17 Septembre,  2003

September 17, 2003

17 Septamn,  2003

Vol. 21 No. 27
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
15 lane apre masak St. Jean Bosco :
ki sa ki fèt ?

Onz septanm 1988 – 11 septanm 2003, sa fè 15 lane depi asayan san fwa ni lwa te boule legliz Sen Jan Bosko ki nan katye Lasalin, nan konplisite ak ansyen gwo grade fòs lame Dayiti nan epòk la, kèk gwo prela legliz katolik. Plizyè atache ak bwasa wouj te rantre nan legliz Sen Jan Bosko epi masakre yon dizèn fidèl legliz la e plizyè dizèn lòt te sòti blese ak kout manchèt, pik, kouto, revòlvè elatriye … nan moman Pè Jean Bertrand Aristide t ap selebre yon mès ki te pote non « sewòm delivrans lan ». Pè Aristide te rive sove gras ak vijilans e dilijans kèk fidèl legliz la. Legliz Sen Jan Bosko alepòk se yon kote anpil anpil fidèl te konn vin pou tande pawòl delivrans. Se te yon epòk kote pè Aristide te konn toujou preche tewoloji liberasyon, nan kontèks politik peyi Dayiti te twouve l. Ansyen prèt la, Jean Bertrand Aristide ki toujou ap motive epi mobilize mas pèp ayisyen an, pou fè yo konnen yo se yon fòs pou konbat tout fòm vyolans ak abitrè, pou patisipe tou nan tout desizyon k ap pran kont oswa anfavè peyi a, non sèlman pou kwape fòs makout ki pa vle mas pèp la evolye nan tout dimansyon li, men tou pou anpeche fòs gwo peyi enperyalis yo fè va sou tè Dessalines nan. Brèf, se sa k fè pèp ayisyen an te pran desten l an men, nan eleksyon 1990 yo kote mas pèp la te eli pè Jean Bertrand Aristide prezidan peyi Dayiti ak yon pousantaj 67%.

Depi lè sa a mas pèp ayisyen an monte lesyèl pa do… ki vin abouti ak yon koudeta militè ki ranvèse prezidan Aristide sou pouvwa a, voye l al nan kanpe lwen. Fòs fè nwa sa yo, alyans makouto/boujwa te bay lame dayiti gwo lajan pou te kapote Aristide sou pouvwa a ann Ayiti. Pèp ayisyen an ki toujou ap mennen yon lit san pran souf, pou l ta jwenn ti mòso lasante, edikasyon, lojman, ti mòso lamanjay, sekirite, jistis, travay, ti mòso tè pou travay elatriye twouve yo nan yon sitiyasyon ki vin pi difisil toujou, sitou lò yo mete yon ambago enjis sou do pèp ayisyen an, pou fè l peye frekansite l poutèt li te chwazi gwoup moun ki pou dirije l yo. Anpil obsèvatè ap poze tèt yo kesyon èske pèp ayisyen an ap rive reyisi ak plizyè latriye revandikasyon yo ki jis tout bon vre ? 15 lane aprè masak Sen Jan Bosko a, ki sa ki fèt pou jistis blayi sou zak kriminèl sa yo ?

