depi yon bon bout tan ki pa kab fèt. Pwofesè Christian Rousseau admèt sitiaysyon an pa nòmal e li andezakò ak misyon inivèsite ann Ayiti. Pòtpawòl UEH la envite aktè politik yo pou resezi yo, pou pèmèt sektè edikatif ayisyen an pran yon lòt oryantasyon. Ki donk se etidyan yo ki te pran desizyon yo pou kont yo. Bò kote pa li, komisyon konseye entèfakilte a Prince Guichard kritike manm konsèy inivèsite leta a ki minimize dat istorik sa a, sou pretèks eleksyon ki ta dwe fèt lan fakilte a. Daprè Prince Guichard atitid sa yo pap mennen inivèsite a okenn kote e li lanse yon apèl a linite nan mitan kominote inivèsite a. Se pa responsab manm konsèy UEH yo ki te gen atitid sa a sèlman konsa tou diriajn swadizan Pati politik «opozisyon» yo te montre karaktè antipèp devan lanmò Papa Dessalines ki te deja siyen yon kontra sosyal pou mas pèp ayisyen ki te kraze lè yo te sasinen l. Ebyen restavèk peyi enperyalis yo boude dat 17 oktòb la, sa montre klè si Dessalines te leve yo t ap touye l ankò. Piske mesye machann peyi yo, vle blan debake ann Ayiti pou vin okipe bout tè Desalin mouri kite pou pitit li yo, yon fason pou yo ka retabli yon lòt fòm esklavaj yon lòt fwa ankò. Paralèlman, swadizan Pati demokrat kretyen ayisyen (PDCH) an, ki separe an twa branch lan; enben branch Osner Févry a te fè yon jès demagojik nan sikonstans lan, lò li te òganize yon similak «mach pasifik» epi depoze yon jèb flè ipokritman devan pye moniman anperè Jean Jacques Dessalines sou Chanmas la. Li mande akolit li yo pou reflechi sou lanmò Dessalines. Sanble jès ipokrizi Osner Fevry fè a se pou touye papa Dessalines yon lòt fwa ankò, puiske pati politik li a mare sosis li ak sektè makout ki vin ak rezolisyon 15 desanm pou voye prezidan ale a. E, yo se restavèk enperyalis meriken lè y ap mande pou debake nan peyi a, vin mete yo opouvwa. Anpil moun jounen jodi a poko fin konprann nèt ki kalite alyans ki te fèt e ki te vin ban nou endepandans. Se paske ideyològ klas dominant lan, kidonk boujwazi ak makout, toujou vle maske verite pou mas pèp la pa janm konprann, epitou pou youn osnon lòt zèl nan klas dominant lan, lè yo bezwen pran pouvwa a pou yo ka mobilize moun. Sa entèlektyèl klas gran nèg yo bay kòm eksplikayon?
Yo di nou alyans ki te fèt se yon alyans ant nwa e milat. Se pi gwo manti yo te ka bay. Verite a, sèke sete yon alyans klas. Alyans la te fèt ant ansyen lib yo, kidonk afranchi yo ki te gen ladan yo e milat e nwa ak mas esklav yo. Nou ka di ansyen lib yo, afranchi yo te reprezante pa Alexandre Pétion ki te milat, Gerin yon nèg nwa elatriye; e nouvo lib yo te reprezante pa Dessalins ki te nwa e kèk milat tankou Boisrond Tonnerre, Alexis Dupuy elatriye. Li trè zenpòtan pou yon moun konprann koz sa a, pou yo pa vire lòlòj nou. Donk an 1806, reprezantan ansyen lib yo ki te bezwen fè dap piyanp sou tout bon tè nan peyi a, te asasinen Dessalines, pase misye te nasyonalize tè yo, sa vle di, tout tè se tè leta, donk pou tout moun. Alòs mesye yo, ak asasina sa a te kraze kontra sosyal 18 me Akayè a. Ebyen majò jon swadizan gwoup « 184 » la André Apaid ta dwe bay mas pèp y ap trete «chimè» a eksplikasyon klè sou pwojè eksplwatasyon li a.
