« Militant politik » Regwoupman « Patriyotik » pou renouvonasyonal la madan Judie C. Roy te parèt jou jedi 4 septanm 2003 a, pou yon dezyèm fwa devan kabinè enstriksyon jij Jean Séant Fleury pou reponn kesyon lajistis sou chaj ki tonbe sou do l, kòm moun k ap fè konplo kont sirte enteryè leta. Dirijan regwoupman REPAREN nan te vini ak lòt kanmarad « politik » li yo : Joseph Chavannes, Joseph Jeantel ak Réveau Adler ki jwenn arestasyon yo jou 14 jiyè 2003 a ansanm ak Madan Roy. Odisyon an dire anviwon twa zèd tan kote jij enstriksyon an te tande prezime teworis yo grenn pa grenn, yon fason pou fè limyè sou plizyè dout zak vyolans k ap fèt nan peyi a, tankou bra ame « opozisyon » an k ap frape nan Pènal, Laskawobas ki bay tèt yo non « Fòs Pwoteksyon Sitwayèn » ki deja simen dèy nan plizyè fanmi nan popilasyon ayisyèn nan. Pandan Madan Judie C. Roy t ap reponn kesyon jounalis sou plizyè akizasyon ki pote kont li, li te presize l ap mennen yon batay « pasifik » kont pouvwa Lavalas la, ki daprè li k ap mennen peyi a nan move pò. Madan Roy voye jete tout enplikasyon l nan divès zak vyolans yo ki fèt anndan peyi a : « Mwen pa yon moun ki parèt sou sèn politik la konsa tankou se dlo ki bwote m desann, mwen se yon pwodui mouvman popilè a menm jan ak mouvman Lavalas la. Se depi 1986 n ap travay pou yon chanjman veritab nan peyi Dayiti. Nou deside chwazi yon fason pou nou goumen. Konplo kont sirte enteryè leta, m pa konn kisa yo rele konplo a. Nan sa ki konsène m, mwen ap toujou batay pou m leve defi a… E tout sa m ap fè, mwen toujou fè li ouvètman ».
Donk, aktivis politik Judie C. Roy prezante tèt li klè sou batay li di l ap mennen pou rive kapote rejim konstitisyonèl la sou pouvwa a. Ki batay pasifik madan Roy ap mennen an, pandan lapolis te jwenn zam, minisyon ak mayo « Fòs pwoteksyon Sitwayèn » jou ki te 7 me 2003 a nan yon kay madan m nan konn opere Delma 60 ? Mèt Joseph Rigaud Duplan ki ofisyèlman se avoka ki reprezante prezime teworis Judie C. Roy nan zafè sa a, kalifye akizasyon yo pote kont kliyan li an kòm yon dwòl akizasyon ki pa kanpe sou anyen, epi l denonse afè 52 milyon dola ameriken li di lapolis te sezi nan moman arestasyon Judie C. Roy a, 14 jiyè pase a. Jij enstriksyon an, Jean Sénat Fleury te tande tou 3 konpayè l Judie C. Roy yo, youn aprè lòt, pandan 2zèd tan konsa. Pami yo, Joseph Jeantel ki se sekretè òganizasyon « REPAREN » nan te eksplike jounalis yo zafè sila a : « Bon, akizasyon ke yo pote kont nou se konplo kont la sirte de leta, se detansyon zam ilegal e lòt pale tralala. N ap di popilasyon an, rejim nan kapab arete plizyè moun, men yo pa kab arete tout moun ; yo pa kab mete tout moun nan prizon … jij Jean Senat Fleury te montre m 2 ti drapo ki make « Fòs Pwoteksyon Sitwayèn », mwen menm se premye fwa mwen wè bagay sa yo, se lè m te nan akademi militè pandan nèg yo t ap maltrete m epi yo montre mwen 2 vye fizi ».
Antouka, tankou pwovèb la di « la fimen pa janm leve san dife », ministè Enteryè, sekretèreri Deta Sekirite Piblik, PNH ak ministè Lajistis ta dwe miltiplye efò yo pou pase kòd nan kou, tout gwoup ame san fwa ni lwa ki nan sektè « opozisyon » an k ap kreye latwoublay epi k ap simen dèy nan mitan popilasyon ayisyèn nan, yon fason pou lapè kapab retabli nan peyi a pou bonjan eleksyon kapab reyalize ann Ayiti nan fen ane 2003 a.