Lapli kraze wout Chansòl-Beladè a
Twonson wout komin Chansòl-Beladè twouve l nan movèz eta, akoz gwo lapli k ap tonbe toupatou nan peyi a. Sitiyasyon sa a fè divès chofè ki fè trajè zòn sa a plenyen anpil, akòz pyès machin yo kase. Chofè yo mande entèvansyon ministè TPTC rapido presto pou fè yon pase men nan twonson wout la.
Majistra Titwou Nip lan mande konkou
Youn nan majistra komin Titwou Nip lan, Gesner Casimir, mande jou jedi 2 oktòb la, pou otorite yo fè yon bagay nan edikasyon, sante ak enfrastrikti pou popilasyon Titwou Nip la. Majistra Casimir mande minis Travo Piblik la, Harry Clinton pou voye kèk materyèl tankou traktè, bouldozè vin pase men nan wout Titwou Nip lan.
Yon sant sante nan Ansavo
Senatè depatman Grandans lan, Lans Clones anonse nan jedi 2 oktòb la konstriksyon yon dispansè nan Ansavo ki pral pote yon amelyorasyon pou sante popilasyon ann. Lans Clones deklare ke sa a fè swit ak plizyè demach li te mennen bò kote ministè Sante Piblik, e li mande pou minis Sante Piblik la Doktè Henri Claude Voltaire pou nome kèk medsen ak enfimyè, pou asire swen malad yo nan komin Ansavo.
Ansagalè bezwen yon dispansè
Popilasyon 3e seksyon kominal Ansagalè gen gwo difikilte pou resevwa swen sante, akoz dispansè ki pa egziste nan zòn sa a. Manm kazèk 3e seksyon an Dieulut Boucicaut mande entèvansyon ministè Sante Piblik la san pèditan, pou pran dispozisyon, pou konstwi yon sant sante, yon fason pou peyizan yo ka rale yon souf ak divès kalite pwoblèm sante ke y ap soufri, tankou yon epidemi maladi bouton ak gratèl ki frape timoun yo nan Ansagalè, sa yo pa konnen ki orijin maladi sa a.
Yon kout je sou Pòtay Leyogàn !
Si lontan Pòtay Leyogàn te pote non «Kosovo», sa vle di ki te parèt kòm yon gwo zòn ensekirite nan kapital la, ebyen nan dènye jou sa yo avèk konkou fòs polis nasyonal la, tout ti machann ak tout moun ki konn chache lavi yo nan zòn sa a, reprann aktivite yo san kè sote. Konsa tou se yon zònkomèsyal nan plizyè nivo, tankou estasyon machin Jakmèl/Pòtoprens, Pòtoprens/Kay Jakmèl, Pòtoprens/Okay, chofè taksi, etc. Se yon kafou pou depatman Sidès, Grandans ak Sid. Sèl plas piblik ki egziste sou Pòtay Leyogàn nan, machann yo okipe yon pati ladan l, se la yo fè restoran «anba dra», garaj anbilan, bank bòlèt, elatriye. Direksyon jeneral PNH la konstwi yon soukomisarya nan lòt pati plas la. Konstriksyon sa a, ap vanse trankilman. Nan mache Pòtay Leyogàn nan, meri Pòtoprens lan egzije chak machann bay 5 goud kòm lajan taks; operasyon sa a mache achak samdi. Men malgre 5 goud taks meri a mande ti machann Pòtay Leyogàn yo, fatra anvayi zòn nan. Lè lapli tonbe, kanal la debòde nan Site Letènèl, Matisan ak Boulva Harry Truman piske machan yo okipe pi fò lari a. Ajan polis yo toujou gen gwo difikilte pou kontwole sikilasyon machin ak pyeton, sitèlman konn gen blokis nan Pòtay Leyogàn.
San koule nan fèt Tirivyè Latibonit
Fèt Sen Jeròm nan Tirivyè Latibonit fini nan san kote yon mesye yo rele Eco Dorcénat pran yon bal nan do. Li blese gravman ak plizyè lòt moun ki gen bra yo kase, tèt kase ak kout wòch, kout boutèy... Se bilan yon gwo lese frape nan yon plaj Lestè Beach, toupre Tirivyè nan aswè madi 30 septanm lan. Sa a rive apre yon gwoup nèg ki te gen gwo zam lou nan men yo te sou plaj la epi yo tonbe tire nan tout direksyon. Sitiyasyon sa a pwovoke yon gwo soulèvman nan Tirivyè Latibonit, kote gen gwo zam fann fwa nan tout katye. Se te yon lannwit tèrè.