Nan kad afè sa a, jij Bernard St. Vil ki chaje dosye a, te tande 3 moun jou lendi 8 septanm lan. Se lidè TKL Sen Jan Bosko a, Paul Raymond ak 2 lòt moun : Sony Lefort ak Elita Natélus, 2 viktim masak sila a. Lidè TKL la Paul Raymond denonse lantè lajistis ayisyèn ap fè nan tretman dosye a, reklame arestasyon ansyen majistra Pòtoprens lan Franck Romain ak 2 ansyen jeneral defen « lame Dayiti » a Williams Régala ak konpayèl li Henry Namphy pou kounye la a k ap viv an repiblik Dominikèn, pou vin reponn kesyon lajistis ayisyèn nan enplikasyon yo nan masak Sen Jan Bosko a. Lidè TKL la Paul Raymond envite otorite jidisyè yo pou bay siy jistis an favè viktim masak Sen Jan Bosko yo ak pou Antoine Izméry ke yo te asasinen nan dat 11 septanm 1993, sanble dat 11 septanm sa a se dat madichon pou mas pèp ayisyen an ak mas peyi Chili tou kote lame Pinochet ak èd CIA te touye Salvador Allende 11 septanm 1973. Lidè TKL la Paul Raymond deklare bouwo masak yo toujou la ap toupizi pèp ayisyen an, ki jwenn sipò sektè « kominote Entènasyonal » la. Kontèks manifestasyon òganizasyon popilè yo fèt nan moman swadizan peyi zanmi peyi Dayiti yo mete yon anbago sou do mas pèp la, ki te fin chwazi moun ki pou dirije l nan eleksyon 21 me ak 26 novanm 2000 yo ki te sipèvize pa OEA ki te di nan yon premye tan, ke eleksyon yo te byen pase, epi kèk jou pita yo pete kokenn, ki vin kreye yon swadizan « kriz » elektoral nan peyi a. Kote gwoup Konvèjans lan ak swadizan « sosyete sivil » la ap reklame depa prezidan konstitisyonèl la, Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a, nan moman pèp ayisyen an ap prepare l pou fete 200 zan endepandans peyi Dayiti, 1e janvye 2004 k ap vini la a. Eske se pa menm lit la k ap kontinye ala diferans ke se moun pèp la te chwazi ki sou pouvwa a, e sa irite plis ankò reprezantan klas dominant la, tankou Konvèjans lan, gwoup « 184 » André Apaid la, « inisyativ  sosyete sivil » Rosny Desroches ke Lafrans sot kouwone. « Fwon Opozisyon » Nò restavèk meriken Jean Robert Lalanne nan Karavàn dezespwa, « Inyon Patriyotik » (IP), Grey Rebu a elatriye. Youn nan responsab Ti Komite Legliz Sen Jan Bosco yo Paul Raymond ki t ap denonse gwoup sa yo, pase men pran kèk gwo prela legliz katolik li bay responsab tribilasyon, mizè ak soufrans mas pòv yo ann Ayiti. Paul Raymond t ap site non konplis yo : « 15 lane aprè, masakre yo ; kriminèl yo te mache sou moun. Yo vin pi vyolan paske aparèy jistis la malad jouk nan zo. 15 lane aprè yo te fè anpil lòt masak an 1988 – 2003, te gen François Wolf Ligondé, Franck Romain, Williams Régala, Henry Namphy elatriye ki te konplote masak 11 septanm 88 la. 15 lane aprè, jodi a nou genyen Maurice Lafortune, swadizan monsenyè Guire Poulard, André Apaid, Rosny Desroches, Evèk Louis Kebreau, Colimon, François Gayot, 15 lane aprè, masakrè yo vin pi awogan, pi asasen, pi kriyèl elatriye… Si tèlman yo mechan, san pèp la tache sou soutàn yo, sou levit yo ak nan tout kò yo. Kote yo touye moun nan Pènal, Laskawobas, Beladè, Tigwav, nan Site Solèy, Lasalin, Boule mache pèp la, boule Pelig, boule Materyèl CNE elatriye .. oo ala mechan yo kriminèl machann peyi sa yo mechan ». Pòt pawòl jenès pouvwa popilè a (JPP) René Civil lanse yon mesaj solanèl bay mesye Konvèjans yo, gwoup « 184 » la ak branch ame « opozisyon » an k ap simen dèy nan popilasyon Plato Santral la pou yo sispann itilize vyolans kont mas pèp la. René Civil te fè konnen : « se nan dyalòg, lapè ak tèt ansanm … ann itilize manifestasyon pasifik, pou nou kontre kare tout moun ki vle fè opsyon zewo,pou tout moun ki vle tounen ak lame Dayiti. Pou kont tout moun ki vle fè koudeta anndan sosyete aysiyèn nan, paske koudeta fè nou pèdi plizyè frè ak sè n ki t ap lite pou chanjman peyi Dayiti ». Pou Jean Robert Pierre Louis, youn nan responsab mouvman TKL Sen Jan Bosko yo, li te ekpslike nan ki sikonstans asayan yo te boule legliz Sen Jan Bosko a : « 11 septanm 1988 – 11 septanm 2003, 15 lane aprè viktim legliz Sen Jan Bosko yo vini devan palè Jistis la. Pou nou mande jistis ak reparasyon, nou tou pwofite pou n di legliz la te boule, paske asasen yo, fòs anti chanjman yo pat dakò ak pawòl limyè a, pawòl renmen an, ak pawòl delivrans lan. Jodi a, nou vin retire chapo n byen ba devan kadav Antoine Isméry ki te mouri 11 septanm 1993 se te jis pou kòz sa a tou, li te mouri e viktim yo vin eksprime atachman yo ak solidarite yo bay prezidan Aristide, pou tèt l ap kontinye sou menm vwa ki te koz legliz la te boule a ». Bò kote pa yo, kòdonatè nasyonal Fondasyon 30 septanm lan, Lovensky Pierre Antoine kore demach dirijan TKL yo, ak Gwoup rezistans Fò Nasyonal pou Demokrasi a (GREFONADEM) te òganize yon sitin tou nan menm okazyon an, sou plas viktim yo devan palè nasyonal ki se kay pèp la. Kote yo mande gwoup « 184 » la « sosyete sivil » la pou debloke peyi a ak « kriz » fabrike a ke yo mete sou do pèp la. Lovensky Pierre Antoine te pale nan non Fondasyon 30 septanm : « Mwen panse e m kwè fò k mobilizasyon an kontinye menm, nou fè l nan Fondasyon 30 septanm chak mèkredi. Mwen panse viktim Sen Jan Bosko yo enplike nan menm demach sa yo. Paske yo menm ki te viktim 11 septanm 1988, yo tounen viktim ankò pandan koudeta a, kite lakoz plis 3 mil moun te mouri. Kote chèf militè nan epòk la, tnakou Raoul Cédras, Philippe Biamby ki nan kanpe lwen nan peyi Panama dwe tounen vin jije, alòs chèf bann paramilitè yo tankou Emmanuel Toto Constant ak Louis Jodel Chamblain manm FRAPH ki refijye Ozetazini, yo dwe ekstrade yo vin jije na peyi Dayiti».

