Mackendy Jean Noel, Isidor Romuald, Almonor Guerlin, Norvelus John Mery, se non 4 ajan polis nasyonal la ki sòti viktim zak brigandaj Fron Opozisyon Nò, Okap, 30 dawou pase a. Aktivite kòlòk ak manifestasyon sa yo te ranvwaye nan wiken 23, 24 dawou pase a sou lòd direksyon depatmantal PNH la, piske Asanble Pèp Karayib la te deja tabli nan vil la. Sepandan pou wikenn 30, 31 dawou sa a, Fron Opozisyon Nò a ki gen ladan l reprezantan OPL, Inisyativ Sitwayèn, Allah, Radyo Maxima ak Modha (Mouvement Oganizasyon pou Devlopman Ayiti) te deside mete aktivite sa yo kanpe malgre entèdiskyon fòmèl lapolis ak delegasyon Nò a. Pretansyon Regwoupman dilè dwòg ak makout k ap pran pozisyon nan Fron Opozisyon an se rive deboulonnen prezidan Aristide sou pouvwa a, se konsa yon kanpay manti ak difamasyon te deklanche nan vil Okap sou radyo Maxima, Jean Robert Lalanne pòt pawòl makout ke anbasad ameriken akize nan zafè dwòg, Yves Bastien yon depòte, Eliscar Charles yon delenkan Pòt vwa OPL, Cirus Sibert yon endividi malonèt san limit, Julien Frandley Denis reyaksyonè patante k ap dirije Inisyativ Sitwayèn, moun sa yo depase tout imajinasyon e defye tout moral politik nan fè provokasyon, pwopagann, kalomni, manti ak mank respè pou otorite konstitisyonèl yo sou baz yon seri de apwòch ki mete ann avan prejije tout kalite tankou zafè moun lavil, moun andeyò. Manifestasyon moun pye blanch, manifestasyon moun santi bon. Moun ki pase nan pi gwo lekòl, lwanj pou sipè pisans lè Zetazini, kidonk yon pwopagann retrograd ki revele yon rayisans de klas kont pèp la ak tout dirijan li chwazi.
Klima dezòd ak pwovokasyon sa a, benefisye konpòtman lesegrennen otorite leta yo an patikilye komisè gouvènman, chèf delegasyon an ki pa menm gen sousi pou aplike lalwa sou ajan destabilizatè yo. Diferan sitwayen swa nan mache piblik, swa nan transpò piblik nan vil Okap ou byen nan nenpòt lòt komin nan depatman pa kache enpresyon yo sou kriz responsabilite sa a bò kote otorite yo. Yon sitiyasyon ki pèmèt Kazèk Ban di Nò Joasius Laguerre mande delege Nò a doktè Myrtho Julien èske vrèman vre li konsyan de wòl li kòm reprezantan prezidan Aristide nan depatman an. Yon entèvansyon kazèk la te fè 2 semèn avan zak briganday yo. San konte gwo fristrasyon k ap gonfle bò kote òganizasyon popilè yo ki te fin deside pou mete pwa yo nan balans lan pou kwape demach destabilizasyon an. Samdi 30 dawou a byen bonè nan maten, nan divès pwen nan 2 prensipal antre vil Okap lapolis akonpanye ak ponpye te rive voye dlo sou kawoutchou e rive retabli sikilasyon machin. Men devan temerite ak arogans ajan opsyon zero yo, entèvansyon rapid PNH la ki te disponib ak yon efektif 10 polisye konsa entèvni plizyè fwa pou fè destabilizatè yo respekte lòd entèdiksyon an ak tout eksplikasyon direksyon depatmantal PNH lan ak delegasyon Nò a te bay. Zòn Karenaj kote la meri Okap te sikjere pou aktivite yo dewoule san okenn kòdinasyon ak lòt otorite yo, lapolis te sibi anpil kout wòch ak kout boutèy. Kat polisye sòti blese, plizyè enpak katouch sou machin yo te itilize, plis 2 blese ak bal se bilan regratab ensidan sa yo ; ke Fron opozisyon te kreye ekspre pou Andre Apaid te jwenn okazyon pou fè deklarasyon tou poudre, tou pare davans kòm kwa pa gen klima pou eleksyon fèt nan peyi a. Kidonk se sèten si otorite nan Nò yo pa pran tout mezi lalwa prevwa kont ti gwoup politisyen trafikan imoral sa yo sitiyasyon sa a pral pran lòt dimansyon nan jou k ap vini yo. Nou pa kwè se san otorite yo ap tann koule nan Nò tankou nan Plato Santral pou bloke eskalad destabilizasyon an.