24 Septembre,  2003

September 24, 2003

24 Septamn,  2003

Vol. 21 No. 28
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
PPN fikse pozisyon l

Sekretè Jeneral Pati Popilè Nasyonal la PPN) Benjamin Dupuy fikse pozisyon pati a klè jou mèkredi 10 septanm 2003 a, sou kesyon pale anpil k ap fèt nan «opozisyon » an, swadizan « Inisyativ Sosyete Sivil » ak gwo prela legliz katolik ak pwotestan sou pwoblèm amandman Konstitisyon 1987 la nan yon konferans pou laprès li te bay nan lokal pati a. Li te raple nan ki kondisyon ke konstitisyon 29 mas 1987 la te rive fèt nan yon konjonkti ki te trè konplèks, aprè depa chèf tonton makout la sou pouvwa a an 1986, Jean Claude Duvalier. Depi apre depa «Baby Doc», gen 2 sektè (boujwazi a e feyodal yo kidonk makout) nan peyi a ki fè yon alyans nan yon objektif pou kenbe sistèm lan menm jan an, kontinye plonje mas pèp la nan yon sitiyasyon mizè, soufrans ak enjistis nan marinen konplo ak yon sektè nan «kominote entènasyonal» la ki di yo se zanmi peyi Dayiti epi k ap toupizi mas pèp la anba yon lagè san yo pa di se yon gè depi anviwon 200 zan. Daprè Ben Dupuy, konstitisyon 29 mas 87 la te rive fèt lè Henry Namphy ak Williams Regala, 2 ansyen chèf Lame Dayiti a, te monte pwòp asanble konstitiyant pa yo, pou te vin akouche konstitisyon 1987 la ki chaje ak yon pakèt kontradiksyon. Yo te chwazi moun pa yo, san konsantman pèp ayisyen an tankou Reynold Georges, Emile Jonassaint, Serge Beaulieu elatriye ki te reprezante sektè makout la ak lòt eleman sektè Boujwa a.

Donk se te yon konplo byen monte pou te fè plizyè atik kont desizyon mas pèp la pou anpeche l non sèlman pran desizyon ki nan enterè l, men tou pou anpeche l chwazi gwoup moun pa l sou pouvwa a ki pou dirije l kòm sa dwa. Dirijan PPN nan te eksplike ke yo se youn nan òganizasyon ki te pale sou pwoblèm Konstitisyon 87 la: « Nou te youn nan òganizasyon ki te soulve pwoblèm amandman Konstitisyon 87 la, piske nou konnen Konstitisyon sa a chaje ak kontradiksyon. Donk, nou bat bravo pou mezi sa a, ki pran pwojè a swivan pwosedi ki prevwa nan konstitisyon 87 la pou amandman an. Nou konnen gen yon sèten «opozisyon» prefabrike k ap voye pye, rele anmwe. Yo vin ak yon seri agiman ki pa kanpe sou anyen, pou montre pwojè amandman Konstitisyon an pa konfòm. Alòs n ap mande «opozisyon» sa a èske Konstitisyon 87 la gen opsyon zewo ladan li ?» Lidè PPN nan di ke li ta renmen pou mesye «opozisyon» sa yo reponn li kesyon sa a. Ben vanse pou l di: «Fòk nou raple nan ki kondisyon Konstitisyon 87 la te fèt. pandan mesye sa yo ap kesyone lejitimite palmantè 47 lejislati a, men yo pa janm sonje kesyone lejitimite moun ki te akouche konstitisyon 87 la.» Benjamin Dupuy te fè resòti yon kontradisksyon ki egziste nan atik Konstitisyon alyans makouto/boujwa 29 mas 1987 la, : « Konstitisyon 87 la, se te reyèlman yon konpwomi ant 2 sektè sa yo depi 200 lane, ki responsab sitiyasyon degraba peyi a. Yon kontradiksyon fondamantal ke m ka fè remake, se youn nan bagay ki te dwe fè yon amandman tou nan konstitisyon an ; se kesyon referandòm nan. Atik 284-3 a aboli referandòm e nou twouve se yon konstitisyon ki apwouve pa referandòm. Donk, nesans konstitisyon 87 la aboli souverènte popilè, se yon konstitisyon ki chaje ak kontradiksyon ladan l.»

Ben Dupuy pa t bliye pase pran pawòl asistan sekretè deta pou Afè Emisferik Latino-Ameriken lan Roger Noriega te bay prezidan Konstitisyonèl ayisyen an, Jean Bertrand Aristide pou tabli sekirite nan peyi a epi an menm tan Noriega sa a di ke Etazini pa ka pran sanksyon inilateral kont Ayiti, san konsantman peyi Eta manm KARIKOM/OEA yo. Lidè PPN nan te remake: «An menm tan ke lè Zetazini di ke yo pa ka pran sanksyon oubyen dispozisyon atravè OEA kont peyi Dayiti, pou pa fwase peyi Karikòm yo, men nou konnen Lèzetazini eskpè nan pase sou tèt òganizasyon entènasyonal yo e sou tèt dwa entènasyonal yo. Se sa k te rive nan pwoblèm Irak la, lè nèg yo te bezwen al mete men sou 2e rezèv petwòl mondyal la ».

Antouka prezidan Aristide ta dwe mete kanson l nan tay li pou kontrekare tout sòt pwovokasyon sektè « opozisyon » an ki nan konplisite ak yon sektè nan « Kominote Entènasyonal » la. Fòk gouvènman an chofe machin elektoral pi plis pou rive òganize eleksyon lejislatif ak kolektivite teritoryal avan fen lane 2003 a, pou evite vid enstitisyonèl ann Ayiti epi mobilize mas pèp la vè preparasyon pou fete 200 zan endepandans peyi Dayiti, 1e janvye 2004 k ap vin la a. Si n paka fete 1e janvye 2004 la, n ap sètoblije fè yon lòt 1e janvye 1804.