Donk fas ak achanman moun sa yo, pou mete pèp la sou kote mobilizasyon an dwe kontinye nèt al kole pou ranfòse disiplin pou fè fas non sèlman ak tout evantyalite, men pou denonse yon sètèn près tankou Radyo Metwopòl, Karayib, Kiskeya, Tele Ayiti elatriye k ap vire lòlòj moun. Konsa pou 30 septanm k ap vin la a Pati Popilè Nasyonal (PPN) fè apèl ak tout baz li, tout OP elatriye nan yon kokenn mobilizasyon. Rasanbleman a 10 zè tapan nan maten sou Plas Itali sou Bisantnè. «Bay kou bliye/pote mak sonje» «Koudeta 1991 lan te fè 5000 viktim! Pati Popilè Nasyonal (PPN) mande pèp la desann sou beton an pou : denonse alyans makouto/boujwa Konvèjans ki bezwen reprann pouvwa nan koudeta ! Denonse karavàn dezespwa Gwoup « 184 » yo ! Denonse « Kominote Entènasyonal » la, ak OEA ki vle pase konstitisyon peyi a anba pye ! epi denonse teworis « opozisyon » an k ap simen dèy. « Nou pap mawon ankò ! wè pa wè n ap fete 2004, sinon n ap fè yon lòt 1804 ».