Komin Boukan Kare gen anpil pwoblèm
Majistra komin Boukan Kare a, Sinevil, trase yon bilan negatif sou administrasyon kominal l ap dirije a. Li di li pa jwenn okenn asistans nan men pouvwa santral la, kote l fè konnen pa gen lise, e lè elèv yo fin fè etid primè yo se Mibalè yo blije desann oubyen yo monte Pòtoprens. Pa gen kouran elektrik, baraj Pelig la ki sou komin Boukan Kare; li pa itil popilasyon an, Twonson wout Boukan Kare a fin kraze, afè dlo potab la mnem, sa pa egziste ditou. Majistra komin sa a mande entèvansyon otorite yo, pou voye je gade abitan Boukan Kare yo.
Manke polis nan Desalin
Popilasyon komin Desalin nan, ap fè fas ak gwo difikilte pou yo rive jwenn sèvis lapolis. Majistra adjwen ann Fritz Jocelyn Charles rann direksyon jeneral PNH la responsab pwoblèm popilasyon ann sou kestyon sekirite, paske bandi ap taye banda nan zòn lan. Pa gen materyèl nan komisarya e kantite polisye ki kantone nan komisarya Desalin nan pa sifi. Majistra Fritz Jocelyn Charles mande popilasyon an mete kanpe yon brigad pou rive kontrekare aksyon bandi yo.
Mgr Constant pale sou evenman Gonayiv yo !
Prezidan Konferans Episkopal la Monsenyè Hubert Constant, ki se evèk komin Fò Libète a fikse pozisyon li jou vandredi 3 oktòb la sou evenman Gonayiv yo. Hubert Constant fè konnen yo pat dwe asasinen chèf « lame kanibal » la, Amiot Métayer. Evèk Fò Libète a te di : « Sitiyasyon k ap pase nan Gonayiv la makawon anpil, yo pat dwe touye Kiben, menm si li te gen pou l reponn kesyon lajistis sou evenman 17 desanm 2000 yo, yo te pote plent kont Amiot Métayer, men pèsonn moun pat mande pou touye « lidè » Raboto a, donk lapolis ak lajistis dwe bay limyè sou zak kriminèl sila … ». Ebyen prela legliz katolik la ta dwe mande ansyen anbasadè fransè a Yves Gaudeul eksplikasyon, sou tanpèt politik li te anonse sou Ayiti a piske apre twa jou anons « tanpèt » Gaudeul la yo asasinen Métayer.
Kestyon edikasyon
Kòdonatè Kòdinasyon 22 blòk komin Pòtoprens lan Romestil Pierre Mélisca denonse jou vandredi 3 oktòb la yon gwoup moun li di ki pran sistèm edikatif ayisyen an otaj depi 200 zan. Kote depi lontan se tigwoup fonksyonè sa yo k ap koupe rache nan ministè Edikasyon Nasyonal. Dapre kòdonatè mouvman 22 blòk la se menm moun sa yo, tankou Josué Mérilien, majò jon « Nò » a k ap mande pou prezidan konstitisyonèl la Jean Bertrand Aristide pou kite pouvwa a, yon fason pou kontinye kenbe sistèm edikatif la ann otaj. Romestil Pierre Melisca mande mas pèp ayisyen an louvri je yo, pou kab patisipe nan pwosesis òganizasyon egzamen ofisyèl yo nan peyi Dayiti.
Yon plas piblik pou Miragwàn
Popilasyon Miragwàn lan ap viv nan kè sote, akoz konfli tè ki tounen pou laplibèl. Malgre asirans majistra Robert Martial te bay moun ki gen kay tou prè plas piblik la k ap konstwi ke yo pap kraze yo, ebyen abitan yo di, yo toujou ap resevwa menas ki fè konnen yo pral kraze kay yo nan jou k ap vini yo. Moun sa yo lonje dwèt sou ansyen majistra Miragwàn nan, Serge Delva Gaspard yo di ki bezwen espas la pou regle zafè pèsonèl li. Yon lòt kote, konpayi Loba S.A k ap konstwi plas piblik la, enjenyè Jean Claude fè konnen se vre nan espas pou yo ta konstwi plas la.