08 Octobre,  2003

October 08, 2003

08 Oktòb,  2003

Vol. 21 No. 30
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Okap:
Bèl manif Fanmi Lavalas Fwon Opozisyon an vire tèt anba

Aprè echèk manifestasyon 14 septanm pase a, ak echèk grèv 15 septanm lan, echèk ankò diferan mo dòd diferan aktivite kan destabilizasyon Nò a te lanse, Fwon Opozisyon Nò a te pran dat 5 Oktòb la pou lanse yon lòt manifestasyon. Sou bò pa yo Oganizasyon popilè pwòch Fanmi Lavalas yo deside pou kenbe flanbo mobilizasyon ann tou limen chak dimanch jiska 18 Novanm 2003, sitou lè yo konstate tout kraze brize plizyè ti gwoup Fwon Opozisyon ann te tante fè nan Okap sou kay delege Nò a, Myrtho Julien, majistra Wilmar Innocent, lanmò yon militan Lavalas. Pakou ki te prevwa bò kote Fwon Opozisyon an se te sòti Karenaj pou rive Breda epi retounen Ri 5A, tandike plizyè twonson wout sa yo chita sou menm pakou Fanmi Lavalas chwazi apati Wonpwen Samari Site Lescot. Se konsa nan negosiyasyon ak direksyon minisipal polis nasyonal la, tou 2 pakou manifestasyon yo te modifye sou pwopozisyon komisè Charles Chilli.

Sou Radyo Maxima, apèl pou vyolans, denigreman divès responsab Leta pat sispann, divès pòtpawòl Fwon an pat kache konplisite yo ak Jean Tatoune nan Gonayiv e sipòte tout zak kraze brize mete dife kifèt sou biwo administrasyon piblik yo. Entènvansyon lapolis nasyonal la pou kwape zak banditis sa yo nan Gonayiv se te yon siy ki montre otorite Leta yo byen konprann dimansyon pwoblèm nan e te vinn mete dlo nan diven Jean-Robert Lalane ki se kowòdonatè Fwon Opozisyon Nò a. Pòtpawòl makout yo te pwofite okazyon sa a pou l fè difize yon anrejistreman espesyal pou mete deyò tout fristrasyon li, pwoblèm pèsonèl li, yon deklarasyon ki tradui blokay machin destabilizasyon ann nan peyi a. Sepandan samdi Lalanne an te deside repòte manifestasyon dimanch 5 Oktòb la. Sa pa t anpeche plizyè gwoup manifestan Fwon an te pran lari nan Karenaj apati 10 zè nan maten epi eseye twonpe vijilans lapolis kote yo pat vle respekte okenn pakou, epi kreye klima dezòd nan santvil Okap. Nan menm moman an, plis pase 2 mil senpatizan Fanmi Lavalas te defile selon pakou ki te negosye ak lapolis nan yon klima lòd ak disiplin. Men bò kote opozisyon ann yo pa t respekte modòd daprè deklarasyon Julien Frandley Denis sou Radyo Maxima dimanch 5 Oktòb nan nan maten. Se menm kote a Julien te fè konnen li akonpaye òganis dwa moun ak delege Anbasad ki vinn patisipe nan aktivite sa yo.

Evans Paul alyas K-Plim ki te fè deplasman depi Samdi 4 Oktòb la te aprouve tout anachi ti gwoup Fwon ann tap fè nan Okap nan menm moman sa a. nan yon konferans pou laprès ki te fèt nan Otèl Brise de Mer, pastè teworis Jackson Noel te fè konnen se poutèt pakou a ke lapolis te modifye ki lakòz Fwon an deside repòte manifestasyon an pou yon dat pèsonn pa konnen. Nan menm konferans sa a, Elisca Charles te lanse 2 jounen grèv jeneral nan Nò ak Nòdès pou lendi 6 ak madi 7 Oktòb 2003 plis modòd ilegal pou patizan Fwon an fè manifestasyon nenpòt lè san avèti otorite lapolis yo pou konsakre klima anachi ki te deja atenn katye Karenaj ak Tiginen nan Vil Okap. Manifestasyon Fanmi lavalas la te gen nan tèt li delege Nò a Myrtho Julien ak plizyè palmantè tankou Senatè Harry Desir, depite Nahoum Marcellus, depite James Derozin, Théodore Saintilus.

Tout ofisyèl sa yo te fè deklarasyon pou denonse konplo destabilizasyon an, fè apèl pou lapè epi renouvle angajman mouvman lavalas la pou reyalize eleksyon nan peyi a kòmsadwa anvan fen ane 2003 a. Ak anpil detèminasyon, militan Lavalas yo te voye diferan slogan pou soutni prezidan Aristide jiskaske manda 5 kan l lan bout san manke yon jou. Delege Myrtho Julien te endike pou Opozisyon la ke si yo gen anbisyon pouvwa, se nan eleksyon pou yo ale, se pa masak pou yo planifye. Daprè delege Nò a batay politik la dwe mennen sou baz yon apwòch dyalektik pou konvenk popilasyon an. Bò kote pa li direktè depatmantal PNH la, Jean-Lucien Chavannes ki t ap reponn kesyon jounalis te fè konnen ke puiske Fwon Opozisyon Nò a pa t ekri lapolis pou anonse l anilasyon manifestasyon an, PNH la ap asire sekirite manifestasyon an kanmenm.

Anfèt lapolis nasyonal te fè yon travay pwofesyonèl pou anpeche afwontman nan 2 kan yo, malgre atitid anachik manm Fwon ann. Sepandan nan plizyè pwen nan antre Vil Okap depi dimanch swa, kout wòch ak boutèy t ap tonbe pou eseye ralanti sikilasyon machin. Lendi 6 Oktòb la, plizyè ti gwoup vagabon t ap chire inifòm sou elèv lekòl, boule kawoutchou devan Lise ak Lekòl Nasyonal, voye wòch nan lekòl prive lè yo pa gen konplisite direktè makout Lekòl sa yo pou ranvwaye elèv yo. Se gran komès la ak bank Prive yo ki respekte modòd grèv Fwon an, tout ti machann ak sektè metye yo te okipe aktivite yo nòmalman. Plizyè ti gwoup ajan destabilizasyon t ap eseye kreye yon klima dezòd. Li rete nesesè pou otorite lokal yo pran tout mezi pou asire sekirite nan sikilasyon machin e pèmèt popilasyon Okap la fè nòmalman ak okipasyon yo jou Madi 7 Oktòb 2003.