Konsa se avèk gwo kout tanbou, rara, vaksin, anpil chante mizik rasin ak drapo ble e wouj nan men ap flote anlè ke plizyè dizenn milye moun nan mas pèp ayisyen an ki sòti tribò babò nan peyi a, vin fete 197e anivèsè lanmò anperè Jean-Jacques Dessalines nan vil Dessalines ki nan depatman Latibonit lan, e kounye a Machan Dessalines pa rele konsa ankò, piske se te yon kolon ki te rele Marchand, ki te konn gade esklav lakay li. Donk gouvènman Lavalas pral fè sòti dekrè pou rele komin sa «Dessalines», sa vle di non Machan an pa p egziste ankò. Angwo, pèp la te selebre dat 17 oktòb la an granponp, yon mès aksyon gras te chante nan pawas Dessalines nan. Pè Dieudonné Léobert te fè pèp ayisyen an sonje kòman anperè Dessalines te tonbe nan Pon Wouj, se te 17 oktòb 1806, yon konplo ki te gen ladan l Petyon, Gerin, Christophe ki te abouti a yon asasina. Nan sans sa a, Pè Dieudonné Léobert te fè konnen ke «Chèf kontra sosyal sa a, an 1984 a 1988 mwen t ap etidye teyoloji Tijo, e se lakay misye (Apaid) chak wikenn Jean-Claude Duvalier te konn vin bwè tafya, kounye a yo pral fè kontra sosyal ak pèp ayisyen, e sou ki baz? Pa ka gen kontra sosyal vre ant pov ak rich… Jan Papa Dessalines vle l la, demokrasi wi, men non, non e mil fwa non pou kalite demokrasi sa a pote, ki fè nenpòt ki gwoup fè sa yo vle, bloke peyi lè yo vle, fè manifestasyon anpeche lekòl fonksyone jan yo vle, onon de lademokrasi. Waww! Papa Dessalines di non, non e non, Papa Dessalines mande redresman pou demokrasi sa a, ki fè yon ti ponyen moun nan yon zòn nan Gonayiv, pran tout vil Gonayiv ann otaj, bloke biznis, lekòl, kreye plis grangou paske mache pa ka fonksyone. Pandan laprès opozisyon ann ap deklare kòmkwa se tout vil Gonayiv ki nan manifestasyon. Papa Dessalines di non! kalite demokrasi sa a merite redresman». Bò kote gouvènman ayisyen an, plizyè nan yo te fè deplasman pou t al nan vil Dessalines, tankou prezidan Jean-Bertrand Aristide, premye dam Repiblik la Mildred Trouillot Aristide, 1e minis Yvon Neptune ak plizyè manm nan kabinè ministeryèl la, pou komemore dat 17 oktòb sila a. Apre Tedeyòm ki te chante nan legliz la, prezidan Aristide te pran lapawòl devan plizyè milye moun, pou te rann omaj bay Papa Dessalines ke yo te asasinen youn jou konsa sou Pon Wouj nan kondisyon tout moun konnen. Chèf leta a konsidere asasina sa a, kòm 1e koudeta nan listwa peyi Dayiti, li konpare l ak koudeta 30 septanm 1991 lan ki dapre prezidan Aristide gen resanblans. An 1806 Dessalines te mouri pandan l t ap batay kont esklizyon sosyal; ann 1991 fòs antichanjman yo te vle touye lespwa pèp ayisyen an.
Pou chèf leta a, eleksyon se sèl mwayen pou debloke « kriz » fabrike a. Prezidan Aristide te di: «Pèsonn pa kapab pase vòt pèp la anba pye, tout moun oblije antann nou pou nou al nan eleksyon, pou nou kab mache nan yon peyi kote tout moun respekte dwa tout moun. Moun ki dakò pou se nan eleksyon pou nou ale, men pa nan koudeta, leve men pou mwen wè? eske nou vle eleksyon? ba nou eleksyon ? eleksyon demokratik, eleksyon onèt, lib e libè, èske tout ayisyen vle bon jan eleksyon?» «Wi!» reponn foul la. Antouka prezidan Aristide dwe met kanson l nan tay li pandan peyòd twa mwa ki rete yo, san l pa pran nan presyon gwoup Konze yo, pou bisantnè endepandans ka byen fete an 2004.
Fòk prezidan an konnen ke rayisman klas boujwa restavèk sa ak grandon vòlè tè ki te touye Dessalines pap ezite bwè san pèp la ankò. Anfen, tout moun wè atitid yo depi anvan eleksyon 2000 yo. Nou ta ka di depi sou koudeta septanm 91 lan yo te montre vizaj yo. E se pa san rezon, pèp la di li pap mawon ankò. Si Dessalines ta retounen ankò, se sèten li pa t ap pèmèt ti gwoup sa a, ti lelit apatride sa a fè san pitit pèp la kontinye koule.